settings icon
share icon
Kesyon

Eske bèt domestik / bèt ale nan syèl la? Eske bèt domestic / bèt gen nanm?

Repons


Bib la pa bay okenn ansèyman klè sou si bèt domestik / zannimo gen "nanm" oswa si wi ou non bèt kay ak lòt zannimo yo pral nan syèl la. Sepandan, nou ka sèvi ak prensip jeneral biblik yo pou nou wè pi klè sou sijè an. Bib la di e moun (Jenèz 2:7) e bèt yo (Jenèz 1:30; 6:17; 7:15, 22) gen "souf ki bay lavi a"; ki vle di, e moun e bèt yo se kreyati ki vivan. Diferans prensipal ant lòm ak bèt yo se ke limanite fèt nan imaj ak pòtre Bondye (Jenèz 1:26-27), pandan li pa konsa pou bèt yo. Fèt nan imaj ak pòtre Bondye vle di lòm tankou Bondye, yo gen kapasite espirityèl, ak refleksyon, emosyon, epi volonte, epi yo gen yon pati nan yo ki kontinye apre lanmò. Si bèt kay ak lòt zannimo yo gen yon "nanm" tout bon vre oswa yon aspè ki pa materyèl, li dwe fèt nan yon "kalite" ki enferyè epi diferan. Diferans sa a pètèt vle di "nanm" bèt kay ak lòt zannimo yo pa kontinye egziste apre lanmò.

Yon lòt faktè pou konsidere sè ke bèt fè pati pwosesis kreyatif Bondye nan liv Jenèz lan. Bondye te kreye bèt yo, li di yo te bon (Jenèz 1:25). Se poutèt sa a, pa gen okenn rezon pou pa ta gen bèt nan tè tounèf lan (Revelasyon 21:1). Asireman, ap gen bèt pandan Wayòm milenè a (Izayi 11:6; 65:25). Li enposib pou di asireman si kèk nan bèt sa yo ap ka bèt domestik nou te gen pandan nou sou tè an. Nou konnen Bondye jis epi lè nou rive nan syèl lan nou pral jwenn tèt nou nan yon akò total ak desizyon Li sou pwoblèm sa a, nenpòt sa l ta ye.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Eske bèt domestik / bèt ale nan syèl la? Eske bèt domestic / bèt gen nanm?
© Copyright Got Questions Ministries