settings icon
share icon
Kesyon

Kisa sa sa vle di kretyen ki fèt yon dezyèm fwa?

Repons


Kisa sa sa vle di yon kretyen ki fèt yon dezyèm fwa? Pasaj nan Bib la ki reponn kesyon sa klèman se Jan 3:1-21, kote Seyè Jezi Kris tap pale ak Nikodèm, yon farizyen ki te gen anpil enfliyans epi kite yon manm Sanedren (chèf jwif yo). Nikodèm te vin kot Jezi nan mitan lannwit pou li te poze li kelke kesyon.

Pandan Jezi tap pale ak Nikodèm, Li di, " ‘Sa m'ap di ou la a, se vre wi, pesonn pa kapab wè Peyi kote Bondye wa a si li pa fèt yon dezyèm fwa.’ Nikodèm mande ‘Ki jan yon moun ki fin granmoun ka fèt yon dezyèm fwa?’ ‘asireman li pa ka tounen nan vant manman’l, pou l fèt yon lòt fwa ankò!’ Jezi reponn ' Sa map di ou la a, se vre wi, pesonn pa ka antre nan peyi kote Bondye wa a si li pa fèt nan dlo ak nan Lespri.’ Lachè bay nesans ak lachè, men Lespri a bay nesans ak espri. Pa sezi si mwen di ou, “se pou nou fèt yon dezyèm fwa”” (Jan 3: 3-7).

"Fèt yon dezyèm fwa " vle di egzakteman "yon nesans ki soti anwo." Nikodèm te gen yon bezwen reyèl. Li te bezwen yon chanjman de kè, yon transfòmasyon espirityèl. Nouvèl nesans lan, fèt yon dezyèm fwa, se yon aksyon divin kote ke Bondye mete lavi etènèl nan moun ki kwè a (2 Korentyen 5:17; Tit 3:5; 1 Pyè 1:3; 1 Jan 2:29; 3:9; 4:7; 5:1-4, 18). Jan 1:12, 13 endike ke lè w " fèt yon dezyèm fwa" savle di tou "vin pitit Bondye" atravè lafwa ou nan non Jezi Kris la.

Lojikman kesyon ki vin nan tèt ou a se, "Poukisa yon moun bezwen fèt yon dezyèm fwa?" Apot Pòl nan Efezyen 2:1 di, "Nou menm moun Efèz, nou te mouri poutèt mechanste ak peche nou yo" . A Romen yo li te ekri, " Tout moun fè peche; yo tout vire do bay Bondye ki gen tout Pouvwa a" (Romen 3:23). Tout moun ki fè peche "mouri" espirityèlman men lè nou resevwa lavi espirityèl atravè lafwa nan Jezi Kris , Bib la di ke nou refèt ankò .

Ki jan sa sa vin fèt? Efezyen 2:8-9 deklare, "Se paske li renmen nou kifè li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan li. Sa pa soti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou. Non, nou pa fè anyen pou sa. Konsa, pesonn pa ka vante tèt yo." Lè yon moun sove, li vin fèt yon dezyèm fwa, li renouvle espirityèlman, e kounye a li gen dwa pou’l vin yon pitit Bondye atravè nouvèl nesans sa a. kwè nan Jezikri, li menm ki te peye pou peche lè Li te mouri sou kwa a, se pa mwayen sa a ou “ka fèt yon dezyèm fwa.” "Se poutèt sa, Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo kounye a!" (2 Korentyen 5:17).

Si ou toutfwa ou poko mete konfyans ou nan Seyè Jezi Kris kòm sèl sovè’w, èske’w tande Lesentespri a kap pale nan kè ou? Ou bezwen fèt yon dezyèm fwa. Èske w vle di yon priyè de repantans pou w ka vin tounen yon nouvèl kreyati nan Kris la jodi a? Jan 1:12-13 fe nou konnen "Men, sa ki te resevwa l yo, sa ki te kwè nan li yo, li ba yo pouvwa tounen pitit Bondye. Yo pa t vin pitit Bondye jan sa fèt pami lèzòm sou latè, paske sa pa’t soti nan egzijans lachè, ni nan volonte lèzòm. Se Bondye menm ki te Papa yo" .

Si w vle asepte Jezikri kòm sovè w pou vin tounen yon nouvèl kreyati, men yon senp priyè. Sonje, repete priyè sa a ou nenpòt lòt priyè pa ka sove’w. Se sèlman lafwa ou nan Kris la ki ka sove’w nan peche. Lapriyè sa a se senpleman yon fason pou’w eksprime konfyans ou nan Bondye epi remèsye li paske li fè yon wout pou’w ka sove. “Bondye, mwen konnen ke’m peche kont ou e mwen merite pinisyon. Men Jezikri te pran pinisyon ke’m merite a, atravè lafwa nan Li mwen kapab jwenn padon. Mwen resevwa padon’w ofri’m nan e mwen mete konfyans mwen na Ou pou Sovè’m. Mwen asepte Jezi kòm sovè pèsonel mwen! Mèsi pou kalite gras sa e mèsi paske ou padone peche’m yo ! Amèn.

Eske enfomasyon sa te itil ou pou-w te pran desizyòn pou w asepte Kris la ? Si oui, silvouplè klike sou « Mwen asepte Kris jodi-a » nan bouton ki anba a.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa sa sa vle di kretyen ki fèt yon dezyèm fwa?
© Copyright Got Questions Ministries