settings icon
share icon
Kesyon

Ki sa kado pale nan lang la ye?

Repons


Premye ka pale nan lang yo te rive nan jou Lapannkòt la nan Travay 2:1-4. Apot yo te soti al pataje levanjil la bay foul la, e yo tap pale ak pèp la nan lang pa yo: “Nou tande yo ap deklare mèvèy Bondye nan lang pa nou!” (Travay 2:11). Mo Grèk pou lang literalman vle di “langaj”. Konsa, don pale nan lang lan vle di pale nan yon lang ke yon moun pa konnen pou pèmèt yon lòt moun ki konn lang sa tande mesaj la. Nan 1 Korentyen chapit 12-14, Paul pale konsènan don mirak yo konsa a: “M'ap mande nou kichòy, frè m' yo: Si m' vin lakay nou, kisa pou sa fè pou nou si m' pale langaj? Sa p'ap sèvi nou anyen. Men, si m' ban nou yon revelasyon, yon konesans, yon mesaj ki soti nan Bondye, osinon si mwen moutre nou kichòy, se sa k'ap sèvi nou” (1 Korentyen 14:6). Selon Apot Pòl, epi nan yon akò avèk langaj ki dekri nan Liv Travay la, pale nan lang gen anpil valè pou moun kap tande mesaj la nan pwòp lang pa li a, men li pa vo anyen pou lòt moun ki pa pale lang sa amwenske yo ta entèprete/tradui l pou li.

Yon moun ki gen don entèprete langaj (1 Korentyen 12:30) ka konprann yon moun kap pale nan lang menm si li pat janm te konn lang sa ditou. Entèprèt lang lan lè sa a ap entèprete mesaj la bay lòt moun yo, konsa tout moun kab konprann. “Se sak fè, lè yon moun ap pale langaj, se pou l' mande Bondye don pou l' ka esplike sans mo yo” (1 Korentyen 14:13). Pòl bay yon gwo konklizyon sou langaj ki pat entèprete yo: “Men, nan mitan legliz la, mwen pito di senk ti mo tout moun ka konprann pou lòt yo ka grandi nan konfyans yo tou pase pou m' di yon pakèt mo nan langaj” (1 Korentyen 14:19).

Èske don pale nan lang lan pou jodya tou? 1 Korentyen 13:8 mansyone ke don lang lan te kanpe, byen ke li lye kanpe a ak rive “pafè” a nan 1 Korentyen 13:10. Gen moun ki montre yon diferans nan vèb Grèk yo ki itilize “sou wout sispann” pou refere a pwofesi ak konesans yo, epi itilize “yo tap sispann” pou refere a lang yo kòm yon evidans ke lang yo te sou wout sispann anvan rive “pafè” a. Kwake sa posib, men li pa twò klè nan tèks la. Gen lòt tou ki fè remake kèk pasaj tankou Ezayi 28:11 ak Jowèl 2:28-29 kòm yon evidans ke pale lang lan se te yon siy ki te montre ke Bondye gen pou L vin jije limanite. Selon 1 Korentyen 14:22 pale nan lang lan se te yon “siy pou sa ki pa kwayan yo”. Selon agiman sa a, don pale lang lan se te yon avètisman ke Bondye te voye bay pèp Jwif la pou Li te di yo ke Li ap vin jije sa yo ki rejte Jezikri kòm Mesi a. Konsa lè Bondye te pou tout bon jije Izrayèl (atravè vil Jerizalèm ke Women yo te detwi nan lane 70 aprè Kris la), don pale lang lan te vin pa sèvi objektif li a ankò. Byen ke opinyon sa posib, objektif akonplisman pale lang lan pa nesesèman vle di li sispann. Bib la pa konfime ke don pale lang lan te sispann.

An menm tan an, si don pale lang lan te toujou aktif jounen jodya nan legliz la, li tap nan akò ak Pawòl la. Li tap yon langaj reyèl epi konpreyansib (1 Korentyen 14:10). Li tap gen kòm objektif kominike mesaj pawòl Bondye ak yon moun ki pale yon lòt lang (Travay 2:6-12). Li tap nan akò ak kòmandman Bondye te bay atravè apot Pòl: “Si gen moun k'ap pale langaj, fòk gen de ou twa pa plis, epi yonn apre lòt. Se pou gen yon moun tou k'ap esplike sa y'ap di a. Si pa gen moun ki pou bay esplikasyon, se pou moun k'ap pale langaj yo tou reziyen yo pe bouch yo nan asanble a. Y'a pale pou kont yo nan kè yo ak Bondye” (1 Korentyen 14:27-28). Li tap nan akò ak 1 Korentyen 14:33, “Paske, Bondye pa rele nou pou nou viv nan fè dezòd, men li rele nou pou nou viv ak kè poze. Tankou sa fèt nan tout legliz pèp Bondye a”.

Bonbye ka definitivman bay yon moun don pale nan lang pou Li ka pèmèt li fè mesaj Li pase bay yon moun ki pale yon lòt lang. Sentespri a souveren nan distribisyon don espirityèl yo (1 Korentyen 12:11). Jis eseye imajine koman travay misyonè yo tap pwodiktif si yo pat bezwen ale nan yon lekòl pou yo al aprann pale yon lòt lang, epi yo te kab imedyatman ka pale ak lòt moun nan lang pa yo. Sepandan, ta sanble Bondye pa ap fè sa kounye a. Pale nan lang lan pa sanble li rive jodya nan menm fason li te konn abitye rive nan Nouvo Testaman an, byen ke sa tap vrèman itil. Majorite kwayan ki pote non di ke yo ap pratike don pale nan lang lan pa sanble yo an akò ak pasaj yo nan Bib yo ke nou sot site yo. Tout fè sa yo fè nou konkli ke don pale nan lang lan sispann, oswa Bondye itilize l trè raman nan plan L pou legliz jodya.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Ki sa kado pale nan lang la ye?
© Copyright Got Questions Ministries