settings icon
share icon
Kesyon

Eske gen yon lavi apre lanmò?

Repons


Job t ‘ap pale pandan li nan detrès li, li mande: "èske gen lavi apre lanmò?" (Job 14:14 ) pafwa sa rive ke nou poze tèt nou menm kesyon sa a. Kisa ki rive lè nou mouri? Eske nou senpleman sispann egziste? Eske lanmò se yon pòt antre soti sou tè a? Eske tout moun ale nan menm kote apre yo fin mouri , oubyen èske nou ale nan diferan kote? Eske paradi ak lanfè egziste vre ?

Bib La di nou ke, wi, gen lavi apre lanmò. Se pa mond sa sèlman ki egziste, e Bondye te kreye limanite pou yon bagay ki plis ke sa. Lè nou mouri kò a sispann fonksyone epi li tounen pousye, men nanm moun nan kontinye viv. Tankou Li di nan Eklezyas 12: 7, Som 146:4 di: " kò nou ap tounen pousyè , kote li te soti a, e souf nou ap retounen al jwenn Bondye ki te bay li a"

Pou moun ki rachte yo epi ki jwenn padon peche yo, Bondye bayo lavi etènèl, yon egzistans tèlman gloriye , jan li ekri nan 1 korentyen 2 :9 , se yon bagay ke pyès moun poko janm wè, ni tande, e menm imajine, se sa Bondye prepare pou moun ki renmen li yo » Lavi etenèl sa a direkteman lye a Jezikri : tankou li ekri nan Jan 17 :3 : « lavi etènèl la se : pou yo konnen ou, kòm sel vrè Bondye a, ak Jezikri, ke ou te voye a" . nan pasaj sa a, Jezi di vi etènèl la se aprann konnen Bondye papa a ak Bondye pitit la, tankou li ekri nan 1 Jan 5:12." Depi ou gen Jezi nan lavi w wap gen aksè a lavi etènèl la "

Jezikri te kite glwa li nan syèl la, li te vin sou tè a ,poul te ka peye det peche nou yo epi ban nou don lavi etènèl la, tankou li te gentan pwofetize déjà nan Ezayi 53:5 « se pou peche nou yo san li te koule, se akoz mechanste nou yo ke yo te krazel anba kou konsa, chatiman kite pou nou an se sou li, li tonbe , Jezi te aksepte soufri nan plas nou pou’ l te ka sove nou”. Twa jou apre yo te fin krisifye li, Jezi te gen viktwa sou lanmò lè li leve byen vivan soti nan tonbo a. Jezi se lavi a menm ,e li se prèv final ke gen yon lavi apre lanmò. Nan Jan 11:25 Jezi di ‘‘Se mwen ki gen pouvwa resisite moun, se mwen ki bay lavi ,moun ki mete konfyans yo nan mwen ,menm si yo mouri, yo gen pou yo viv ankò.’’

Rezireksyon Kris la se yon evènman ki byen dokimante. Apre Jezi fin resisite te gen plis ke 500 moun ki te wè li (1 Korentyen 15:6). yo tout te temwanye sou rezireksyon Jezi.

Nan Jan 14:19 nou we ke Rezireksyon kris la ,ba nou asirans ke gen yon lavi apre lanmò e jan 1 Korentyen 15:12-19 di li , se sou rezireksyon Jezikri a ke lafwa kretyen yo repoze Paske Kris la leve byen vivan soti nan lanmo ,nou gen lafwa ke nou menm tou nap resisite tou yon jou. Nan Jan 14 :19 Jezi di disip li yo, “Paske mwen vivan , nou menm tou nou gen pou nou viv. ‘’ Tankou li ekri tou nan 1 korentyen 6 :14 ‘‘Kris la se premye resisite pami tout moun ki gen pou resite ak tout ko fisik yo’’ . Bondye Papa a te resisite Jezi ak tout ko li, menm jan an, tout kreyen gen po yo resisite lè Jezi retounen .

Lefèt ke gen yon lavi aprè lanmò pa vle di pou otan tout moun prale nan syèl la. Lè nou mouri nanm nou rete vivan ,e nou gen pou nou resisite yon jou ak tout ko nou. Sepandan ,Bondye fè distenksyon ant rezireksyon moun ki jis (sa vle di moun ki te gen Jezi nan lavi yo) e moun ki pa jis ( sa vle di moun ki mouri nan peche yo e ki pat janm repanti ) : nan Danyèl 12 : 2 li ekri « anpil moun ki te mouri déjà yo pral leve byen vivan anko ,gen ladan yo ki pral jwi lavi ki pap janm fini an ,gen lot ki pral wont, yo pral soufri avilisman ki pap janm fini an » , nan Akt 24:15 Paul di li nan fason sa : "Pral gen yon rezireksyon ni moun ki jis ni mechan yo".

Chak moun dwe fè yon chwa nan lavi sa a, yon chwa ki ap detèmine ki kote w pral pase etènitew. Li ekri nan Ebre 9:27 ‘‘Tout moun gen pou mouri yon fwa, apresa se jijman an’’. Jan li ekri nan Matye 25:46, Moun ki te jistifye akoz lafwa yo ke yo te mete nan Jezi destinasyon yo se pou Syèl la, kote yo pral byen viv pou tout letènite, men tout moun ki pat aksepte Kris la kom sèl sovè pèsonèl yo ,gen pou al soufri nan lanfè pou tout letènite. Lanfè tankou syèl la egziste vre. Lanfè se yon kote enjis yo pral fe eksperyans kolè Bondye pou tout letènite. Revelasyon 20:10 fè nou konnen ke lanfè a se yon lak dife, kote moun ki ladanl yo pral soufri anpil lajounen kou lannwit pou tout tan . Matye 13:42 ajoute ke nan lanfè a, pral gen anpil kriye ,anpil soufrans ak manje dan, e soufrans sa yo se pou letènite.

Tankou li ekri nan Ezekyèl 33:11 Bondye pa pran plezi nan kondanasyon mechan yo, men li vle yo repanti pou yo kapab sove. Bondye pap fose pesonn moun soumèt a li menm , si yon moun chwazi rejte Kris la, sèl sovè a, li tou rejte syèl la tou, Lavi sou tè a se yon preparasyon pou vi etènèl la. Lafwa nan Kris la ,prepare nou pou vi etènèl la, menm jan li ekri Jan 3:18 " moun ki mete konfyans yo nan pitit Bondye a pap kondane ,men moun ki pa kwè nan li yo déja kondane.’’

Tout moun gen pou fè esperyans lavi aprè lanmò a yon fason oubyen yon lot. Tout moun ki kwè nan Kris la pral pase etènite yo nan syèl avèk Bondye. Men moun ki pat Kwè nan li yo pral pase etènite yo nan lak dife a.Kijan yon moun kapap ale nan syèl epi evite lanfè ? Genyen yon sèl fason: lafwa w nan Jezi Kris. Nan Jan 11:25-26 Jezi di: ‘‘Se mwen menm ki leve moun ki mouri yo, se mwen ki bay lavi, moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri.’’

Don gratis lavi etènèl la disponib pou tout moun. Nan Jan 3:36 li ekri " Moun ki mete konfyans yo nan pitit la ,yo gen lavi ki pap janm fini an, moun ki dezobeyi pitit la, yo pap gen lavi sa a ,se kòle Bondye kap tonbe sou yo » . lè nou fin mouri , Nou pap gen yon lot chans pou nou aksepte don Sali Bondye a anko. Tankou li ekri nan 2 Korentyen 6:2 ‘‘Kounye a se moman ou kapap jwenn Sali ak delivrans.’’ 1 Pye 1:3–5 di nou konsa ‘‘Si nou aksepte sakrifis lanmò Jezikris sou lakwa kom pèman pou tout peche nou yo, epi nou kwe ke li te resisite pami mo yo, nou gentan gen garanti ke nap benefisye lavi etènèl la.’’

Si’w vle asepte Jezikri kòm sèl sovè’w, men yon senp priyè. Sonje, repete priyè sa a oubyen nenpòt lòt priyè pa ka sove’w. Se sèlman kwayans ou nan Kris la ki ka sove’w nan peche. Lapriyè sa a se senpleman se yon fason pou ou eksprime konfyans ou nan Bondye epi remèsye li paske li fe yon wout pou ou ka sove. “Bondye, mwen konnen ke’m peche kont ou e mwen merite pinisyon. Men, Jezikri te pran pinisyon ke-m merite a avek lafwa nan li mwen kapab jwenn padon. Mwen mete tout konfyans mwen nan li pou li ka sove’m. Mèsi pou mevèye gras ak padon - kado lavi ki p'ap janm fini-an! Amèn!”

Eske enfomasyon sa te itil ou pou-w te pran desizyòn pou w asepte Kris la ? Si oui, silvouplè klike sou « Mwen asepte Kris jodi-a » nan bouton ki anba a.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Eske gen yon lavi apre lanmò?
© Copyright Got Questions Ministries