settings icon
share icon
Kesyon

Ki sa Bib la di sou dinozò? Èske gen dinozò nan Bib la?

Repons


Sijè dinozò a nan Bib fè pati yon gwo deba ki ap kontinye jouk jodya nan kominote kretyèn nan sou laj latè a, meyè fason yo ka entèprete Jenèz, e ki jan yo ka esplike evidans fizik yo ki antoure yo. Moun sa yo ki kwè nan yon tè ki pi aje gen tandans dakò ke Bib la pa mansyone dinozò, paske, dapre paradigm yo, tout dinozò yo te gentan plizyè milyon lane anvan premyem nonm nan te mache sou tè a. Mesye yo ki te ekri Bib la pat kapab wè dinozò vivan.

Sa yo ki kwè nan yon tè ki pi jèn gen tandans dakò ke Bib la mansyone dinozò, byen ke li pa janm aktyèlman itilize mo "dinozò" a. Olye de sa, li itilize mo ebre tanniyn la, ki tradui nan kèk fason diferan sa ki depann de vèsyon Bib nap itilize a. Dèfwa li se "mons nan lanmè," dèfwa li se "sèpan." Li pi souvan gen tradiksyon "dragon." Tanniyn lan sanble l’ te yon reptil jeyan. Kreyati sa yo mansyone prèske trant fwa nan Ansyen Testaman an e yo te dekouvri yo e sou tè e nan dlo.

Anplis ke Bib mansyone reptil jeyan sa yo, Bib la dekri kèk bèt vivan nan yon fason tèl ke gen kèk entelektyèl ki kwè ke otè yo tap dekri dinozò. Yo konsidere ke se beyemòt la ki pi fò nan tout bèt Bondye te kreye yo, yon jeyan ki gen yon ke tankou yon pye bwa sèd (Jòb 40:15). Gen kèk entelektyèl ki eseye idantifye beyemòt la kòm yon elefan oswa yon ipopotam. Gen lòt ki fè remake ke elefan ak ipopotam yo gen yon ke mens, ki pa konparab ak yon pye bwa sèd. Kontrèman, kèk dinozò tankou brachiozoris ak dipodokis yo te gen yon gwo ke ki te kap konpare fasilman ak yon pye bwa sèd.

Prèske chak sivilizasyon ansyen gen kèk yon sòt de atizay ki dekri reptil jeyan. Petwoglif, atifak, e menm kèk ti stati ajil ke yo te jwenn nan Amerik di Nò sanble ak ilistrasyon modèn dinozò yo. Eskilti ròch nan Amerik di Sid dekri gason ki monte bèt ki sanble ak diplodokis, e sa ki etonan an, sèke yo gen lòt imaj tou ki sanble ak triseratòps, tewofaktil, ak tiranozoris-rèks. Mozayik Women yo, potri Maya yo, ak miray lavil Babilòn yo, tout temwaye dekouvèt trans-kiltirèl kaptivan ke moun nan tan pase yo te fè sou bèt sa yo nan plizyè kote nan mond lan. Lòt rapò tankou Il Milione ke Marco Polo te ekri bay anpil kont fantastik ki mansyone yon seri de gwo bèt. Anplis de kantite evidans istorik konsiderab sa yo konsènan egzistans dinozò ak moun pandan menm peryòd la, gen prèv fizik tou, tankou mak pye fosilize moun ak dinozò yo ke yo dekouvri ansanm nan kèk kote nan Amerik di Nò ak Azi Wès-Santral.

Kidonk, Èske genyen dinozò nan Bib la? Deba sa a lwen toujou pou l’ rive jwenn yn konklizyon. Sa depann de ki jan ou entèprete prèv ki disponib yo ak ki jan ou wè mond ki antoure w la. Si nou entèprete Bib la literalman, nap rive chwazi ke tè jèn, li pa la twò lontan ke sa, e nap rive mete n’ dakò sou lide ke dinozò ak moun te ko-egziste. Si dinozò ak lòm te koègziste, sa k’ te pase dinozò yo? Pandan ke Bib la pa diskite sou sijè sa a, dinozò sanble yo te mouri kèk tan apre delij la akòz de gwo chanjman dramatik ki te fèt nan anviwònman ak lefèt ke lòm pat sispann chase yo jiskaske yo disparèt.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Ki sa Bib la di sou dinozò? Èske gen dinozò nan Bib la?
© Copyright Got Questions Ministries