settings icon
share icon
Kesyon

Kisa ki dispansasyonalis epi èske li biblik?

Repons


Yon dispansasyon se yon fason pou òganize yon bagay—yon administrasyon, yon sistèm, oswa jesyon. Nan Teyoloji, dispansasyon se administrasyon diven an nan yon peryòd de tan; chak dispansasyon se yon laj diven de yon peryòd tan. Dispansasyonalis se yon sistèm teyolojik ki rekonèt laj sa yo ke Bondye òdone pou mete lòd nan zafè mond lan. Dispansasyonalis gen de (2) distenksyon primè: 1) yon entèpretasyon literal de Bib la, espesyalman pwofesi biblik, ak 2) yon opinyon sou ke pèp Izrayèl inik, li separe de Legliz la nan pwogram Bondye a. Dispansasyonalis yo idantifye sèt (7) dispansasyon nan plan Bondye pou limanite.

Dispansasyonalis entèprete Bib la literalman kòm pi bon fason pou’w entèprete Bib la. Entèpretasyon literal la bay chak mo siyifikasyon li ta souvan genyen nan itilizasyon li chak jou. Pèmisyon sa yo fè pou senbòl, kalite diskou, ak tip tou. Yo konprann ke menm senbòl ak pawòl senbolik gen siyifikasyon literal dèyè yo. Se konsa, pa egzanp, lè Bib la pale de "mil (1,000) ane" nan Revelasyon 20, dispansasyonalis yo entèprete li kòm yon peryòd literalman de 1,000 ane (dispansasyon an Wayòm nan), paske pa gen okenn rezon ki konvenkan pou entèprete li otreman.

Gen omwen de (2) rezon ki fè literalizis se pi bon fason pou’w konprann Bib la. Premyèman, filozofikman, objektif lang mande pou nou entèprete mo yo literalman. Bondye te bay lang pou rezon pou nou te ka kominike. Mo yo se mwayen ki pèmèt sa nou di yo gen sans. Dezyèm rezon an biblik. Chak pwofesi sou Jezikri nan Ansyen Testaman an te rive vre literalman. Nesans Jezi, ministè, lanmò, ak rezirèksyon tout te fèt egzakteman jan Ansyen Testaman an te prevwa. Pwofesi yo te literal. Pa gen okenn pwofesi mesyanik nan Nouvo Testaman an ki pat rive literalman. Opinyon sa a diskite fòtman pou metòd literal la. Si nou pa entèprete Bib la literalman, pa gen okenn estanda objektif pou nou konprann Bib la. Chak moun ta kapab entèprete Bib la jan li vle. Entèpretasyon Bib la devwale nan kisa "sa pasaj sa a di’m" olye de "Bib la di." Malerezman, sa a deja fè pati sa ki rele etid Bib la jodi a.

Teyoloji dispansasyon an anseye ke gen de (2) pèp diferan nan Bondye: pèp Izrayèl la ak Legliz la. Dispansasyonalis yo kwè ke delivrans te toujou pa favè Bondye ak lafwa sèlman—nan Bondye nan Ansyen Testaman an ak espesyalman nan Bondye, Pitit la, nan Nouvo Testaman an. Dispansasyonalis fè konnen ke Legliz la pa ranplase pèp Izrayèl la nan pwogram Bondye a epi ke pwomès Ansyen Testaman an te fè pèp Izrayèl la pa transfere bay Legliz la. Dispensasyonalis yo anseye ke pwomès Bondye te fè pèp Izrayèl la nan Ansyen Testaman an (pou peyi, anpil pitit pitit, ak benediksyon) yo pral akonpli finalman nan peryòd 1,000 ane ki pale nan Revelasyon 20 an. Dispensasyonalis yo kwè ke, menm jan Bondye se nan laj sa a konsantre atansyon li sou Legliz la, Li pral ankò nan lavni konsantre atansyon li sou pèp Izrayèl la (gade Women 9-11 ak Daniel 9:24).

Dispensasyonalis yo konprann ke Bib la òganize nan sèt (7) dispansasyon: Inosans (Jenèz 1:1-3:7), Konsyans (Jenèz 3:8-8:22), Gouvènman imen (Jenèz 9:1-11:32), Pwomès (Jenèz 12:1-Egzòd 19:25), Lwa (Egzòd 20:1-Travay 2:4), Lagras (Travay 2:4 -Revelasyon 20:3), ak Wayòm Milenyal (Revelasyon 20:4-6). Yon fwa ankò, dispansasyon sa yo pa chemen pou delivrans, men fason ke Bondye konekte ak lèzòm. Chak dispansasyon gen ladan yo yon modèl ki rekonèt fason Bondye travay ak moun k’ap viv nan dispansasyon an. Modèl sa a se 1) yon responsablite, 2) yon echèk, 3) yon jijman, ak 4) favè pou’n ka kontinye avanse.

Dispansasyonalis, kòm yon sistèm, se rezilta yon entèpretasyon premilenyal nan dezyèm vini Kris la epi anjeneral yon entèpretasyon pretribilasyonèl nan anlèvman fidèl yo. Pou rezime, dispansasyonalis se yon sistèm teyolojik ki mete aksan sou entèpretasyon literal sou pwofesi nan Bib la, yo rekonèt yon distenksyon ant pèp Izrayèl la ak Legliz la, epi òganize Bib la nan diferan dispansasyon oswa administrasyon.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa ki dispansasyonalis epi èske li biblik?
© Copyright Got Questions Ministries