settings icon
share icon
Kesyon

Kisa Bib la di sou zanj yo?

Repons


Zanj yo se èt pèsonèl espirityèl ki gen entèlijans, emosyon, ak volonte. Sa a se verite ni bon zanj yo ak sa ki mal yo (move lespri). Zanj yo gen entèlijans (Matye 8:29; 2 Korent 11:3; 1 Pyè 1:12), yo montre emosyon (Lik 2:13; Jak 2:19; Revelasyon 12:17), epi egzèse volonte yo (Lik 8:28-31; 2 Timote 2:26; Jid 6). Zanj yo se èt espirityèl (Ebre 1:14) men yo pa gen vrè kò fizik. Malgre ke yo pa gen kò fizik, yo toujou pèsonalifye.

Pliske se èt ki kreye yo ye, konesans yo limite. Sa vle di yo pa konnen tout bagay menm jan ak Bondye (Matye 24:36). Yo ta sanble ke yo gen plis konesans pase lèzòm, sepandan, ki ka rive posib akòz de twa (3) bagay. Premyèman, zanj yo te kreye nan yon lòd (fason) ki pi wo pase moun. Se poutèt sa, yo tou natirèlman genyen plis konesans. Dezyèmman, zanj yo etidye Bib la ak mond lan pi byen pase lèzòm, epi yo anrichi konesans yo nan li (Jak 2:19; Revelasyon 12:12). Twazyèmman, zanj yo jwenn konesans nan anpil obsèvasyon aktivite imen yo. Kontrèman ak moun, zanj yo pa oblije etidye sak te pase; yo te fè eksperyans li. Se poutèt sa, yo konnen kijan lòt moun te aji ak reyaji nan sitiyasyon epi yo ka predi avèk yon plis presizyon kijan nou ka aji nan menm sikonstans ak moun ki te vin nan tan pase yo.

Menm si yo gen volonte, zanj yo, tankou tout kreyati, yo sijè a volonte Bondye. Bondye voye bon zanj pou ede kwayan yo (Ebre 1:14). Men kèk aktivite Bib la bay zanj yo:

Yo fè lwanj Bondye (Sòm 148:1-2; Izayi 6:3). Yo adore Bondye (Ebre 1:6; Revelasyon 5:8-13). Yo kontan nan sa Bondye fè (Jòb 38:6-7). Yo sèvi Bondye (Sòm 103:20; Revelasyon 22:9). Yo parèt devan Bondye (Jòb 1:6; 2:1). Yo se enstriman nan jijman Bondye yo (Revelasyon 7:1; 8:2). Yo pote repons pou lapriyè (Travay 12:5-10). Yo ede genyen (konvenk) moun pou Kris la (Travay 8:26; 10: 3). Yo obsève prensip kretyen yo, travay ak soufrans (1 Korent 4:9; 11:10; Efezyen 3:10; 1 Pyè 1:12). Yo ankouraje nan tan danje (Travay 27:23-24). Yo pran swen moun ki jis yo lè y’ap mouri (Lik 16:22).

Zanj yo totalman diferan ke lèzòm. Èt imen pa tounen zanj apre yo fin mouri. Zanj pap janm tounen moun, e yo pat janm lèzòm. Bondye te kreye zanj yo, menm jan li te kreye limanite. Bib la pa janm di ke zanj yo kreye nan imaj Bondye oubyen menm jan ak li, tankou sa ye pou lèzòm (Jenèz 1:26). Zanj yo se èt espirityèl ki ka, nan yon sèten degre, pran yon fòm fizik. Lèzòm se prensipalman èt fizik, men ak yon aspè espirityèl. Bagay ki pi gran nou ka aprann nan men zanj yo se ke yo rapid, obeyisans san parèy nan kòmandman Bondye a.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa Bib la di sou zanj yo?
© Copyright Got Questions Ministries