settings icon
share icon
Kesyon

Mastibasyon – èske se yon peche dapre Bib la?

Repons


Bib la pa janm mansyone aklè oubyen fè konen si mastibasyon se yon peche ou pa. Pasaj yo plis atire atansyon nou sou li nan sa ki konsène mastibasyon an se listwa Onan nan Jenèz 38:9-10. Gen kèk moun ki entèprete pasaj sa a tankou li di "lage spèm ou" atè se yon peche. Sepandan, se pa sa pasaj lan vle di presizeman. Bondye kondane Onan non pa paske l "lage spèm li atè a," men paske Onan te refize fè devwa l pou li bay frè l yon eritye. Pasaj la pa sou mastibasyon, men pito sou ranpli yon devwa lafanmi. Yon dezyèm pasaj yo konn itilize pafwa kòm prèv pou montre mastibasyon se yon peche, se Matye 5:27-30. Jezi pale kont lide plezi lachè epi li di, "Si se men dwat ou ki fè ou peche, koupe l voye jete byen lwen ou." Pandan gen paralèl ant pasaj sa a ak mastibasyon, li pa fin klè se sou mastibasyon Jezi te ap pale.

Pandan Bib la pa di aklè okenn kote mastibasyon se yon peche, li trè klè ke aksyon ki mennen nan mastibasyon yo se peche. Mastibasyon se prèske toujou rezilta panse plezi lachè, eksitasyon seksyèl, ak/oswa imaj pònografik. Se pwoblèm sa yo nou bezwen jere. Si nou vire do bay peche ki lye ak lanvi, panse imoral, ak pònografi yo epi simonte yo, mastibasyon pap yon pwoblèm ankò. Anpil moun ap lite ak santiman koupab konsènan mastibasyon, kote an reyalite, bagay sa yo ki te mennen yo poze zak la plis merite repantans.

Gen kèk prensip biblik ki ka aplike konsènan kesyon mastibasyon an. Efezyen 5:3 deklare, "Pami nou pa dwe genyen menm yon referans imoralite seksyèl, oswa nenpòt kalite malpwòpte." Li difisil pou wè kijan mastibasyon an ta ka pase tès sa a. Bib la anseye nou, "Kidonk, kit ou ap manje oubyen ou ap bwè oswa kèlkeswa sa ou ap fè a, fè tout pou glwa Bondye" (1 Korentyen 10:31). Si ou pa kapab bay Bondye glwa pou yon bagay, ou pa ta dwe fè li. Si yon moun pa totalman gen koviksyon yon aktivite fè Bondye plezi, lè sa a li se yon peche: "Tout sa nou fè san lafwa se peche" (Women 14:23). Lòt bagay tou, nou dwe sonje kò nou te delivre e li pou Bondye. "Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k'ap viv nan kè nou, Sentespri Bondye te ban nou an? Nou pa mèt tèt nou ankò. Bondye achte nou kach, li peye chè pou sa. Se poutèt sa, sèvi ak kò nou yon jan pou fè lwanj Bondye" (1 Korentyen 6:19-20). Gwo verite sa a ta dwe gen yon gwo konsekans sou sa nou fè ak kò nou. Apati prensip sa yo, konklizyon mastibasyon se yon peche an biblik. Klèman, mastibasyon pa fè lwanj bay Bondye; li pa evite aparans imoralite an, ni li pa pase egzamen sa a ki montre Bondye se mèt kò nou.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Mastibasyon – èske se yon peche dapre Bib la?
© Copyright Got Questions Ministries