settings icon
share icon
Kesyon

Kisa ki predestinasyon an? Èske predestinasyon biblik?

Repons


Ròm 8:29-30 di nou, "Paske, moun Bondye te konnen depi davans pou moun pa l' yo, depi davans tou li te mete yo apa pou yo te kab sanble ak Pitit li a. Konsa, Pitit sa a pase pou premye pitit nan yon bann frè. Se konsa, Bondye rele tout moun li te mete apa depi davans yo, li fè yo gras epi moun li fè gras yo, li ba yo lwanj tou." Efezyen 1:5 ak 11 deklare," Bondye te deside depi davans pou l' te adopte nou pou pitit li nan Jezikri, paske sa te fè l' plezi.... nou se moun Bondye te chwazi depi davans dapre plan li. Lè n'ap viv ansanm nan Kris la, nou resevwa pòsyon pa nou nan byen l' yo." Gen anpil moun ki ostil kont doktrin predestinasyon an. Sepandan, predestinasyon se yon doktrin biblik. Sa ki enpòtan se konprann sa predestinasyon vle di, biblikman.

Mo ki tradwi "pre destine (desten)" an nan Bib la nan referans yo nou sot mansyone anwo a soti nan mo Grèk proorizo , li vle di "detèmine davans," "òdone", "te deside davans." Se konsa, predestinasyon vle di ke Bondye detèmine kèk bagay pou rive depi avan tan an. Kisa Bondye te detèmine davans? Selon Women 8:29-30, Bondye te predetèmine ke gen kèk moun ki ta dwe konfòme epi sanble ak Pitit li a, yo dwe rele, jistifye, ak fè lwanj. Esansyèlman, Bondye predi ki moun ki pral sove. Anpil vèsè refere ak moun ki kwè nan Kris la kòm moun ki te chwazi (Matye 24:22, 31; Mak 13:20, 27; Women 8:33, 9:11, 11:5-7, 28; Efezyen 1:11; Kolosyen 3:12) ; 1 Tesalonisyen 1:4; 1 Timote 5:21; 2 Timote 2:10; Tit 1:1; 1 Pyè 1:1-2, 2:9; 2 Pyè 1:10). Predestinasyon se yon doktrin biblik ke Bondye nan souverènte li chwazi sèten moun pou yo sove.

Objeksyon ki pi komen sou doktrin predestinasyon an se ke li enjis. Poukisa pou Bondye ta chwazi kèk moun epi kite lòt moun? Bagay ki pi enpòtan pou nou sonje se ke pa gen moun ki merite pou yo ta sove. Nou tout te fè peche (Women 3:23), epi nou tout merite pinisyon ki p'ap janm fini an (Women 6:23). Kòm yon rezilta, Bondye ta dwe jisteman pèmèt nou tout pou pase yon etènite nan lanfè. Sepandan, Bondye chwazi pou sove kèk nan nou. Li pa enjis pou moun ki pa chwazi yo, paske y’ap resevwa sa yo merite. Le Bondye chwazi pou li gen pitye pou kèk moun, sa pa vle di ke li enjis ak lòt moun yo. Pèsòn pa merite anyen nan men Bondye. Se poutèt sa, pèsòn pa ka objè si li pa resevwa anyen nan men Bondye. Yon ilistrasyon pou pwouve sa, se ta tankou yon nonm owaza ki chwazi distribiye lajan bay senk (5) moun nan yon foul moun ki gen ven (20) moun. Èske kenz (15) moun ki pa te resevwa lajan yo dwe fache? Pwobableman. Èske yo gen dwa pou yo fache? Non, yo pa gen dwa sa. Poukisa? Paske nonm sa a pat dwe pyès moun lajan. Li tou senpleman deside gen pitye pou kèk moun.

Si Bondye chwazi ki moun ki sove, èske sa pa afebli volonte nou genyen pou chwazi ak kwè nan Kris la? Bib la di ke nou gen chwa a—tout moun ki kwè nan Jezi Kris la ap sove (Jan 3:16, Women 10:9-10). Bib la pa janm dekri ke Bondye rejte okenn moun ki kwè nan Li oswa vire do bay moun k’ap chache’l (Detewonòm 4:29). Konsa, nan mistè Bondye a, predestinasyon travay men-nan-men ak yon moun ki dezire pou pwoche jwenn Bondye (Jan 6:44) epi kwè nan delivrans (Women 1:16). Bondye predestine moun k’ap sove, epi nou dwe chwazi Kris la pou nou ka sove. Tou de (2) evidans yo se egalman verite. Women 11:33 pwoklame: "O, gade jan Bondye rich non! Bon konprann li, konesans li, nou pa ka sonde yo! Sa depase nou anpil. Ki moun ki ka esplike jijman Bondye? Ki moun ki konprann lide li gen nan tèt li? Jan sa ekri nan Liv la."

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa ki predestinasyon an? Èske predestinasyon biblik?
© Copyright Got Questions Ministries