settings icon
share icon
Kesyon

Kilè anlèvman an ap fèt nan relasyon ak tribilasyon an?

Repons


Zafè ki konsène kilè anlèvman an ap fèt nan relasyon ak tribilasyon an se youn nan pwoblèm ki pi kontwovèsyal nan legliz la jodi a. Twa (3) opinyon prensipal yo se pre-tribilasyon (anlèvman fidèl yo ap rive anvan tribilasyon an), mitan-tribilasyon (anlèvman fidèl yo ap rive nan oswa tou pre nan mitan tribilasyon an), ak fen-tribilasyon (anlèvman fidèl yo ap rive nan fen tribilasyon an). Yon katriyèm apwòch, souvan ke yo rekonèt yo kòm avan-kòlè, se yon modifikasyon tou piti sou pozisyon nan mitan-tribilasyon.

Premyèman, li enpòtan pou rekonèt objektif tribilasyon an. Daprè Danyèl 9:27, gen yon swasanndis "sèt" (sèt ane) ki toujou ap vini. Tout pwofesi swasanndis Danyèl yo (Danyèl 9:20-27) ap pale de nasyon pèp Izrayèl la. Se yon peryòd tan kote Bondye konsantre atansyon li espesyalman sou pèp Izrayèl la. Swasanndis setyèm la, tribilasyon an, dwe tou yon tan lè pou Bondye regle espesyalman ak pèp Izrayèl la. Pandan ke sa a pa nesesèman endike ke legliz la pat kapab tou prezan, li soulve kesyon sou poukisa legliz la ta bezwen sou tè a pandan tan sa a.

Premye pasaj Ekriti a sou anlèvman fidèl se 1 Tesalonisyen 4:13-18. Li deklare ke tout kwayan kap viv, ansanm ak tout kwayan ki te mouri, ap rankontre Seyè Jezi a nan lèzè a epi yo pral avè’l pou tout tan. anlèvman an se ke Bondye ap retire pèp li a soti sou tè a. Lè nou ale pi lwen, nan 1 Tesalonisyen 5:9, Pòl di, " Paske, Bondye pa t' chwazi nou pou nou te tonbe anba kòlè li, men pou n' te ka delivre, gremesi Jezikri, Seyè nou an." Liv Revelasyon an, ki pale prensipalman sou peryòd tribilasyon an, se yon mesaj pwofetik sou fason Bondye pral vide kòlè li sou tè a pandan tribilasyon an. Li sanble enkonsistan pou Bondye ta pwomèt kwayan yo ke yo pral soufri kòlè epi kite yo sou tè a pou soufri nan kòlè tribilasyon an. Lefèt ke Bondye pwomèt pou delivre Kretyen yo soti nan kòlè yon ti tan apre pwomès anlèvman pèp li a soti sou tè a ta sanble de (2) evènman sa yo konekte ansanm.

Yon lòt pasaj enpòtan sou fen tan an ak anlèvman an se Revelasyon 3:10, ladan li Kris la pwomèt pou li delivre kwayan yo soti nan "lè jijman an (tribilasyon yo)" ki pral vin sou tè a. Sa ka vle di de (2) bagay. Oswa Kris la ap pwoteje kwayan yo nan mitan eprèv yo, oswa Li pral delivre kwayan soti nan tribilasyon yo. Tou de (2) se entèpretasyon sa yo valab pou tradi mo grèk la "soti." Sepandan, li enpòtan pou rekonèt kisa kwayan yo te pwomèt yo yap proteje yo de li. Se pa sèlman tribilasyom an, men tou "lè" tribilasyon an. Kris la pwomèt pou kenbe kwayan yo nan peryòd tan ki gen pwoblèm yo, sètadi tribilasyon an. Rezon ki fè tribilasyon an, objektif anlèvman, siyifikasyon 1 Tesalonisyen 5:9, ak entèpretasyon Revelasyon 3:10 la bay tout sipò klè pou pozisyon avan-tribilasyon an. Si Bib la entèprete literalman epi ak konsistans, pozisyon sou avan-tribilasyon se entèpretasyon ki plis biblik.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kilè anlèvman an ap fèt nan relasyon ak tribilasyon an?
© Copyright Got Questions Ministries