settings icon
share icon
Kesyon

Poukisa mwen dwe kwè nan relijyon òganize?

Repons


Diksyonè defini "relijyon" tankou "kwayans nan Bondye oswa lòt ti dye pou yo adore, anjeneral yo eksprime sa nan konduit ak seremoni; nenpòt sistèm nan kwayans, adorasyon, elatriye, souvan ki enplike yon kòd moral nan fason yo konpòte yo." Pou fè plis limyè nan definisyon sa a, Bib la pale de relijyon, men souvan bi ak enpak "relijyon" se pa yon bagay ki fè Bondye plèzi.

Nan Jenèz chapit 11, sa se petèt premye egzanp relijyon ki te òganize, pitit pitit Noye yo te òganize tèt yo ansanm pou yo bati gwo kay won Babèl la olye pou yo te obeyi lòd Bondye a pou yo te ranpli tout tè a. Yo te kwè inite yo a te pi enpòtan pase relasyon yo avèk Bondye. Bondye te antre nan mitan yo, li te konfonn lang yo, konsa Bondye te kraze relijyon sa a yo te òganize a.

Nan Egzòd chapit 6 ak lòt chapit ki vini apre yo, Bondye te "òganize" yon relijyon pou pèp Izrayèl la. Dis kòmandman yo, lwa yo konsènan tabènak la, ak sistèm sakrifis la, Bondye te etabli tout pou Izrayelit te swiv. Lè nou etidye plis nan Nouvo Testaman an li klarifye ke entansyon relijyon sa a se te nan ide pou prezante bezwen pou Sovè a, Mesi a (Galat 3, Women 7). Sepandan, gen anpil moun ki mal konprann sa epi yo adore prensip (règ) seremoni yo olye de Bondye.

Pandan tout istwa pèp Izrayèl la, anpil nan konfli Izrayelit te gen rapò ak relijyon moun te òganize. Nou ka pran egzanp yo, yo te adore Baal (Jij 6:1 Wa 18), Dagon (1 Samyèl 5), ak Molèk (2 Wa 23:10). Bondye defèt (bat) moun ki t’ap swiv relijyon sa yo. Li te montre yo souverènte li ak omnipotans (tout pouvwa) li.

Levanjil yo reprezante Farizyen yo ak Sadiseyen yo kòm moun ki te fè pati yon relijyon òganize nan tan Kris la. Jezi te toujou konfwonte yo sou fo ansèyman yo ak jan de vi ipokrizi yo t’ap mennen. Nan Epit (Lèt) yo, te genyen kèk gwoup ki te melanje levanjil la avèk lis kèk bagay ak seremoni yo. Yo menm tou yo t'ap chache mete presyon sou kwayan yo pou yo chanje epi aksepte yon "Krisyanis plis" relijyon yo. Galat ak Kolosyen ba nou avètisman sou relijyon sa yo. Daprè liv Revelasyon an, relijyon pral gen yon enpak sou mond lan lè Antikris (ènmi Kris) la etabli yon sèl relijyon nan mond la.

Nan kèk kondisyon fen rezilta relijyon se yon distraksyon pou soti nan entansyon Bondye a. Sepandan, Bib la pale de kwayan yo ki òganize yo ansanm pou fè pati plan Bondye a. Bondye rele gwoup moun sa yo "legliz" la. Deskripsyon nou jwenn nan liv Travay Apot yo ak Epit (Lèt) yo endike ke legliz la dwe òganize epi entèdepandan. Òganizasyon sa a mennen pwoteksyon, pwodiktivite, ak evanjelization (kontak ak lòt moun) (Travay 2:41-47). Nan ka legliz la, li te ka pi byen pou rele li yon "relasyon òganize."

Relijyon se esèyman lèzòm pou yo gen kominyon ak Bondye. Lafwa Kretyen an se yon relasyon ak Bondye pou sa li te fè pou nou nan sakrifis Jezi Kris la. Pa gen okenn lòt plan pou rive jwenn Bondye (Bondye te vin jwenn nou—Women 5:8). Pa gen okenn fyète (tout resevwa pa gras—Efezyen 2:8-9). Pa dwe gen okenn konfli sou lidèchip (Kris se tèt la—Kolosyen 1:18). Pa dwe gen okenn prejije (nou tout se youn nan Kris la—Galat 3:28). Pwoblèm nan se pa nan paske nou òganize. Men pwoblèm nan se lè nou fokis sou règleman yo ak pratik seremoni yo nan yon relijyon.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Poukisa mwen dwe kwè nan relijyon òganize?
© Copyright Got Questions Ministries