settings icon
share icon
Kesyon

Kisa ki nouvo syèl la ak Nouvo tè a?

Repons


Nouvo tè a se kote moun ki te kwe nan Jezikri yo pral abite pou letènite. Yo refere nouvo tè a ak nouvo syèl la pafwa kòm "eta etènèl la." Ekriti yo ban nou kèk detay sou nouvo syèl la ak nouvo tè a.

Sa gen kèk tan depi Syèl ak tè a te anba madichon Bondye akoz ke lèzòm te peche. “tout kreyasyon an ap plenn, l'ap soufri tankou yon fanm ki gen doulè tranche.” (Women 8:22) l’ap tann akonplisman plan Bondye a ak " kilè pitit Bondye yo va parèt. " (vèsè 19). Syèl la ak tè a pral pase (Mak 13:31), epi pral ranplase pa nouvo syèl yo ak nouvo tè a. Leu sa a, Seyè a, chita sou twòn li a, va di: "M’ap fè tout bagay nouvo!" (Revelasyon 21:5). Nan nouvo kreyasyon an, peche pral totalman elimine, epi "pap gen madichon ankò" (Revelasyon 22:3, NKJV).

Nouvo syèl la ak nouvo tè a mansyone nan Ezayi 65:17, Ezayi 66:22, ak 2 Pyè 3:13. Pyè di nou ke nouvo syèl la ak nouvo tè a pral "kote jistis rete." Ezayi di ke "ansyen bagay yo pa pral sonje, ni yo pa pral vin nan tèt ou." Bagay yo ap vin tou nèf ,tout bagay pase yo mete ansanm ak tristès, trajedi pral disparèt.

Nouvo tè a pral libere anba peche, le mal, maladi, soufrans ak lanmò. Li pral sanble ak tè aktyèl nou an, men san madichon peche. Tè a ap vin jan Bondye te kreyel poul te ye a . L’ap vin tankou yon jaden deden restore.

Yon gwo karakteristik sou nouvo tè a pral Nouvo Jerizalèm. Vil Sen an “ mwen wè lavil Bondye a, lòt Jerizalèm nèf lan, ki t'ap desann soti bò kot Bondye ye nan sièl la. Li te byen abiye, li te pare tankou yon lamarye ki pral kontre fiyanse li (Revelasyon 21:2). Vil gloriye, ak wout lò ak pòtay ki fèt ak bèl pyè, sitiye sou yon nouvo, glorye tè . Pyebwa lavi a ( abre de vie a ) ap la (Revelasyon 22:2). Vil sa a reprezante dènye etap de lòm rachte, pou toutan nan relasyon’ l ak Bondye: " Mwen tande yon vwa ki t'ap soti bò fòtèy la, li t'ap di byen fò: Koulye a, kay Bondye a se nan mitan moun l'ap ye. L'ap rete nan mitan yo, lèzòm ap yon pèp pou li. Se Bondye menm k'ap viv avèk yo, li va Bondye pou yo. …. Tout sèvitè yo va adore li. Y'a parèt devan l'. " (Revelasyon 21:3; 22:3–4).

Nan nouvo syèl la ak nouvo tè a, Ekriti yo di, gen sèt bagay remakab pou absans yo-sèt bagay ki "pa plis":

• pa gen lanmè ankò (Revelasyon 21:1)
• pa lanmò ankò (Revelasyon 21:4)
• pa gen dèy ankò (Revelasyon 21:4)
• pa gen kriye ankò (Revelasyon 21:4)
• pa gen doulè ankò (Revelasyon 21:4)
• pa madichon ankò (Revelasyon 22:3)
• pa gen lannwit ankò (Revelasyon 22:5)

Kreyasyon nouvo syèl la ak nouvo tè a pote pwomès ke Bondye "pral siye tout dlo nan je yo" (Revelasyon 21:4). Evènman sa a vini apre tribilasyon an, apre dezyèm vini Senyè a , apre wayòm milenè a, apre dènye rebelyon an, apre dènye jijman Satan an, epi apre Gwo Jijman fotèy Blan an.Bref deskripsyon sou nouvo syèl la ak nouvo tè a se dènye apèsi de etènite a ke Bib la bay.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa ki nouvo syèl la ak Nouvo tè a?
© Copyright Got Questions Ministries