settings icon
share icon
Kesyon

Kiyès Sentespri an ye?

Repons


Gen anpil move konsepsyon sou idantite Sentespri a. Gen kèk moun ki wè Sentespri an kòm yon fòs mistik. Gen lòt ki konprann Sentespri an kòm yon pouvwa anonim Bondye mete disponib pou disip Kris yo. Ki sa Bib la di sou idantite Sentespri an? Si nou eseye senplifye l, Bib la deklare Sentespri an se Bondye. Bib la di nou tou Sentespri an se yon moun diven, yon èt ki gen lespri, emosyon, ak yon volonte.

Nan anpil Ekriti nou wè byen klè lefèt ke Sentespri an se Bondye, gen ladan l Travay 5:3-4. Nan vèsè sa a Pyè fè diskisyon ak Ananyas konsènan poukisa li te bay Sentespri an manti epi li te di L li "pat bay moun manti, men se Bondye li te bay manti." Li se yon deklarasyon klè ki fè wè bay Sentespri an manti se bay Bondye manti. Nou kapab konnen tou Sentespri an se Bondye paske Li posede karakteristik Bondye yo. Pa egzanp, Nou wè omniprezans li nan Sòm 139:7-8, "Ki kote mwen ka ale kache lwen Lespri ou? Ki kote mwen ka kouri byen lwen prezans ou? Si m ale nan syèl la, se la ou ye; si m desann nan fon lanmè, se la ou ye." Epi, nan 1 Korentyen 2:10-11, nou wè karakteristik omnisyans nan Sentespri a. "Men, Bondye te fè nou konnen l atravè Lespri li. Lespri Bondye sonde tout bagay, menm sa ki nan fon kè Bondye. Ki moun nan mitan moun ki konnen panse yon nonm eksepte lespri nonm lan ki nan li a? Menm jan an tou pa gen moun ki konnen panse Bondye yo eksepte Lespri Bondye a."

Nou ka konnen Sentespri a se yon moun diven vre paske Li posede yon lespri, emosyon, ak yon volonte. Sentespri a panse epi konnen (1 Korentyen 2:10). Sentespri a ka nan lapenn (Efezyen 4:30). Lespri Bondye a lapriyè Bondye pou nou (Women 8:26-27). Li pran desizyon dapre volonte Li (1 Korentyen 12:7-11). Sentespri a se Bondye, twazyèm moun nan Trinite an. Menm jan ak Bondye, Sentespri a ka vrèman fonksyone kòm yon Konsolatè ak yon Konseye jan Jezi te pwomèt nou Li t ap ye an (Jan 14:16, 26; 15:26).

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kiyès Sentespri an ye?
© Copyright Got Questions Ministries