settings icon
share icon
Kesyon

Kisa blasfèm kont Sentespri a ye?

Repons


Zafè «blasfèm kont Lespri Bondye a» mansyone nan Mak 3:22-30 ak Matye 12:22-32. Jezi te fèk fè yon mirak. Yo te pote yon nonm ki te gen move lespri sou li bay Jezi, Seyè a chase move lespri a, li geri nonm lan ki te avèg la ak bèbè a. Moun yo ki te temwen mirak sa a te kòmanse mande si Jezi te Mesi a yo t’ap tann nan tout bon vre. Yon gwoup Farizyen ki tande sa moun yo t’ap di konsènan Mesi a, Farizyen yo te detwi lafwa moun yo nan Mesi a byen vit nan foul la. Yo te di konsa: «Si nou wè nonm sa a ap chase move lespri, se paske Bèlzeboul, chèf move lespri yo, ba l' pouvwa pou sa» (Matye 12:24).

Jezi reponn Farizyen yo pou li demontre yo li pap chase move lespri ak pouvwa Satan an (Matye 12:25-29). Aprè sa Jezi pale de blasfèm kont Sentespri a nan vèsè 31-32: «Se poutèt sa, m’ap di nou: Bondye va padonnen moun tout peche yo va fè, tout move pawòl ki va soti nan bouch yo. Men, kanta moun ki va pale mal sou Sentespri a, pa gen padon pou yo. Moun ki pale mal sou Moun Bondye voye nan lachè a, y’a padonnen l’. Men, moun ki pale mal sou Sentespri a, li p’ap jwenn padon ni koulye a, ni nan tan k’ap vini apre sa a.»

Anplis de sa, tèm blasfèm nan ka vle di «manke respè.» Mo sa a ka aplike pou peche tankou lè moun madichonne Bondye oswa meprize bagay ki gen rapò ak Bondye. Nou kapab tou atribye blasfèm lè nou atribye Bondye ak bagay ki mal oswa refize atribye sa ki bon ak li. Daprè Matye 12:31 sa rele «blasfèmite kont Sentespri a.» Malgre Farizyen yo te temwen, epi yo gen prèv san parèy sa a ke Jezi t’ap fè mirak ak pouvwa Sentespri a, men pou yo te kwè, yo te deklare ke Seyè a te posede pa yon move lespri (Matye 12:24). Jezi trè espesifik nan Mak 3:30 sou sa ki fè Farizyen yo te fè pou yo pale mal kont Sentespri a: «Li te di sa paske yo te di, ‘Li gen yon move lespri.»

Yo te blasfème Sentespri a paske yo te akize Jezi Kris, yo te di Jezi te posede ak demon olye pou yo te kwè li te ranpli Sentespri Bondye a. Jan de fòm de blasfemasyon sa yo pa ka fèt ankò jodi a. Farizyen yo te nan yon moman kite inik nan istwa: yo te gen la Lwa ak Pwofèt yo, yo te gen Sentespri a ki t’ap mouvmante nan kè yo, yo te gen Pitit Bondye a menm kanpe devan yo, epi yo te wè ak pwòp je yo mirak yo Li te fè a. Sa pat janm repete nan istwa mond lan (sa pa janm fèt ankò depi lè sa) pou Bondye te revele tèt li konsa tankou yon limyè diven bay lèzòm; si yon moun ta dwe rekonèt Jezi pou ki moun li te ye, fòk se te Farizyen yo. Men, yo te chwazi dezobeyi li. Yo fè esprè pou yo atribiye travay Sentespri a ak dyab la, malgre yo te konnen verite a epi yo te gen prèv pou sa. Jezi te deklare ke aksyon (inyorans) yo a se yon bagay ki pa te gen padon. Lè yo te blasfème Sentespri a, sa a sete dènye kout kle eki te demontre ke yo rejte gras Bondye a. Yo te pran direskyon ke yo te vle a, Bondye te kite yo pran chemen pèdisyon an san li pat ba yo pyès restriksyon.

Jezi te di foul moun yo ke blasfèm Farizyen yo kont Sentespri a «pap jwenn padonnen, ni pou kounya oubyen pou tout tan k’ap gentan» (Matye 12:32). Sa a se yon lòt fason pou di ke peche yo pa janm padonnen pou tout tan k’ap gen tan. Pa ni kounye a, pa ni nan letènite. Mak 3:29 mete li konsa, «Yo koupab pou yon peche k’ap la pou tout tan.»

N’ap we plis sou konsekans aksyon Farizyen yo ki te rejte Kris la piblikman (menm jan Bondye te rejte yo a) tou nan lòt chapit la. Pou premye fwa, Jezi «te di yo anpil bagay an parabòl » (Matye 13:3; Mark 4:2). Disip yo te sezi wè kijan Jezi te chanje fason li te konn fè ansèyman, Jezi te esplike disip li yo rezon ki fè li te sèvi ak parabòl yo: «Jezi reponn yo: Nou menm, Bondye fè nou favè sa a pou nou konnen sekrè Peyi Wa ki nan syèl la. Men yo menm, yo pa resevwa favè sa a.. . . . Paske, lè y'ap gade yo pa wè, lè y'ap koute yo pa tande, ni yo pa konprann» (Matye 13:11, 13). Jezi te kòmanse vwale verite a ak parabòl epi metafò kòm yon konsekans paske lidè ofisyèl Jwif yo pat kwè nan li, yo te denonse li.

Pyès moun pa kapab blasfème Sentespri a jodi a, byenke gen kèk moun ki eseye pou yo ta fè sa. Jezi Kris pa sou latè ankò. Li chita sou bò dwat Bondye. Pa gen pyès moun jodi a ki ka pèsonèlman temwen Jezi ap fè yon mirak pou lè sa a pou ta atribye ke se ak pouvwa Satan li fè mirak yo olye pou yo ta atribye li ak Sentespri Bondye a.

Peche ki pakab padone jodi a se lè yon moun kontinye ap viv nan enkredilite. Kounye a Lespri a montre peche nan mond la, jistis, ak jijman (Jan 16:8). Si yon moun reziste envokasyon sa a ak tout volonte, li rete san repanti, sa a se «blasfèm » pou Lespri a. Pa gen padon pou moun sa ni kounye a ni pou tan ki gen pou vini an. Paske yon moun ki rejte enspirasyon Lespri Bondye a pou li pa mete konfyans nan Jezi Kris ap mouri nan enkredilite. Lanmou Bondye a evidan: “Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an” (Jan 3:16). Chwa a tre klè: «Moun ki mete konfyans yo nan Pitit la, yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Moun ki desobeyi Pitit la, yo p'ap gen lavi sa a. Se kòlè Bondye k'ap tonbe sou yo» (Jan 3:36).

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa blasfèm kont Sentespri a ye?
© Copyright Got Questions Ministries