settings icon
share icon
Kesyon

Èske delivrans se lafwa sèlman oubyen lafwa plis zèv ki bay li?

Repons


Sa a se petèt kesyon ki pi enpòtan nan tout teyoloji Kretyen an. Kesyon sa a ki se kòz Refòm lan, separasyon ki genyen ant legliz Pwotestan yo ak Legliz Katolik la. Kesyon sa a se yon diferans kle ant Krisyanis biblik ak pi fò nan kilt "kretyen" yo. Èske delivrans se lafwa sèlman oubyen lafwa plis zèv ki bay li? Eske m sove jis paske m kwè nan Jezi, oswa èske mwen dwe kwè nan Jezi epi fè kèk bagay?

Kesyon lafwa sèlman oubyen lafwa plis zèv vin difisil pou trete akoz kèk pasaj nan Bib lan ki difisil pou ou konsilye. Konpare Women 3:28, 5:1 ak Galat 3:24 ansanm ak Jak 2:24. Gen kèk moun ki wè yon diferans ki genyen ant Pòl (delivrans apati lafwa sèlman) ak Jak (delivrans apati lafwa plis zèv). Pòl dogmatik nan kote li di se sèl apati lafwa ou ka jwenn jistifikasyon (Efezyen 2:8-9), pandan ke Jak ta sanble di se apati lafwa plis zèv ou ka jwenn jistifikasyon. Pwoblèm aparan sa a jwenn repons li nan analiz egzak sa Jak ap pale an. Jak refize kwayans ki di yon moun ka gen lafwa san yo pa pwodwi okenn bon zèv (Jak 2:17-18). Jak mete aksan sou pwen ki di lafwa otantik nan Kris la pral pwodwi yon lavi ki chanje ak bon travay (Jak 2:20-26). Jak pa di jistifikasyon soti nan lafwa plis travay, men pito yon moun ki vrèman jistifye apati lafwa pral gen bon zèv nan lavi l. Si yon moun fè konnen li se yon kwayan men li pa gen okenn bon zèv nan lavi li, alò li gen anpil chans pou li pa genyen lafwa otantik nan Kris la (Jak 2:14, 17, 20, 26).

Pòl di menm bagay la nan lèt li yo. Bon fwi kwayan yo ta dwe gen nan lavi yo liste nan Galat 5:22-23. Touswit apre li fin di nou nou sove apati lafwa, non apati zèv (Efezyen 2:8-9), Pòl enfòme nou nou te kreye pou nou fè sa ki byen (Efezyen 2:10). Pòl espere menm jan ak Jak yon lavi chanje: "Se poutèt sa a, si yon moun ap viv nan Kris, li se yon kreyasyon nouvo; ansyen moun lan ale, tout bagay vin nèf" (2 Korentyen 5:17). Jak ak Pòl pa dakò nan ansèyman yo konsènan delivrans lan. Yo apwòche sijè an apati yon pèspektiv ki diferan. Pòl tou senpleman ensiste jistifikasyon an se apati lafwa sèlman pandan ke Jak mete aksan sou lefèt lafwa otantik nan Kris la pwodui bon zèv.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Èske delivrans se lafwa sèlman oubyen lafwa plis zèv ki bay li?
© Copyright Got Questions Ministries