settings icon
share icon
Kesyon

Èske Bondye reyèl? Kouman mwen ka konnen pou tout bon ke Bondye reyèl?

Repons


Nou konnen ke Bondye reyèl paske Li revele tèt Li ba nou nan twa fason: Nan kreyasyon an, nan Pawòl Li, epi atravè Pitit Li Jezikri.

Prèv ki pi fondamantal de egzistans Bondye se sa Li fè yo. "Se vre wi. Depi Bondye te fin kreye tout bagay, tout moun ki egzaminen travay li yo ka konprann ki kalite moun Bondye ye, bagay nou pa ka wè ak je nou: ki vle di, jan li gen yon pouvwa ki p'ap janm fini, jan li se Bondye tout bon. Se sak fè moun sa yo pa gen eskiz menm" (Women 1:20). "Syèl la fè parèt aklè pouvwa Bondye a. Li fè wè tou sa Bondye te fè ak men l’" (Sòm 19:11).

Si ou jwenn yon mont nan mitan yon jaden, ou tap sipoze ke l jis "parèt" soti okenn kote osinon kwè ke l te toujou egziste? Lèw gad konsepsyon mont lan ou tap di gen yon moun ki fè l. Men gen pi gwo konsepsyon ak presizyon lontan nan mond ki antoure nou an. Fason nou mezire tan an pa baze sou mont, men li baze sou travay Bondye, menm jan ak wotasyon tè a sou yon baz regilye (ak pwopriyete radyo-aktif atom sezyòm-133). Linivè a demontre yon gwo konsepsyon, e sa fè panse ke gen yon Gwo Kreyatè.

Si w ta jwenn yon mesay ki kode, ou tap fè tantative pou w dekode l. Ou tap asime ke gen yon moun entilijan dèyè mesaj sa, yon moun ki kreye kòd la. Ki nivo konpleksite "kòd" DNA nou genyen nan chak selil ki nan kò nou? Èske sa pa fè panse ke gen yon Ekriven Entèlijan ki ekri kòd la?

Bondye pa sèlman kreye yon mond ki konplèks e kote tout bagay yo byen akòde; Li tou plante yon sans letènite nan kè chak grenn moun (Eklizyas 3:11). Lòm gen yon pèsepsyon natirèl ke gen lavi a gen plis bagay ladan l ke sa je nou ban nou, ke gen yon egzistans ki depase woutin nou sou tè a. Sans letèite sa a manifeste nan de fason: etablisman lwa ak adorasyon.

Chak grenn sivilizasyon atravè listwa bay anpil valè ak kèk lwa moral, sa ki enpresyonan paske li parèy pou chak kilti. Yon egzanp sè ke kesyon lanmou an se yon ideyal ki gen yon estim inivèsèl, pandan ke kesyon bay manti an se yon bagay ki kondane toupatou. Moralite komen sa a, antantman global sa a sou sa ki byen ak sa ki mal, yo tout dirije vè yon Èt Moral Siprèm ki ba nou disènman.

Menm jan an tou, moun nan kat kwen mond lan, kèlkeswa kilti yo, te toujou kiltive yon sistèm adorasyon. Objektif adorasyon an ka varye, men santiman ke gen yon "pouvwa ki pi wo" a se yon bagay lòm pake rejte lakay li. Tandans nou genyen pou n adore a lye avèk lefèt ke Bondye te kreye nou nan "pwòp imaj pa Li" (Jenèz 1:27).

Bondye te revele tèt Li ba nou tou atravè Pawòl Li ki se Labib. Atravè Pawòl la, egzistans Bondye mansyone kòm yon fè ki evidan nan li-menm (Jenèz 1:1; Egzòd 3:14). Lè yon moun ekri yon otobiyografi, li pa pèdi tan pwouve egzistans li. Menm jan an, Bondye pa pase twòp tan pwouve egzistans Li nan liv Li a. Nati Bib la a ki ka chanje lavi moun, ak entègrite l, ak tout mirak ki ekri ladan l yo ta sipoze sifi pou merite yon bon kout je.

Twazyèm fason Bondye revele tèt Li se atravè Pitit Li Jezikri (Jan 14:6-11). " Bondye potko kreye anyen, Pawòl la te la. Pawòl la te avèk Bondye. Sa Bondye te ye, se sa Pawòl la te ye tou. Pawòl la tounen moun. Li te vin viv nan mitan nou, li mennen yon lavi ki te konfòm nèt ak verite a, ak renmen nan tout kè li. Nou wè pouvwa li, se te pouvwa Bondye Papa a te bay sèl Pitit li a" (Jan 1:1; gad tou Kolosyen 2:9).

Nan lavi enpresyonan Jezi, Li te pafètman kenbe tout lwa Ansyen Testaman yo e Li te rive akonpli tout pwofesi ki te konsène Mesi a (Matye 5:17). Li te fè yon pakèt kantite zak konpasyon ak anpil mirak piblikman pou Li te pwouve ke mesaj Li a te vrè e pou L te testifye divinite Li a (Jan 21:24-25). Epitou, twa jou aprè yo te krisifye Li, Li te leve soti vivan nan lanmò, yon fè ke plizyè santèn temwen kab afime (1 Korentyen 15:6). Fè istorik yo plen ak "prèv" de Kilès Jezi ye. Kòm Apot Pòl te di, bagay sa a "pat fèt nan yon kwen" (Travay 26:26).

Nou reyalize ke ap toujou gen septik ki gen pwòp lide pa yo konsènan Bondye epi k’ap li evidans yo kòmsadwa. Apre sa, ap gen kèk lòt moun ke kèlkeswa kantite prèv yo pap janm rive konvenk (Sòm 14:1). Tout sa se jis yon kesyon lafwa (Ebre 11:6).

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Èske Bondye reyèl? Kouman mwen ka konnen pou tout bon ke Bondye reyèl?
© Copyright Got Questions Ministries