settings icon
share icon
Kesyon

Èske jwe aza se yon peche? Kisaa Labib di sou sa?

Repons


Bib la pa spesyalman kondane jwèt aza, paryaj, oswa lotri. Sepandan, Bib la avèti nou pou n ret lwen lanmou lajan (1 Timote 6:10; Ebre 13:5). Bib la ankouraje nou tou pou n rete lwen tout tantativ pou n ta "vin rich rapid" (Pwovèb 13:11; 23:5; Eklezyas 5:10). Jwèt aza plis parèt konsantre sou lanmou lajan e li tante ampil moun paske l’ pwomèt richès rapid.

Ki sa ki pa bon konsènan jwe aza? Jwèt aza se yon sijè ki difisil paske menm lan kèk kondisyon li fèt ak moderasyon, li se yon gaspiyaj lajan, men li pa pou otan movè. Moun gaspiye lajan sou tout sòt aktivite. Jwe aza pa ni plis ni mwen yon gaspiyaj lajan konpare ak al nan sinema (nan anpil ka), chazi yon pla nan restoran ki chè san nesesite, oubyen achte yon bagay ki pa vo anyen. Men tou lefèt ke lajan gaspiye nan lòt bagay pa jistifye jwèt aza a. Lajan pa dwe gaspiye. Lajan moun gen anplis dwe ret konsève pou lòt bezwen pou pita oubyen kontribiye nan zèv Bondye, li pa dwe gaspiye nan jwe aza.

Byen ke Bib la pa klèman pale sou jwe aza, li pale sou kesyon "chans" lan. Kòm yon egzanm, gen tiraj osò a nan Levitik ki te fèt pou chwazi ant yon kabrit ak yon azazèl. Jozye te tire osò pou l te ka konn kijan li ta pral repati tè yo nan plizyè tribi. Neyemi te tire osò pou l te deside ki moun kab ka vin pa anndan mi Jerizalèm yo. Apot yo te tire osò pou yo te deside kilès ki ap ranplase Jida. Pwovèb 16:33 di: "Yo tire osò sou janm yo, men chak grenn desizyon soti de Seyè a."

Kisa Bib la ta di sou kazino ak lotri? Kazino itilize tout kalite pwomosyon posib pou lakoz jwè aza yo riske majorite lajan ke yo kapab. Yo konn ale menm pou yo ofri alkòl ki pa chè osinon ki gratis, sa ki ankouraje moun vin sou epi fè yo paka pran yon bon deszyon. Sistèm kazino a byen met anplas pou rantre yon gwo kantite kòb epi pa ofri anyen anretou, ekspete pou plezi ki vid epi ki ap pase. Lotri yo fè tantativ pou yo fè tèt yo parèt kòm yon mwayen pou finanse edikasyon ak pwogram sosyal. Sepandan, anpil etid ki fèt sou sa montre ke majorite moun ki patisite nan lotri yo se moun ki pi pa menm gen mwayen pou depanse nan tikè lotri. Atire moun "vin rich rapid" lan se yon tantasyon ki twòp pou reziste pou moun ki nan dezespwa yo. Chans pou yo ta genyen an trè trè piti, ki anpil fwa lakoz lavi anpil nan moun sa yo depafini.

Èske pwosesis lotri yo fè Bondye plezi? Gen anpil moun ki di yo al jwe bòlèt oswa jwèt aza pou yo ka rive fè kòb pou yo bay nan legliz la osinon pou yon lòt bon kòz. Byen ke sa te ka yon bon motif, men an reyalite se yon ti kras kantite moun ke itilize jwèt aza pou kontribiye nan zèv Bondye. Gen etid ki montre ke yon bèl kantite moun ki genyen gwo lo a nan lotri vin retrouve yo aprè kèk lane nan yon sitiyasyon finansyè ki pi mal ke jan yo te ye anvan an. Se yon ti kras kantite moun, petèt okenn menm, ki deside itilize lajan lotri yo pou yon bòn koz. Anplis, Bondye pa bezwen lajan nou pou L ka finanse misyon Li yo nan mond lan. Pwovèb 13:11 di: "Lajan ou fè fasil pa lwen fini. Lajan ou fè nan di ap toujou fè pitit." Bondye se souveren e Li ka reponn ak tout bezwen legliz yo atravè mwayen ki onèt. Èske Bondye tap ka jwenn lwanj nan resevwa yon don ki sòti nan dwòg oubyen ke yo vòlè labank? Paditou. Bondye tou pa bezwen kòb ke yo "vòlè" nan men yon moun ki pòv ke yo te tante ak yon sistèm "vin rich rapid."

1 Timote 6:10 di nou: "Paske, renmen lajan fè moun fè tout kalite bagay ki mal. Gen moun ki sitèlman anvi gen lajan, yo pèdi chemen lafwa a nèt: se pa de ti soufrans ki tonbe sou yo." Ebre 13:5 deklare: "Pa kite renmen lajan pran nanm nou. Se pou nou kontan ak sa nou genyen. Paske Bondye te di: Mwen p'ap janm vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou." Matye 6:24 di: "Pesonn pa ka sèvi byen ak de mèt an menm tan. Li gen pou l' rayi yonn si l' renmen lòt la. L'ap sèvi byen ak yonn, men l'ap meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak lajan an menm tan."

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Èske jwe aza se yon peche? Kisaa Labib di sou sa?
© Copyright Got Questions Ministries