settings icon
share icon
Kesyon

Èske tout peche egal devan Bondye?

Repons


Nan Matye 5: 21-28, Jezi egalize fe adiltè ak gen lanvi nan kè ou, epi touye moun ak gen rayi nan kè ou. Sepandan, sa pa vle di peche yo egal. Sa Jezi te ap eseye fe Farizyen yo konprann se ke peche a toujou peche menm si ou sèlman panse li san ou fè aksyon an. Lidè relijye yo nan tan Jezi a te anseye ke li te oke pou’w panse sou tout sa ou te vle, depi’w ke ou pa t 'aji sou dezi sa yo. Jezi ap fe yo reyalize ke Bondye jije panse yon moun kòm byen ke aksyon l 'yo. Jezi pwoklame ke aksyon nou yo se rezilta nan sa ki nan kè nou (Matye 12:34).

Se konsa, byenke Jezi te di ke lanvi ak adiltè yo tou de se peche, sa pa vle di yo egal. Li pi mal pou aktyèlman touye yon moun pase’w tou senpleman rayi yon moun, menm si yo tou de se peche nan je Bondye. Gen degre nan peche. Gen kèk peche ki pi mal pase lòt. An menm tan an, an konsiderasyon sou konsekans etènèl ak delivrans, tout peche se menm bagay la. Chak peche ap mennen nan kondanasyon ki p'ap janm fini an (Women 6:23). Tout peche, kelkeswa li "piti," se kont yon Bondye enfini ak etenel, e se poutèt sa yo merite yon penalite enfini ak etènèl. Anplis, pa gen okenn peche ki twò "gwo" ke Bondye pa ka padonnen li. Jezi te mouri pou peye penalite pou peche’n yo (1 Jan 2: 2). Jezi te mouri pou tout peche nou yo (2 Korentyen 5:21). Èske tout peche egal devan Bondye? Wi epi non. Nan gravite? Non. Nan penalite? Wi. Nan padon? Wi.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Èske tout peche egal devan Bondye?
© Copyright Got Questions Ministries