settings icon
share icon
Kesyon

Èske kado mirakile Lespri a egziste jodi a?

Repons


Premyèman, li enpòtan pou nou rekonèt ke sa a se pa yon kesyon de si wi ou non Bondye toujou fè mirak jodi a. Se ta yon foli epi yon bagay ki pa biblik si nou ta di Bondye pa geri moun, pale ak moun, epi fè mirak ak bèl mèvèy jodi a. Kesyon an se si kado Sentespri Bondye a ke nou jwenn dekri sitou nan 1 Korent 12-14 la toujou aktif nan legliz la jodi a. epi tou sa se pa yon kesyon de èske Sentespri a ka bay yon moun yon kado (yon bagay li pat panse ak li). Kesyon an se si Sentespri a toujou fè mirak jodi a. Anplis de sa, nou konnen ke Sentespri a lib pou li bay kado selon volonte li (1 Korent 12:7-11).

Nan liv Travay la ak Epit yo, pi fò mirak yo te fèt pa apot yo ak asosye ki te pwòch yo. Pòl di nou pou ki rezon sa te fèt konsa nan 2 Korent 12:12: « Avèk anpil pasyans, Bondye fè nou wè kont siy, kont mirak, kont bèl bagay ki rive nan mitan nou, tou sa pou ban nou prèv se yon apòt mwen ye.» Si tout moun ki kwè nan Kris la te gen kapasite pou fè siy, ak mirak, konsa li t’ap difisil pou yon moun te idantifye apot yo paske fè siy, ak mirak te fason moun te ka idantifye vrèman ke yo se yon apot. Travay 2:22 di nou ke Jezi te gen « pouvwa » pou fè « mirak, bèl bagay ak siy.» Menm jan an tou, apot yo te gen “pouvwa” sa a kite sèvi kòm evidans ke mesaj yo a te otantik li te soti nan Bondye, apot yo te gen kapasite pou yo te fè mirak. Travay 14:3 di nou ke mesaj levanjil la te « konfime » ak mirak Pòl ak Banabas te fè.

1 Korent chapit 12-14 fokis sou sijè kado Lespri Bondye a. Daprè tèks sa a, li ta sanble ke kèk nan Kretyen « òdinè oubyen moun ki pat apot yo » yo te konn resevwa kado Sentespri kèk fwa pou fè mirak (12: 8-10, 28-30). Yo pa di nou èske sa se te yon bagay ki te konn pase souvan. Daprè sa nou sot aprann nan tèks anlè a, apot yo te « make » paske yo te gen pouvwa pou yo te fè siy ak bèl bagay. Li ta sanble ke gen kèk « fidèl » nan Kretyen yo ki te resevwa kado Sentespri a, sa a se te yon eksepsyon, se pa yon bagay ki te fèt pou tout Kretyen yo. Apre apot yo ak moun ki te pwòch apot yo, Nouvo Testaman an pa dekri okenn lòt kote gen moun ki gen pouvwa pou fè mirak oubyen kite resevwa Lespri Bondye a pou fè mirak.

Li enpòtan tou pou nou reyalize ke premye Kretyen yo pat gen tout Bib la, jan nou genyen li jodi a (2 Timote 3:16-17). Se poutèt sa, don pou yo pwofetize, konesans, bon konprann, elatriye, yo te nesesè pou premye Kretyen yo te ka konnen ki sa Bondye te bezwen pou yo fè. Kado pou pwofetize te pèmèt kwayan yo kominike verite a ak revelasyon yo te jwenn nan men Bondye. Koulye a pliske Bondye revele tout pawòl li yo nan Bib la, konsa nou pa bezwen kado pou “pwofetize” ankò, yo pa nesesè ankò, omwen nou pa gen nesesite pou yo a menm jan yo te ye nan Nouvo Testaman an.

Bondye toujou geri moun chak jou mirakilezman. Bondye toujou pale ak nou jodi a, nou kapab tande vwa li, oubyen nan lespri nou, oswa nan fason ke nou santi nou. Bondye toujou fè mirak ki fè moun sezi, li fè siy, ak bèl bagay pafwa li itilize kèk Kretyen pou fè mirak sa yo. Sepandan, bagay sa yo pa nesesèman vle di ke yo se kado Sentespri a. Premye objektif kado Sentespri a se te pou pwouve ke levanjil la te vre epi apot yo se te vrèman mesaje Bondye. Bib la pa di klè si moun pa resevwa kado Sentespri a ankò, men li fè konnen pou kisa yo gen dwa pa ta ka rive menm jan sa te konn fèt jan sa ekri nan Nouvo Testaman an.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Èske kado mirakile Lespri a egziste jodi a?
© Copyright Got Questions Ministries