settings icon
share icon
Kesyon

Kisa teyoloji sistematik?

Repons


"Sistematik" refere a yon bagay ke yo mete nan yon sistèm. Teyoloji sistèmatik, se divizyon teologi a an plizye system ki eksplike divès pati li yo. Pran egzanp, anpil liv nan Bib la bay enfòmasyon sou zanj yo. Pa gen yon liv ki bay tout enfòmasyon sou zanj yo. Sistamatik teyoloji pran tout enfòmasyon sou zanj yo ki soti nan tout liv yo nan Bib la epi òganize li nan yon sistèm yo rele zanjoloji. Se sa ki sistematik teyolojik la—li òganize ansèyman yo nan Bib la nan yon sistèm kategorik.

Teyoloji Apwopriye oswa Pateroloji se etid sou Bondye, Papa a. Kristoloji se etid sou Bondye, Pitit la, Seyè Jezikri. Pnoumatoloji se etid sou Bondye, Sentespri a. Bibliyoloji se etid sou Bib la. Soteryoloji se etid sou sali. Eklezyoloji se etid sou legliz la. Èkatoloji se etid sou fen tan. Zanjoloji se etid zanj yo. Demonoloji Kretyen se etid sou demon ki soti nan yon pèspektiv Kretyen. Antwopoloji Kretyen se etid sou limanite ki soti nan yon pèspektiv Kretyen. Ematyoloji se etid sou peche. Systèmatik teyolojik se yon zouti enpòtan ki ede nou konprann ak anseye Bib la nan yon fason òganize.

Anplis de teyoloji sistematik, gen lòt fason ke teyoloji ka divize. Teyoloji Biblik se etid sou sèten liv (oswa liv yo) nan Bib la epi mete aksan sou diferan aspè teyolojik li konsantre sou li. Pa egzanp, Levanjil Jan an trè Kristolojik pliske li konsantre anpil sou divinite Kris la (Jan 1:1, 14;8:58; 10:30; 20:28). Teyoloji istorik se etid sou kijan doktrin legliz la Kretyen yo te devlope pandan syèk yo. Teyoloji dogmatik se etid sou doktrin sèten gwoup Kretyen ki gen doktrin sistematize—pa egzanp, teyoloji Kalvinistik ak teyoloji disposasyonèl. Teyoloji kontanporen se etid sou doktrin yo ki te devlope oswa antre nan konsantrasyon rasanbleman. Kèlkeswa metòd teyolojik ke’n etidye, sa ki enpòtan se ke’n etidye teyoloji.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa teyoloji sistematik?
© Copyright Got Questions Ministries