settings icon
share icon
Kesyon

Èske lanfè reyèl? Èske lanfè p'ap janm fini?

Repons


Li entèresan jan ke gen yon gwo pousantaj moun ki kwè nan egzistans syèl la epi ki pa kwè nan egzistans lanfè. Selon Bib la, lanfè reyel menm jan ak syèl la. Bib la anseye byen klè ke lanfè se yon kote reyèl ke mechan / enkwayan yo prale apre lanmò. Nou tout te peche kont Bondye (Women 3:23). Pinisyon ki jis pou peche se lanmò (Women 6:23). Paske tout peche nou yo finalman se kont Bondye (Sòm 51:4), pliske Bondye se yon et enfini epi etènèl ki p'ap janm fini, pinisyon pou peche ki se lanmò, dwe tou enfini ak p'ap janm fini. Lanfè se lanmò enfini pou tout tan ke nou jwenn pou peche nou yo.

Pinisyon mechan yo ki mouri nan lanfè a dekri nan tout Bib la kòm "dife etènèl" (Matye 25:41), "dife ki p'ap janm mouri" (Matye 3:12), "wont ak mepriz pou tout tan" (Danyèl 12:2), yon kote "dife a pa mouri" (Mak 9:44-49), yon kote "touman" ak "dife" (Lik 16:23-24), "destriksyon etènèl" (2 Tesalonisyen 1:9), yon kote "lafimen touman an ap pou tout tan" (Revelasyon 14:10-11), ak yon "lak souf boule " kote mechan yo ap ye "lajounen kou lannwit pou tout tan" (Revelasyon 20:10).

Pinisyon mechan yo nan lanfè pap janm fini menmjan kontantman moun ki mache dwat devan Bondye ki nan syèl la pap janm fini. Jezi li menm endike ke pinisyon nan lanfè a p'ap janm fini menmjan ak lavi nan syèl la ki pap janm fini (Matye 25:46). Mechan an toujou anba kòlè Bondye. Moun sa yo ki nan lanfè pral rekonèt jistis pafè Bondye a (Sòm 76:10). Moun ki nan lanfè pral konnen ke pinisyon yo a se yon pinisyon ki jis e se sèl tèt yo ke yo dwe blame (Detewonòm 32:3-5). Wi, lanfè reyèl. Wi, lanfè a se yon kote touman ak pinisyon pral dire poutoutan e poutoutan, li pa gen fen. Granmesi Bondye, atravè Jezi, nou ka chape sò sa ki p'ap janm fini an (Jan 3:16, 18, 36).

English

Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Èske lanfè reyèl? Èske lanfè p'ap janm fini?
© Copyright Got Questions Ministries