settings icon
share icon
Kesyon

Èske n’ap ka wè ak konnen zanmi nou yo ak manm fanmi nou nan syèl la?

Repons


Anpil moun di ke premye bagay yo vle fè lè yo rive nan syèl la se wè tout zanmi yo ak moun ki te chè pou yo ki te mouri avan yo. Nan letènite, pral gen anpil tan pou nou wè, konnen, ak pase tan ak zanmi nou yo ak manm fanmi nou yo. Sepandan, se pa sa ki pral fokis prensipal nou nan syèl la. Nou pral okipe ak adore Bondye ak jwi bèl bagay nan syèl la. Lè nou va jween ak moun nou te renmen yo gen plis chans pou se rakonte favè Bondye ,Glwa Bondye , pwisans li nan lavi nou, lanmou san parey li a, ak travay vanyan sòlda li yo ki priorite nou. Nou pral rejwi pi plis toujou paske nou pral fè lwanj ak adore Seyè a avek lòt kwayan, sitou sila yo nou te renmen sou tè a.

Kisa Bib la di sou si nou nou pral kapab rekonèt moun ki nan apre lavi sa’a? Wa Sayil te rekonèt Samyèl lè majisyen Endor te rele Samyèl nan domèn mò yo (1 Samyèl 28: 8-17). Lè pitit gason tibebe David la te mouri, David te deklare, "Yon jou se mwen ki gen pou ale kote l' ye a. Men li menm, li p'ap janm ka tounen vin jwenn mwen ankò" (2 Samyèl 12:23). David sipoze ke li ta kapab rekonèt pitit gason l 'nan syèl la, malgre lefèt ke li te mouri kòm yon ti bebe. Nan Lik 16: 19-31, Abraram, Laza, ak nonm rich la tout te rekonèt yonn lot apre lanmò. Nan transfigurasyon an, yo te konnen ke se te Moyiz ak Eli (Matye 17: 3-4). Nan egzanp sa yo, Bib la sanble montre ke nou pral rekonèt yonn lòt apre lanmò.

Bib la deklare ke lè nou rive nan syèl la, n’ ap "vin tankou [Jezi]; paske nou pral wè li menm jan li ye "(1 Jan 3: 2). Menm jan kò nou ye sou tè a tankou premye lom Adan , se konsa tou kò nou ap ye leu nou pral resisite tankou Kris la (1 Korentyen 15:47). "Menm jan nou te sanble ak moun ki te fèt ak tè a, konsa tou nou gen pou n' sanble ak moun ki soti nan syèl la. Paske, moun ki gen kò ki fèt pou pouri a, yo gen pou yo resevwa yon lòt kò ki p'ap ka pouri. Moun ki gen kò k'ap mouri a, yo gen pou yo resevwa yon lòt kò ki p'ap janm mouri" (1 Korentyen 15:49, 53). Anpil moun te rekonèt Jezi apre rezirèksyon li (Jan 20:16, 20; 21:12; 1 Korentyen 15: 4-7). Si Jezi te rekonèt nan kò gloriye li a, nou menm tou nou pral rekonèt nan kò glorifye nou an. N’ap kapab wè moun nou renmen yo se yon aspè gloriye nan syèl la, men syèl la se plis sou Bondye, ak mwens sou nou. Sa ki pral yon plezi se reyini ak moun nou renmen yo epi adore Bondye avèk yo pou tout letènite.

English

Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Èske n’ap ka wè ak konnen zanmi nou yo ak manm fanmi nou nan syèl la?
© Copyright Got Questions Ministries