settings icon
share icon
Kesyon

Kisa Bib la di sou rasis, prejidis, ak diskriminasyon?

Repons


Premye bagay nou dwe konprann nan diskisyon sa a se ke gen yon sèl ras—ras imen an. Kokazyen (blan), Afriken, Azyatiken, Endyen, Arab, ak Jwif yo pa ras diferan. Olye de sa, yo se diferan etnik nan ras imen an. Tout èt imen gen menm karakteristik fizik yo (ak kèk varyasyon minè). Sa ki pi enpòtan se ke tout èt imen kreye nan imaj ak resanblans Bondye (Jenèz 1:26-27). Bondye sitèlman renmen mond lan anpil, li te voye Jezi bay lavi’l pou nou (Jan 3:16). "Mond lan" evidamman enkli ladan tout gwoup etnik yo.

Bondye pa montre pasyalite oswa favè (Detewonòm 10:17; Travay 10:34; Women 2:11; Efezyen 6:9), epi ni nou pa ta dwe fè sa non plis. Jak 2:4 dekri moun ki fè diskriminasyon kòm "jij ak move panse." Olye de sa, nou dwe renmen vwazen nou tankou tèt nou (Jak 2:8). Nan Ansyen Testaman an, Bondye divize limanite nan de (2) gwoup "rasyal": Jwif ak moun lòt nasyon (Payen) yo, Entansyon Bondye se te pou Jwif yo te yon wayòm prèt, pou te sèvi lòt nasyon yo. Olye de sa, anpil tan, Jwif yo te fyè de sitiyasyon yo epi yo meprize moun lòt nasyon yo. Jezi Kris mete yon fen nan sa a, li detwi miray ostilite a ki te divize yo a (Efezyen 2:14). Tout fòm rasis, prejije, ak diskriminasyon se afron kont travay Kris la sou kwa a.

Jezi kòmande nou pou nou youn renmen lòt jan li renmen nou (Jan 13:34). Si Bondye san patipri epi li renmen nou ak enpasyalite, konsa tou nou bezwen renmen lòt moun ak menm estanda sa a. Jezi anseye nan Matye 25 ke tout sa nou fè pou youn nan pi piti nan frè’l yo, nou fè’l ak li. Si nou meprize yon moun, nou maltrete yon moun ki te kreye nan imaj Bondye; n’ap maltrete yon moun ke Bondye renmen epi yon moun ke Jezi te mouri pou li.

Rasis, nan divès kalite fòm ak divès degre, se yon plè sou limanite pou dè milye ane. Frè ak sè nan tout etnik, sa pa ta dwe konsa. Viktim rasis, prejije, ak diskriminasyon bezwen padon. Efezyen 4:32 deklare, "Okontrè, se pou nou aji byen yonn ak lòt, se pou nou gen bon kè yonn pou lòt, pou nou yonn padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la." Petèt rasis yo pa merite padon ou, men nou plis pa merite padon Bondye a. Moun ki pratike rasis, prejije, ak diskriminasyon bezwen repanti. "Pa lage okenn pati nan kò nou nan peche, pou peche a pa sèvi avè l' pou fè sa ki mal. Okontrè, tankou moun ki delivre anba lanmò epi k'ap viv, ann lage kò nou nan men Bondye. Wi, mete tout pati nan kò nou nan men Bondye pou l' ka sèvi ak yo pou fè sa ki byen" (Women 6:13). Se pou Galasi 3:28 reyalize nèt: "Koulye a pa gen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif, pa gen diferans ant moun ki esklav ak moun ki pa esklav, ant fanm ak gason. Nou tout nou fè yonn nan Jezikri."

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa Bib la di sou rasis, prejidis, ak diskriminasyon?
© Copyright Got Questions Ministries