settings icon
share icon
Kesyon

Kisa ki rive apre lanmò?

Repons


Nan lafwa Kretyen an, gen yon gwo konfizyon konsènan sa ki rive apre lanmò. Gen moun ki kwè apre lanmò a, tout moun "dòmi" jouk dènye jijman an, kote apre sa tout moun prale swa nan syèl oubyen nan lanfè. Gen lòt ki kwè lè moun mouri, yo jije menm kote a epi nanm yo al nan destinasyon etènèl ke yo merite a. Genyen lòt ki fè konnen lè yon moun mouri, yo voye nanm oswa lespri yo ale nan yon syèl oswa yon lanfè "tanporè," pou tann rezirèksyon final lan, jijman final lan, ak destinasyon final yo an. Kidonk, kisa egzakteman Bib la di ki rive apre lanmò?

Premyèman, pou moun ki kwè nan Jezi, Bib la di nou apre lanmò, nanm kwayan yo al nan syèl paske yo te resevwa padon pou peche yo lè yo te resevwa Kris la kòm Sovè yo (Jan 3:16, 18, 36). Pou kwayan yo, lanmò vle di "lwen kò a, epi tou pre Seyè a" (2 Korentyen 5:6-8; Filipyen 1:23). Sepandan, pasaj tankou 1 Korentyen 15:50-54 ak 1 Tesalonisyen 4:13-17 dekri kwayan ki ap resisite yo ak sa yo ki resevwa yon kò glorifye. Si kwayan yo ale jwenn Jezi tousuit apre lanmò, ki objektif rezireksyon an? Li sanble pandan nanm yo / lespri kwayan yo al jwenn Kris lan tousuit apre lanmmò, kò fizik lan rete ap dòmi nan kavo an. Nan rezirèksyon kwayan yo kò fizik la ap resisite, glorifye, epi refè yon sèl ak nanm oswa lespri an. Kò-nanm-lespri sa a ki reyini epi glorifye an pral pou kwayan yo pou letènite nan yon nouvo syèl ak yon nouvo latè (Revelasyon 21-22).

Dezyèmman, pou moun ki pa resevwa Jezikri kòm Sovè yo, lanmò vle di pinisyon etènèl. Sepandan, menm jan ak destine kwayan yo, moun ki pa konveti yo sanble ale tousuit nan yon kote ki kenbe yo pou yon ti tan tousuit apre yo mouri, pou yo ka tann rezirèksyon final la, jijman, ak desten etènèl yo. Lik 16:22-23 dekri yon nonm rich ki te ap soufri anpil tousuit apre lanmò li. Revelasyon 20:11-15 di tout moun ki mouri ki pa kwayan yo ap resisite, jije devan gwo twòn blan an, epi yo ap jete yo nan letan dife a. Moun ki pa konveti yo, lè sa a, yo pap voye yo nan lanfè (letan dife a) imedyatman apre lanmò yo, men pito nan yon kote tanporè pou jijman ak kondanasyon. Sepandan, menm si enkonvèti yo pa al imedyatman nan letan dife a, sò imedya yo apre lanmò pa yon yon bèl bagay. Nonm rich la te pran rele: "Mwen menm mwen nan agoni nan flanm dife sa a" (Lik 16:24).

Se poutèt sa, apre lanmò, yon moun abite nan yon syèl oswa yon lanfè "tanporè." Apre espas tanporè sa a, nan rezirèksyon final lan, destine etènèl yon moun pap chanje. "Kote" egzak destine etènèl sa a, se sa ki chanje. Kwayan yo pral finalman jwenn gras pou yo antre nan nouvo syèl yo ak nouvo tè a (Revelasyon 21:1). Moun kip a konvèti yo pral finalman ale nan letan dife a (Revelasyon 20:11-15). Sa yo se destinasyon final ak etènèl pou tout moun – ki baze antyèman sou si yo te mete konfyans yo nan Jezikri sèlman osinon si yo pat deside fè sa pou delivrans yo (Matye 25:46; Jan 3:36).

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa ki rive apre lanmò?
© Copyright Got Questions Ministries