settings icon
share icon
Kesyon

Kijan souverènte Bondye ak volonte lèzòm travay ansanm nan sali a?

Repons


Li enposib pou nou konprann konplètman relasyon ki genyen ant souverènte Bondye a ak volonte lèzòm epi responsabilite yo. Se sèl Bondye ki vrèman konnen kijan yo travay ansanm nan plan sali a. Menm jan ak anpil lòt doktrin, sou kesyon sa a, li enpòtan anpil pou nou admèt enkapasite nou pou nou konprann relasyon nou avèk Bondye. Si nou eseye ale pi lwen pou nou konprann relasyon sa a, li ka lakòz nou mal konprann sali nou an.

Bib la klè ke Bondye konnen ki moun k’ap sove (Women 8:29; 1 Pyè 1:2). Efezyen 1:4 di nou ke Bondye te chwazi nou « anvan fondasyon mond lan. » Bib la repete sa plizyè fwa, li dekri kwayan yo kòm moun Bondye « chwazi » (Women 8:33; 11: 5; Efezyen 1:11; Kolosyen 3:12; 1) Tesalonisyen 1:4; 1 Pyè 1:2; 2:9) ak "chwazi" (Matye 24:22, 31; Mak 13:20, 27; Women 11: 7; 1 Timote 5:21; 2 Timote 2: 10; Tit 1:1; 1 Pyè 1:1). Pliske ke kwayan yo se moun Bondye mete apa pou li (Women 8:29-30; Efezyen 1:5, 11), se moun li chwazi (Women 9:11; 11:28; 2 Pyè 1:10), sali yo asire.

Bib la di tou ke nou responsab pou nou resevwa Kris la kòm Sovè nou. Tout sa nou dwe fè se kwè nan Jezi Kris la epi n’ap sove (Jan 3:16, Women 10: 9-10). Bondye konnen ki moun k’ap sove, Bondye chwazi ki moun k’ap sove, konsa nou dwe chwazi Kris la pou nou ka sove. Li enposib pou nou menm lèzòm konprann kijan twa (3) bagay sa yo travay ansanm (Women 11:33-36). Responsabilite nou an se pou nou pote levanjil la nan tout mond la (Matye 28:18-20; Travay 1:8). Se pou nou kite zafè konesans, moun chwazi yo, ak predestinasyon sou kont Bondye epi tou senpleman nou dwe obeyisan nan pataje levanjil la.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kijan souverènte Bondye ak volonte lèzòm travay ansanm nan sali a?
© Copyright Got Questions Ministries