settings icon
share icon
Kesyon

Èske moun ki nan syèl la gade anba epi wè nou ki sou tè a toujou?

Repons


Gen kèk moun ki wè nan Ebre 12:1 lide ke moun nan syèl la ka gade anba ak wè nou: "Konsa, nou la nan mitan foul moun sa yo ki te moutre jan yo te gen konfyans nan Bondye...." "temwen yo" se ewo yo nan lafwa ki nan lis nan Ebre 11, ak lefèt ke nou "antoure" ak yo fè kèk kòmantatè konprann ke ewo sa yo (e petèt lòt moun) ap gade nou anba soti nan syèl la.

Lide a ke moun gade soti nan syèl la pou yo wè sa nou ap fè se yon lide ki komen nan kilti popilè. Men, otan ke nou ta renmen nosyon ke moun te genyen ki mouri y’ap gade soti nan syèl la, sa a se pa sa Ebre 12:1 anseye. Bati sou Ebre 11, otè a kòmanse dekri kèk leson pratik (Se poutèt sa chapit 12 kòmanse ak "Se poutèt sa"). "Temwen yo" se moun Bondye te fè lwanj pou lafwa yo nan chapit 11, e gen yon gwo foul moun nan yo nan syèl la. Kesyon an se, nan ki fason yo "temwen"?

Entèpretasyon ki apwopriye pou Ebre 12:1 se ke mesye yo ak fanm ki fòme "gwo nwaj temwen yo" se temwen ki pwouve valè pou’n viv nan lafwa. Istwa Ansyen Testaman an bay temwayaj sou benediksyon pou chwazi lafwa sou laperèz. Si’n parafraze kòmanse nan Ebre 12:1, "Pliske nou gen anpil vre egzanp pwouve lafwa..." Se konsa, li pa ke gen moun ki nan syèl la k’ap gade nou (tankou si lavi nou sou latè si tèlman entèresan oswa yo pa gen anyen ki pi bon pou yo fè!), men ke moun ki devanse nou te mete yon egzanp ki dire lontan pou nou. Istwa lavi yo prezante temwen nan lafwa ak Bondye ak verite.

Ebre 12:1 kontinye, " Ann voye tout bagay k'ap antrave kous nou jete byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou.” Paske nan lafwa ak andirans nan kwayan ki devanse nou, nou enspire pou nou rete nan kous la pou pwòp tèt nou nan lafwa. Nou suiv egzanp Abraram ak Moyiz ak Rahab ak Jedeyon, elatriye.

Gen kèk moun ki lonje dwèt sou mesye rich la kite te mansyone frè’l yo nan Lik 16:28 kòm prèv ke nanm kite kò a (nan Sen Abraram, omwen) ka wè evènman sou latè. Sepandan, pasaj la pa janm di ke nonm rich la te kapab wè frè’l yo; li te konnen li te gen frè, e li te konnen yo te enkonveti. Epitou, gen kèk moun ki itilize Revelasyon 6:10 kòm yon tèks prèv: mati yo nan tribilasyon yo rele pou Bondye pou vanje lanmò yo. Ankò, pasaj sa a di pa gen anyen sou mati yo wè moun sou latè; li tou senpleman di ke yo te konnen yo merite jistis ak vle Seyè a pran aksyon.

Bib la pa espesyalman di ke moun ki nan syèl la pa ka gade desann sou nou, pou nou pa kapab dogmatik. Sepandan, li fasil ke yo kapab. Moun ki nan syèl la gen anpil chans preyokipe ak lòt bagay tankou adore Bondye ak jwi glwa ki nan syèl la.

Kit moun nan syèl la ka gade desann pou wè nou ou pa, nou pa kouri kous nou an pou yo. Nou pa espere pou apwobasyon yo oswa koute pou aplodisman yo. Ebre 12:2 fikse konsantrasyon nou kote li dwe: "Fikse je nou sou Jezi, pyonye a ak pèfektè lafwa." Jezi se esperans benediksyon nou, pa gen lòt (Titus 2:13).

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Èske moun ki nan syèl la gade anba epi wè nou ki sou tè a toujou?
© Copyright Got Questions Ministries