settings icon
share icon
Kesyon

Èske sekirite etènèl soti nan Labib?

Repons


Lè moun yo vin konnen Kris la kòm Sovè yo, sa menen yo nan yon relasyon ak Bondye ki garanti sekirite etènèl yo. Jid 24 deklare, "Pou li menm ki kapab anpeche ou tonbe epi prezante ou devan pouvwa gloriye Li an san fòt epi avèk anpil kè kontan." Pouvwa Bondye a kapab anpeche kwayan an tonbe. Sa depann de Li, non de nou, pou prezante nou devan pouvwa gloriye Li a. Sekirite etènèl lan se rezilta Bondye kap pwoteje nou, se pa nou menm kap kenbe pwòp delivrans nou.

Seyè Jezikri pwoklame, "Mwen ba yo lavi ki pap janm fini, epi yo pap janm peri;. pèsonn pa ka rache anyen ki nan men m. Papa Mwen, ki ban M yo, pi gran pase tout, pèsonn pa ka rache anyen ki nan men Papa M" (Jan 10:28-29b). Jezi ak tout Papa a kenbe nou byen fèm nan men yo. Ki moun ki ta ka wete nou nan menm e Papa e Pitit la?

Efezyen 4:30 di nou kwayan yo "sele pou jou delivrans lan." Si kwayan yo pa t gen sekirite etènèl, so a pa tap ka vrè nan jou delivrans lan, men sèlman nan jou peche, apostazi, oswa enkredilite a. Jan 3:15-16 di nou nenpòt ki moun ki va mete konfyans yo nan Jezikri pral "gen lavi etènèl." Si yon moun te rive jwenn pwomès lavi etènèl, epi pou l te pèdi l yon lè, sa tap vle di ke li pat janm "etènèl" pou kòmanse. Si sekirite etènèl pa laverite, pwomès lavi etènèl yo nan Bib la ta dwe nan manti.

Agiman ki pi pisan pou sekirite etènèl lan se Women 8:38-39, "Paske mwen konvenki ni lanmò ni lavi, ni zanj, ni move lespri yo, ni prezan an, ni tan kap vini yo, ni okenn pouvwa, ni wotè ni pwofondè, ni nenpòt lòt bagay nan tout kreyasyon Bondye an pap kapab separe nou de lanmou Bondye ki nan Jezikri, Seyè nou an." Sekirite etènèl nou an baze sou lanmou Bondye pou moun Li te delivre yo. Kris la te achte sekirite etènèl nou an, se Papa a ki te pwomèt li, e Sentespri a te poze so l sou li.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Èske sekirite etènèl soti nan Labib?
© Copyright Got Questions Ministries