settings icon
share icon
Kesyon

Kisa Bib la di sou tatou ak pèse kò?

Repons


Lwa nan Ansyen Testaman yo te bay pèp Izrayèl la lòd sa, "Pa koupe kò nou pou mò yo oubyen mete make tatwaj sou nou. Mwen se SEYE a" (Levitik 19:28). Konsa, menm si kwayan jodi a pa anba lalwa Ansyen Testaman ankò (Women 10:4; Galat 3:23-25; Efezyen 2:15), lefèt te gen yon lòd kont tatou ta dwe rann nou poze kèk kesyon. Nouvo Testaman an pa di anyen sou si yon kwayan ou pa ta dwe gen tatou.

Nou gen kòmandman sa a nan 1 Pyè 3:3-4: "Nou pa bezwen fè kò nou bèl ak bagay moun ka wè, tankou lè n'ap fè anpil kwafi estraòdenè, lè n'ap mete kantite bijou an lò ak kantite rad ki koute chè sou nou. Okontrè, se sa ki nan kè nou ki tout bèlte nou, yon bèlte ki p'ap janm pase. Se pou nou gen yon karaktè dou, yon karaktè poze. Se sa ki gen valè devan Bondye." Se vre, pasaj sa a fèt pou fanm kretyen, men gen yon prensip la ki enpòtan: sè ke, nou pa ta dwe konsantre atansyon nou sou aparans ekstèn yon moun. Anpil efò fèt nan "kout peny konplike" ak "bèl rad" epi bijou, men se pa la vre bote yon fanm chita. Menm jan an tou, tatou ak pèse nan kò yo se "òneman ekstèn" epi nou ta dwe veye pou nou fè plis efò nan devlope "moun nou ye anndan," kèlkeswa sèks nou.

Nan sa ki gen rapò ak tatou ak pèse kò nou, yon bon tès t ap detèmine si ou ka onètman, ak yon bon konsyans, mande Bondye beni epi sèvi ak aktivite patikilye sa pou pwòp rezon pa Li. "Kidonk, kit ou ap manje oubyen bwè oswa kèlkeswa sa ou ap fè an, fè l pou glwa Bondye" (1 Korentyen 10:31). Nouvo Testaman an pa espesyalman pale kont tatou oubyen pèse sou kò, men tou li pa ban nou pyès rezon pou nou ta kwè Bondye ta mande nou fè tatou oswa pèse kò nou.

Yon prensip enpòtan konsènan pwoblèm Bib la pa espesyalman adrese se si gen plas pou dout konsènan si li fè Bondye plezi, donk li pi bon pou ou pa angaje ou nan aktivite sa a. Women 14:23 fè nou sonje nenpòt ki bagay ki pa soti nan lafwa se peche. Nou bezwen sonje kò nou, menm jan tou ak nanm nou, yo te jwenn delivrans epi yo se pou Bondye. Malgre 1 Korentyen 6:19-20 pa aplike dirèkteman pou tatou yo ak pèse kò nou, li ban nou yon prensip: "Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k'ap viv nan kè nou, Sentespri Bondye te ban nou an? Nou pa mèt tèt nou ankò. Bondye achte nou kach, li peye chè pou sa. Se poutèt sa, sèvi ak kò nou yon jan pou fè lwanj Bondye." Gwo verite sa a ta dwe gen yon gwo enpak sou sa nou fè ak ki kote nou ale ak kò nou. Si kò nou fè pati Bondye, nou ta dwe asire nou gen "pèmisyon" Li alè anvan nou "make l" ak tatou oswa pèse l.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa Bib la di sou tatou ak pèse kò?
© Copyright Got Questions Ministries