settings icon
share icon
Kesyon

Ki relijyon ki pi bon pou mwen?

Repons


Restoran manje rapid yo atire atansyon nou paske yo pèmèt nou kòmande manje nou an egzakteman jan nou vle li a. Gen kèk restoran kafe ki pote non di yo gen plis pase yon sentèn gou ak varyete diferan pou kafe. Menm lè nou ap achte kay ak machin, nou chèche sa ki gen tout opsyon ak karakteristik nou vle yo. Nou pap viv nan yon mond chokola, vaniy, ak frèz ankò. Chwa a se kle! Ou ka jwenn nenpòt sa ou vle selon chwa ak bezwen pèsonèl ou.

E konsènan meyè relijyon an pou ou? Sa w panse de yon relijyon ki pap kondane w, ki pa fè okenn demand, epi li pa ak yon pakèt "fè sa" ak "pa fè sa" ki anniyan? Relijyon sa a la, jan m dekri l la. Men, èske relijyon se yon bagay yo dwe chwazi pa rapo a saw prefere ,tankou janw chwazi krèm glase?

Gen yon anpil vwa kap lite pou atansyon nou, nan ka sa poukisa yon moun ta dwe konsidere Jezi, olye de pa egzanp, Muhammad oswa Konfisiyis, Bouda, Charles Taze Russell, oswa Joseph Smith? Eske se pa tout wout ki mennen nan syèl la? Eske tout relijyon yo pa fondamantalman menm bagay la? Verite a se ke tout relijyon pa mennen nan syèl la, menm jan tout wout pa mennen Indiana.

Se sel Jezi ki gen otorite sou lanmo epi ki te konkeri lanmò. Muhammad, Konfisiyis, ak lòt moun yo ap deperi nan tonm yo jiska jounen jodi a. Men, Jezi, avèk pwòp pouvwa Li, apre ke romen yo te fin kloure li sou kwa a , te leve byen vivan soti nan lanmo. Nenpòt moun ki gen pouvwa sou lanmò merite atansyon nou. Nenpòt moun ki gen pouvwa sou lanmò merite moun tande li avek anpil atasyon.

Prèv yo ki sipòte rezirèksyon Jezi an anpil. Premyèman, te gen plis pase senk san temwen ke Kris la te leve byen vivan soti nan lanmo ! Sa se anpil temwen. Nou pa ka inyore senksan vwa. Genyen tou kesyon kavo vid la. Lènmi Jezi yo te kapab fasilman twonpe moun avèk kò yon lòt moun mouri, men pat gen yon kadav pou yo te fè sa! Kavo a te vid! Nou ta kapap di tou ke se disip yo ki te vòlè kò a? Sa tap difisil anpil, paske pou yo te anpeche sa rive, yo te mete sòlda ame ki pou te siveye kavo a seryezman. Lè nou konsidere disip ki te pi pre L yo te kouri ale lwen nan moman arestasyon ak krisifiksyon Li a, li tre difisil pou senp pechè pwason ki te tou pè sa yo ta al chèche goumen ak solda pwofesyonèl sa yo. Ni tou yo pa tap sakrifye tèt yo pou yo vin tounen yon mati, pou fwod. Reyalite se ke rezirèksyon Jezi a paka demanti!

Yon fwa ankò, nenpòt ki moun ki gen pouvwa sou lanmò merite pou yo tande’l. Jezi pwouve pouvwa Li sou lanmò; Se poutèt sa, nou dwe tande sa Li di. Jezi deklare ke Li se sèl chemen ki mennen nan delivrans (Jan 14:6). Jezi pa youn nan plizyè lot chemen; Li se sèl chemen an.

Lè sa a menm Jezi di, "Vini jwenn mwen nou tout ki fatige ak chay sou do nou, Map soulaje nou" (Matye 11:28). Mond sa a se yon mond difisil epi lavi a pa fasil. Pifò nan nou yo trè pote mak batay nou nan lavi a. Mwen panse w dakò. Donk, kisa ou vle? Yon retablisman oswa yon jis yon relijyon? Yon Sovè ki ap viv oswa youn nan plizyè "pwofèt" ki mouri? Yon relasyon ki gen sans oswa rityèl vid? Jezi se pa yon chwa, Li se sèl chwa a!

Jezi se sèl "relijyon" an si w ap chèche padon pou peche w yo (Travay 10:43). Jezi se sèl "relijyon" an si wap chèche pou yon bon relasyon avèk Bondye (Jan 10:10). Jezi se sèl "relijyon" an si wap chèche yon demè etènèl nan Syèl la (Jan 3:16). Mete konfyans nou nan Jezikri kòm Sovè ou; ou pap regrèt sa! Mete konfyans ou nan Li pou ou resevwa padon peche ou yo; ou pap wont.

Si ou vle gen yon "relasyon ki dwat" ak Bondye, men yon egzanp lapriyè. Sonje byen, repete priyè sa oubyen nenpòt lòt priyè pa pral delivre ou. Se sèlman kwè nan Kris la ki ka sove’w nan peche. Priyè sa se senpleman yon fason ou ka eksprime’w nan Bondye epi remèsye L paske L ba ou delivrans. "Bondye, mwen konnen mwen peche kont e mwen merite pinisyon. Men, Jezikri te pran pinisyon mwen merite a, pou ke atravè lafwa nan Li mwen te kapab jwenn padon. Mwen mete tout konfyans mwen nan ou pou delivrans mwen. Mèsi pou gras Ou ak padon Ou, ki se kado lavi etènèl la! amèn!"

Eske enfomasyon sa te itil ou pou-w te pran desizyòn pou w asepte Kris la ? Si oui, silvouplè klike sou « Mwen asepte Kris jodi-a » nan bouton ki anba a.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Ki relijyon ki pi bon pou mwen?
© Copyright Got Questions Ministries