settings icon
share icon
Kesyon

Kisa ki se Chez Jijman Kris la?

Repons


Ròm 14: 10-12 di, "Nou tout gen pou fonparèt devan tribinal Bondye a.... Se konsa, chak moun gen pou rann Bondye kont pou tèt pa yo." 2 Korent 5:10 di nou, "Paske, nou tout nou gen pou n' fonparèt devan Kris la pou li ka jije nou. Lè sa a, chak moun va resevwa sa ki pou li dapre byen osinon dapre mal li te fè antan l' te nan kò sa a." Nan kontèks sa, li klè ke tou de ekriti yo refere ak kretyen, se pa enkwayan. Chèz jijman Kris la, kidonk, enplike kwayan yo k’ap rann Kris la kont sou lavi yo. Chèz jijman Kris la pa detèmine delivrans; sa te detèmine pa sakrifis Kris la sou non nou (1 Jan 2: 2) ak lafwa nou nan Li (Jan 3:16). Tout peche nou yo padone, epi nou pap janm kondane pou yo (Women 8: 1). Nou pa ta dwe gade chèz jijman Kris la kòm Bondye kap jije peche nou yo, men pito kòm Bondye kap rekonpanse nou pou lavi nou. Wi, jan Bib la di, nou tout pral gen pou bay kont pou tèt nou. Siman nan yon pati nap reponn pou peche nou te fe yo,sepandan, se pa sa ki pral fokis prensipal chèz jijman Kris la.

Devan chèz jijman Kris la, kwayan yo pral rekonpanse baze sou fason yo te sèvi Kris la (1 Korentyen 9: 4-27; 2 Timote 2: 5). Kèk nan bagay nou ka jije sou yo se jan nou te obeyi Gran Komisyon an (Matye 28: 18-20), kijan nou viktorye sou peche (Women 6: 1-4), ak kijan nou te kontwole lang nou (James 3: 1-9). Bib la pale de kwayan k’ap resevwa yon kouwòn pou plizye bagay diferan ki baze sou jan yo sèvi Kris la fidèlman (1 Korentyen 9: 4-27; 2 Timote 2: 5). Kalite kouwòn sa yo dekri nan 2 Timote 2: 5, 2 Timote 4: 8, Jak 1:12, 1 Pyè 5: 4, ak Revelasyon 2:10. Jak 1:12 se yon bon rezime sou jan nou ta dwe reflechi sou chèz jijman Kris la: "Benediksyon pou moun ki sipòte eprèv li ak pasyans. Lè la fin pase anba eprèv yo, la resevwa pou rekonpans lavi Bondye te pwomèt tout moun ki renmen li yo."

English

Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa ki se Chez Jijman Kris la?
© Copyright Got Questions Ministries