settings icon
share icon
Kesyon

Kijan mwen ka vin byen ak Bondye?

Repons


Pou’ n ka vin “byen” ak Bondye, nou dwe premyèman konprann poukisa relasyon nou ak Bondye “kraze”. Se akoz de peche nou yo. "Pa gen okenn moun ki fè sa ki byen, pa menm yon sèl" (Sòm 14:3). Nou tout vire do bay kòmandman Bondye yo epi nou vin " Pèdi, tankou mouton" (Ezayi 53:6)

Chatiman nou merite pou peche nou yo se lanmò. Ezekyèl 18:4 di nou konsa "Nanm ki fè peche a, se li menm kap mouri". Men bòn nouvèl la Bondye a ki plen ak lanmou vin chache nou pou l ka delivre nou. Jezi deklare ke objektif li se te pou’l "chache sa kite te pèdi pou’l delivre yo" (Lik 19:10), e lè li te mouri sou kwa a li te declare ke objektif li a akonpli ak mo sa yo, "li fini!" (Jan 19:30)

Yon bon relasyon ak Bondye kòmanse premyèman lè w rekonèt peche’w yo, epi san ògèy konfese peche’w yo devan Bondye (Ezayi 57:15), e dezyèmman lèw pran detèminasyon pou kite peche. “Paske, lè yon moun gen konfyans tout bon nan kè l, se lè sa a Bondye fè’l gras. Romen 10:10 di konsa « Lè yon moun deklare ak bouch li devan tout moun li gen konfyans nan Bondye, se lè sa a Bondye sove li"

Repantans sa a dwe mache ak lafwa - espesyalman, lafwa ke akoz sakrifis lanmò Jezi a sou kwa a e akoz de viktwa li te genyen sou lanmo a mwen kalifye pou mwen sove. Romen 10:9 di li klè "Si ou konfese ak bouch ou ke, 'Jezi se Seyè a,' epi tou ou kwè nan kè’w ke Bondye fè’l leve soti vivan nan lanmò, ou va sove" . Anpil lòt pasaj pale de kijan li enpotan pou yon moun gen lafwa nan Jezi Kris pa ezanp Jan 20:27; Akt 16:31; Galat 2:16; 3:11, 26; ak Efezyen 2:8

Ou vin byen ak Bondye lèw rekonèt sa li fè pou ou. Li te voye Sovè a, Jezi Kris , ki te bay tèt li kòm sakrifis pou wete peche lwen’w (Jan 1:29), epi tou nan Akt 2:21 Li fè nou pwomès sa a: "Tout moun ki rele non Seyè a va sove"

Parabòl fis prodig la ke nou jwenn nan Lik 15:11-32 se yon bèl ilistrasyon de repantans ak padon . Pitit gason ki pi piti a gaspiye kado Papa’l te fè’l nan yon fason ki fè wont (vèsè 13). Lè li rekonèt peche li yo, li deside pou li retounen lakay Papa’l (vèsè 18). Li sipoze ke Papa’l patap konsidere’l kòm yon pitit gason ankò (vèsè 19), men li te panse mal. Papa a te renmen rebèl la pi plis lè li te retounen lakay li (vèsè 20). Papa a te padonnen tout sa li te fè epi fè fèt pou li (vèsè 24). Bondye bon li kenbe pwomès li, pwomès pou bay padon. "Seyè a kanpe toupre moun ki gen kè yo brize, li delivre tout moun ki gen lespri yo abati" (Sòm 34:18)

Si ou vle etabli yon relasyon ki dwat ak Bondye, men yon senp priyè. Sonje, repete priyè sa a ou nenpòt lòt priyè pa ka sove’w. Se sèlman kwayans ou nan Kris la ki ka sove’w nan peche. Lapriyè sa a se tou senpleman yon fason pou’w eksprime konfyans ou nan Bondye epi remèsye li paske li fè yon wout pou’w ka sove. “Bondye, mwen konnen ke’m peche kont ou e’m merite pinisyon. Men, Jezikri te pran pinisyon ke’m merite a ak lafwa nan li mwen kapab jwenn padon. Mwen mete tout konfyans mwen nan Li pou li ka sove’m. Mèsi pou kalite gras sa e mesi paske ou padone peche’m yo ! Amèn.

Eske enfomasyon sa te itil ou pou-w te pran desizyòn pou w asepte Kris la ? Si oui, silvouplè klike sou « Mwen asepte Kris jodi-a » nan bouton ki anba a.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kijan mwen ka vin byen ak Bondye?
© Copyright Got Questions Ministries