settings icon
share icon
Kesyon

Kijan mwen ka gen asirans nan sali mwen?

Repons


Anpil nan moun ki t’ap swiv Jezi Kris yo tap chache asirans pou sali yo move kote. Nou gen tandans chache asirans pou sali nou nan bagay Bondye ap fè nan lavi nou, nan kwasans espirityèl nou, nan bon travay ak obeyisans Pawòl Bondye a ki evidan nan fason n’ap mache antanke Kretyen. Pandan ke bagay sa yo ka prèv pou montre ke nou delivre, men nou pa dwe baze delivrans nou sou yo. Okontrè, nou ta dwe jwenn asirans sali nou an nan verite Pawòl Bondye a. Nou ta dwe gen konfyans ke nou sove ki baze sou pwomès Bondye te fè nou yo, men se pa sou eksperyans jan bagay yo ap mache nan lavi nou.

Kijan ou ka konnen ke ou gen sali a? Konsidere kisa 1 Jan 5:11-13 di: «Men pawòl verite a: Bondye ban nou lavi ki p'ap janm fini an. Se nan Pitit li a li ban nou li. Moun ki gen Pitit la, yo gen lavi sa a tou. Men, moun ki pa gen Pitit Bondye a, yo pa gen lavi sa a non plis. M'ap ekri nou lèt sa a, nou menm ki kwè nan Pitit Bondye a pou nou ka konnen nou gen lavi ki p'ap janm fini an.» Ki moun ki gen Pitit la? Li se moun ki te kwè nan li (Jan 1:12). Si ou genyen Jezi, ou gen lavi. Se pa lavi tanporè non, men se lavi ki p’ap janm fini an.

Bondye vle nou gen asirans nan sali nou an. Antanke Kretyen, nou pa ta dwe viv chak jou ak enkyetid ap mande èske nou vrèman sove. Se poutèt sa Bib la fè plan sali a klè. Mete konfyans nou nan Jezi Kris (Jan 3:16; Travay 16:31). «Si ou deklare ak bouch ou devan tout moun Jezi se Seyè a, si ou kwè tout bon nan kè ou Bondye te fè’l leve soti vivan pami mò yo, wa sove.» (Women 10:9). Èske ou te repanti de tout peche ou yo? Èske ou kwè ke Jezi te mouri pou peye ranson pou peche ou yo, epi li te leve soti vivan ankò nan lanmò (Women 5:8; 2 Korent 5:21)? Èske se li menm sèl ou fè konfyans pou delivre ou? Si ou reponn «wi » pou kesyon sa yo, konnen ou sove! Lè ou gen asirans, sa vle di ou pap doute. Lè ou aksepte pran Pawòl Bondye a nan kè ou, ou pa ka gen okenn dout sou reyalite sali ou genyen ki p’ap janm fini an.

Jezi asire tout moun ki kwè nan li: «Mwen ba yo lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap janm peri, pèsòn p'ap janm ka rache yo nan men mwen. Sa Papa’m ban mwen an pi gran pase tout. Pesonn pa ka rache anyen ki nan men Papa a» (Jan 10:28-29). Lavi etènèl la p'ap janm fini, li la pou tout tan. Pa gen pyès moun, menm ou menm, ki ka fè’w pèdi kado sali sa a Bondye ba ou a.

Nou kache Pawòl Bondye a nan kè nou pou nou pa peche kont li (Sòm 119:11), pou nou pa doute, ki se yon peche. Pran plezi nan sa Pawòl Bondye a di nou: olye pou nou gen dout, nou ka viv avèk konfidans! Nou ka gen asirans soti nan pwòp Pawòl Kris la ke delivrans nou se yon bagay ki asire, pa gen kesyon sou sa. Nou asire ke nou delivre paske delivrans nou an baze sou sali pafè ke Bondye te ba nou atravè Jezi Kris.



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kijan mwen ka gen asirans nan sali mwen?
© Copyright Got Questions Ministries