settings icon
share icon
Kesyon

Kisa premilenis la ye?

Repons


Premilenis se opinyon ke dezyèm vini Kris la ap fèt anvan wayòm milenè li a, wayòm milenè a ta vle di literalman ke Kris la pral reye sou latè pou 1,000 ane. Pou’n ka konprann ak entèprete pasaj yo nan Bib la ki pale sou evènman nan fen—tan an, gen de bagay ke nou dwe byen konprann: yon metòd apwopriye pou entèprete Bib la ak distenksyon ant Izrayèl (Jwif yo) ak legliz la (tout kwayan nan Jezi Kris la).

Premyèman, yon metòd apwopriye pou entèprete Bib la egzije pou Bib la konsistan nan yon fason avèk kontèks li yo. Sa vle di ke yo dwe entèprete yon pasaj nan yon fason ki konsistan avèk odyans pasaj la te adrese lè yo te ekri li, sou sa yo ke li te ekri, ki moun ki te ekri li, elatriye. Li enpòtan pou konnen otè a, pou ki gwoup li te ekri, ak istorik chak pasaj yon moun entèprete. Anviwònman istorik ak kiltirèl pral souvan revele yon siyifikasyon kòrèk de yon pasaj. Li enpòtan tou pou’n sonje ke Ekriti (Bib la) entèprete tèt li. Sa vle di ke souvan yon pasaj ap kouvri yon topik oswa sijè ki tou adrese yon lòt kote nan Bib la. Li enpòtan pou toujou entèprete tout pasaj sa yo youn pa rapò ak lòt.

Finalman, epi sa ki pi enpòtan , pasaj yo dwe toujou itilize nòmalman ,kleman, jan li ye a a tout sans li, sof si kontèk pasaj la endike ke li se yon pasaj figiratif. Yon entèpretasyon literal pa elimine posibilite pou li ta itilize nan diskou figiratif. Olye de sa, li enpòtan pou moun k’ap entèprete Bib la pa li yon pasaj figirativman sof si li apwopriye pou kontèks sa a. Li enpòtan pou’n pa janm chache "pi fon, plis espirityèl" nan yon pasaj plis pase sa li prezante a. Espirityalize yon pasaj danjere paske li deplase baz la pou entèpretasyon egzat la nan Bib la pou fokis nan lespri lektè a. Lè sa a, pa ka gen okenn estanda objektif nan entèpretasyon; Olye de sa, Bib la vin sijè a enpresyon pwòp chak moun nan sa li vle di. 2 Pyè 1:20-21 raple nou ke "Men, anvan tout bagay, se pou nou konn sa byen: pesonn pa gen dwa pran mesaj pwofèt ki ekri nan Liv la pou li ba li sans li vle. Paske, pwofèt yo pa t' janm bay mesaj paske yo menm yo te vle. Okontrè, se Sentespri ki te pouse yo lè yo t'ap bay mesaj ki soti nan Bondye."

Aplike prensip sa yo pou entèpretasyon biblik, nou dwe wè ke pèp Izrayèl la (desandan fizik Abraram) ak legliz la (tout kwayan yo nan Nouvo Testaman an) yo se de (2) gwoup diferan. Li enpòtan pou rekonèt ke pèp Izrayèl la ak legliz la diferan paske, si nou pa konprann sa, n’ap mal entèprete Bib la. Espesyalman pasaj ki gen tandans pou’n mal intèprete yo se ki fè pwomès ak pèp Izrayèl la (tou de (2), ni sa ki rive deja ak sa ki poko rive). Pwomès sa yo pa ta dwe aplike nan legliz la. Sonje byen, kontèks la nan pasaj la ap detèmine ak ki moun li te adrese epi yo ap gide’n nan entèpretasyon ki pi kòrèk la.

Avèk konsèp sa yo nan lespri nou, nou ka gade divès kalite pasaj nan Bib la ki pwodui opinyon premilenyal la. Jenèz 12:1-3: « Seyè a di Abram konsa. Pati, kite peyi ou la. Kite tout fanmi ou. Kite kay papa ou, ale nan peyi m'a moutre ou la. M'ap ba ou anpil pitit pitit. Y'a tounen yon gwo nasyon. m'a beni ou. Y'a nonmen non ou toupatou; w'a sèvi yon benediksyon pou tout moun. M'ap voye benediksyon mwen sou tout moun ki va mande benediksyon pou ou. Men, m'ap madichonnen tout moun ki va ba ou madichon. Gremesi ou, tout nasyon sou latè va jwenn benediksyon.»

Bondye pwomèt Abraram twa (3) bagay isit la: Abraram t’ap gen anpil pitit, nasyon sa a t’ap posede ak okipe yon peyi, epi ap gen yon benediksyon inivèsèl pou tout limanite k’ap soti nan liy Abraram (Jwif yo). Nan Jenèz 15:9-17, Bondye ratifye kontra li avèk Abraram. Kijan li te fè sa, Bondye mete responsablite pou alyans lan sou tèt li. Sa vle di, pa te gen anyen Abraram te ka fè oswa pa fè ki ta anile alyans Bondye te fè a. Epitou nan pasaj sa a, yo mete limit pou peyi a ke Jwif yo ta pral evantyèlman okipe a. Pou yon lis detaye sou limit yo, gade Detewonòm 34. Lòt pasaj ki pale de pwomès peyi a se Deteronòm 30:3-5 ak Ezekyèl 20:42-44.

Nan 2 Samyèl 7:10-17, nou wè pwomès Bondye te fè wa David la. Bondye pwomèt David ke li ta pral gen anpil pitit pitit, epi pami tout desandan sa yo Bondye ta pral etabli yon wayòm pou tout tan. Sa a fè referans ak rèy Kris la pandan milenè a ak pou tout tan. Li enpòtan pou ou sonje ke pwomès sa a dwe akonpli literalman men li poko rive. Gen moun ki ta kwè ke rèy Salomon an te akonplisman literal pwofesi sa a, men gen yon pwoblèm ak sa. Jodi a pèp Izrayèl pa posede tèritwa kote Salomon te dirije a, epi Salomon pa gen okenn pouvwa sou Izrayèl jodi a. Sonje ke Bondye te pwomèt Abraram ke pitit li yo ta posede yon peyi (tè, nasyon) pou tout tan. Epitou, 2 Samyèl 7 di ke Bondye t’ap etabli yon wa k’ap rèye pou letènite. Salomon pat kapab akonpli pwomès la Bondye te fè David la. Se poutèt sa, sa a se yon pwomès ki poko rive vre.

Koulye a, ak tout sa nan tèt nou, egzamine sa ki ekri nan Revelasyon 20:1-7. Milye ane sa yo ki mansyone kontinyèlman nan pasaj sa a koresponn literalman ak 1000 ane Kris la ap reye sou tè a. Premilanyelis wè pasaj sa a dekri evenman ki gen pou rive kise akonplisman pwomès kote Kris la gen poul vin chita sou twòn David la. Bondye te fè yon alyans san kondisyon avèk tou de (2), Abraram ak David. Pyès nan alyans sa yo poko konplètman oswa rive definitivman vre. Yon rèy literal, fizikman se sèl fason ke Kris la ka akonpli alyans Bondye te pwomèt yo a.

Aplike yon metòd literal pou entèprete Bib la ap bay bon jan rezilta menm jan a leuw fin byen kole tout pyes yon puzzle,kote w vin jween yon bel tablo ki fè sans. Tout pwofesi yo nan Ansyen Testaman sou premye vini Jezi a te rive vre literalman. Se poutèt sa, nou ta dwe atann ke pwofesi konsènan retounen ke kris la gen pou retounen yon dezyèm fwa a gen poul rive menm jan an tou vre. Premilenyalis se sèl sistèm ki dakò ak yon entèpretasyon literal nan alyans Bondye a ak pwofesi sou fen tan an.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa premilenis la ye?
© Copyright Got Questions Ministries