settings icon
share icon
Kesyon

Kouman pou mwen konnen volonte Bondye pou lavi m? Ki sa Bib la di sou konnen volonte Bondye?

Repons


Li enpòtan pou n’ konnen volonte Bondye. Jezi te di vrè relasyon’L yo se moun ki konnen ak fè volonte Papa a: "Nenpòt moun ki fè volonte Bondye se frèm ak sèm ak manman’m" (Mak 3:35). Nan parabòl de pitit gason yo, Jezi reprimande chèf prèt yo ak ansyen yo pou tèt yo pat rive fè volonte Papa a; espesyalman, yo "pat repanti epi yo pat kwè" (Matye 21:32). Yon definisyon debaz sè ke volonte Bondye vle di vire do bay peche yo epi mete konfyans nou nan Kris la. Si nou pa fè premye pa a, donk nou poko aksepte volonte Bondye.

Yon fwa nou resevwa Kris nan lafwa, nou vin pitit Bondye (Jan 1:12), e Li vle mennen nou nan fason Li (Sòm 143:10). Bondye pa kache volonte Li de nou-menm; Li vle revele l. An reyalite, Li deja ban nou anpil direksyon nan Pawòl Li. Nou dwe "fè lwanj nan tout sikonstans; paske se volonte Bondye pou ou " (1 Tesalonisyen 5:18). Nou dwe fè sa ki byen (1 Pyè 2:15). Epi "se volonte Bondye ke ou dwe sanktifye ou pou Bondye: ke ou dwe evite imoralite seksyèl" (1 Tesalonisyen 4:3).

Romen 12:2 di, "Pa kondwi tet ou menm jan ak tout lot moun ki pap fè volonté Bondye. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè la fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, na ka konprann sa Bondye vle, na konnen sa ki byen, sa ki fèl plezi, sa ki bon nèt ale." Pasaj sa a fè n dekouvri yon bagay enpòtan: Pitit Bondye a refize konfòme nan mond lan epi olye de sa li deside kite Lespri a transfòme l. Pliske lespri li renouvle dapre bagay Bondye yo, donk li ka konnen volonte pafè Bondye.

Pandan nap chèche fè volonte Bondye, nou ta dwe asire nou ke sa nou ap konsidere a se pa yon bagay Bib la entèdi. Pa egzanp, Bib la entèdi vòlè; pliske Bondye te klèman pale sou sa, nou konnen li se pa volonte Li pou nou kase yon bank, nou pa menm bezwen priye sou sa. Epitou, nou ta dwe asire nou sa nou ap konsidere a glorifye Bondye epi ede nou ak lòt moun grandi espirityèlman.

Konnen volonte Bondye dèfwa difisil paske li mande pasyans. Se tou natirèl ke nou vle konnen tout volonte Bondye yon sèl kou, men se pa konsa Li travay jeneralman. Li revele nou yon etap aprè yon lòt, chak deplasman se yon etap konfyans, e sa pèmèt nou kontinye gen konfyans nan li. Sa ki enpòtan se ke, pandan ke nap rete tann plis direksyon, konsyans nou di nou sa ki bon e sa ki pa bon,si nou konnen sak bon poun fe nou pa fel sa se yon peche (Jak 4:17).

Anpil fwa, nou vle Bondye ba nou detay byen spesifik tankou ki kote pou’n al travay, ki kote pou’n abite, a ki moun pou’n marye, ki machin pou’n achte, elatriye. Bondye pèmèt nou fè chwa, e si nou lage nou nan menm Li, Li gen fason pou Li anpeche move chwa yo ( Akt 16:6-7).

Pi byen nou konnen yon moun, se plis nou konnen ki sa dezi l yo ye. Pa egzanp, yon timoun ka ap gade yon boul ki rebondi lwen nan lari an, men li pa kouri dèyè l, paske li konnen "papa’l pa tap vle m fè sa." Li pa menm bezwen mande papa l konsèy sou chak sitiyasyon patikilye; li konnen sa papa’l ap di paske li konnen papa’l. Menm a se vrè nan relasyon nou ak Bondye. Pandan ke nou mache avèk Seyè a, obeyi Pawòl Li ak depann de Lespri li, nou reyalize ke nou resevwa lespri Kris la (1 Korentyen 2:16). Nou konnen Li, e sa ede nou konnen volonte Li. Nou jwenn gid Bondye ki a dispozisyon nou. "Yon moun k'ap mache dwat ap viv san pwoblèm, paske li serye. Men, mechan yo ap tonbe nan pwòp pèlen mechanste yo" (Pwovèb 11:5).

Si nou ap mache kole kole ak Seyè a e nou vrèman dezire fè volonte Li nan lavi nou, Bondye va mete dezi Li nan kè nou. Kle a se dezire fe volonte Bondye, pa pwòp volonte nou. "Si se nan Seyè a ou pran tout plezi ou, l'a ba ou tou sa ou ta renmen" (Sòm 37:4).

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kouman pou mwen konnen volonte Bondye pou lavi m? Ki sa Bib la di sou konnen volonte Bondye?
© Copyright Got Questions Ministries