settings icon
share icon
Kesyon

Poukisa mwen pa ta dwe komèt swisid?

Repons


Lè nou panse ak tout moun ki te fè lide pou met yon fen nan pwòp vi yo pa mwayen swisid. Si ou se moun sa yo, nan moman sa a, ou ka sou anpil emosyon, tankou santiman dezespwa. Ou ka santi ou tankou ou nan yon twou ki trè pwofon, epi ou doute gen espwa bagay yo ap vin miyò. Pa gen moun ki sanble enterese oswa konprann ki kote ou soti. Lavi a pa vo lapèn pou viv... oswa èske l vo lapenn?

Si ou pran kèk moman pou ou konsidere kite Bondye rete vrèman nan lavi ou kounye a, Li pral prouve ou jan Li vreman gran, "paske anyen pa enposib ak Bondye" (Lik 1:37). Petèt mak blese nan tan pase yo gen kòm rezilta yon sans rejè oswa abandon ki akablan. Sa ka mennen anpil chagren, kòlè, amètim, panse vanjans, oswa laperèz malsen ki te koze pwoblèm nan kèk nan relasyon ki te pi enpòtan pou ou yo.

Poukisa ou pa ta dwe komèt swisid? Zanmi, kèlkeswa jan bagay yo ye nan lavi ou, gen yon Bondye lanmou ki ap tann pou ou kite L gide ou nan tinèl dezespwa ou ye an epi soti nan limyè mèveye Li an. Li se espwa ou ka konte sou Li. Non Li se Jezi.

Jezi sa a, Pitit Bondye ki san peche a, idantifye ansanm ak ou nan tan rejè ak imilyasyon ou an. Pwofèt Ezayi te ekri sou Li nan Ezayi 53:2-6, li dekri L kòm yon moun tout moun te "meprize ak rejte". Lavi Li te plen lapenn ak soufrans. Men, lapenn li te pote yo pat pou Li; yo te pou nou. Yo te pèse, blese, ak maltrete L, tout sa akòz peche nou yo. Paske nan soufrans Li, lavi nou ka delivre e vin tout antye.

Zanmi, Jezikri andire tout bagay sa a pou ou te ka jwenn padon pou tout peche ou yo. Kèlkeswa pwa kilpabilite ou ap pote, konnen Li va padonnen ou si ou resevwa L kòm sovè ou avèk imilite. "...Rele mwen nan jou ki gen pwoblèm yo; M ap delivre ou" (Sòm 50:15). Pa gen anyen ou janm fè ki twò mal pou Jezi paka padonnen ou. Gen kèk nan grenn sèvitè L chwazi yo ki te fè gwo peche tankou touye moun (Moyiz), touye moun ak adiltè (wa David), ak abi fizik ak emosyonèl (apot Pòl). Men, yo jwenn padon ak yon nouvo lavi abondan nan Seyè a. "Se poutèt sa a, si yon moun ap viv nan Kris, li se yon kreyasyon nouvo; vye bagay yo pase, yon lòt istwa kòmanse!" (2 Korentyen 5:17).

Poukisa ou pa ta dwe komèt swisid? Zanmi, Bondye kanpe pare pou repare sa ki "pa mache," sa vle di, lavi ou gen kounya, lavi sa a ou vle fini ak swisid lan. Nan Ezayi 61:1-3, pwofèt la te ekri, "Seyè a mete m apa pou mache fè konnen bon nouvèl la bay pòv yo. Li te voye m rafèmi tout moun k ap soufri yo, proklame libète pou kaptif yo ak retire prizonye yo nan fènwa e pwoklame ane favè Seyè an ... pou konsole tout sa ki nan dèy, epi bay sa yo ki gen gwo lapenn ... pou mete sou tèt yo yon kouwòn bote olye sann dife, lwil kè kontan olye lapenn, ak yon rad lwanj olye yon lespri dezespwa a."

Vini jwenn Jezi, epi kite Li retabli kè kontan ou ak itilite ou pandan ke wap fè L konfyans pou Li kòmanse yon travay tou nèf nan lavi ou. Li pwomèt pou Li retabli kè kontan ou te pèdi an epi ba ou yon lòt lespri pou soutni ou. Kè brize ou lan gen anpil valè pou Li: "Sakrifis Bondye yo se yon lespri brize; yon kè brize ak kontri, O Bondye, ou pa pral meprize" (Sòm 51:12, 15-17).

Èske w ap aksepte Seyè a kòm Sovè ou ak Bèje ou? Li ap gide panse ou ak pa ou yo, yon jou alafwa, ak Pawòl Li ki se Bib la. "Mwen ap enstrui epi anseye ou chemen ou dwe swiv la; Mwen ap konseye ou epi veye sou ou" (Sòm 32:8). "Li pap kite anyen rive pèp la ankò. Sa k'ap toujou sove yo, se va bon konprann ak konesans Bondye ap ba yo a. Pi gwo richès yo, se krentif y'a gen pou Seyè a" (Izayi 33:6). Nan Kris la, wap toujou gen difikilte, men kounye a ou pral gen espwa. Li se "yon zanmi ki plis pwòch ou pase yon frè" (Pwovèb 18:24). Se pou gras Seyè Jezi an rete ak ou nan moman desizyon ou.

Si ou vle gen konfyans nan Jezikri kòm Sovè ou, di pawòl sa yo nan kè ou bay Bondye: "Bondye, mwen bezwen ou nan lavi mwen. Tanpri padonnen m pou tout sa mwen te fè. Mwen mete konfyans mwen nan Jezikri epi kwè Li se Sovè mwen. Tanpri netwaye mwen, geri m, epi restore kè kontan nan lavi m. Mèsi pou Lanmou Ou pou mwen ak pou Sakrifis Jezi pou mwen."

Eske enfomasyon sa te itil ou pou-w te pran desizyòn pou w asepte Kris la ? Si oui, silvouplè klike sou « Mwen asepte Kris jodi-a » nan bouton ki anba a.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Poukisa mwen pa ta dwe komèt swisid?
© Copyright Got Questions Ministries