settings icon
share icon
Kesyon

Yon fwa ou sove ou tou sove nèt?

Repons


Eske yon fwa yon moun sove li tou sove nèt? Lè moun yo vin konnen Kris la kòm Sovè yo, yo te antre nan yon relasyon ak Bondye ki garanti delivrans yo kòm etènèlman an sekirite. Anpil pasaj ki ekri nan Labib la deklare reyalite sa a.

(a) Women 8:30 deklare, "Se konsa, Bondye rele tout moun li te mete apa depi davans yo, li fè yo gras epi moun li fè gras yo, li ba yo lwanj tou." Vèsè sa a di nou apati moman Bondye chwazi nou an, se kòmsi nou glorifye nan prezans Li nan syèl la. Pa gen anyen ki ka anpeche yon kwayan glorifye yon jou paske Bondye te getan fè plan sa nan syèl la. Yon fwa yon moun jistifye, delivrans li garanti, li an sekirite paske li gentan glorigye nan syèl la.

(b) Pòl poze de kesyon enpòtan nan Women 8:33-34 "Ki moun ki va akize moun Bondye chwazi yo? Pesonn. Paske se Bondye menm ki fè yo gras! Ki moun ki kab kondannen yo? Pesonn. Paske Jezikri te mouri. Sak pi rèd ankò, li leve soti vivan nan lanmò, epi li chita sou bò dwat Bondye." Ki moun ki pral pote yon akizasyon kont moun Bondye chwazi a? Pa gen moun ki pral fè sa, paske Kris la se avoka nou. Ki moun ki pral kondannen nou? Pa gen moun ki pral fè sa, paske Kris la, Sila a ki te mouri pou nou an, se moun ki bay kondanasyon yo. Nou gen alafwa avoka aplis jij la kòm Sovè nou.

(c) Kwayan yo fèt yon dezyèm fwa (rejenere) lè yo kwè (Jan 3:3; Tit 3:5). Pou yon kretyen ta pèdi delivrans li, li ta dwe de-rejenere. Bib la pa bay okenn prèv ki montre yo ka retire nouvo nesans lan.

(d) Sentespri a abite nan tout kwayan yo (Jan 14:17; Women 8:9) e li batize tout kwayan yo nan Kò Kris la (1 Korentyen 12:13). Pou yon kwayan ta pèdi delivrans li, li ta dwe "pa abite ankò" epi detache nan Kò Kris la.

(e) Jan 3:15 fè konen nenpòt moun ki va mete konfyans yo nan Jezikri pral "gen yon lavi etènèl." Si ou kwè nan Kris la jodi a epi gen yon lavi etènèl, men pèdi li demen, lè sa a, li pat janm "etènèl" ditou. Pakonsekan si ou pèdi delivrans ou, pwomès yon lavi etènèl nan Bib la ta dwe nan manti.

(f) Pou yon agiman ki pi definitif, mwen panse Bib la di li pi byen li menm, "Paske, mwen gen lasirans anyen pa ka fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou: ni lanmò, ni lavi, ni zanj Bondye yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, ni bagay ki la jòdi a, ni sa ki gen pou vini pita, ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki anba tè a. Non. Pa gen anyen nan tout kreyasyon Bondye a ki ka janm fè nou pèdi renmen Bondye fè nou wè nan Jezikri, Seyè nou an" (Women 8:38-39). Sonje se menm Bondye a ki te sove ou se menm Bondye a ki ap kenbe ou. Yon fwa nou te sove nou toujou sove. Delivrans nou definitivman garanti etènèlman!

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Yon fwa ou sove ou tou sove nèt?
© Copyright Got Questions Ministries