settings icon
share icon
Kesyon

Kisa Wout delivans lan ye selon liv Romen?

Repons


Wout delivrans nan Romen se yon fason pou eksplike bòn nouvèl Sali a an fonksyon de vèse ki nan Liv Romen yo. Li se yon senp metòd men ki vrèman efikas pou eksplike poukisa nou bezwen delivrans, kijan Bondye bay delivrans, kijan nou ka resevwa delivrans, e ki rezilta delivrans Bondye a genyen.

Premye vèsè nan liv Romen ki di poukisa nou bezyen delivrans se Romen 3:23, "Tout moun fè peche, nou tout vire do bay Bondye." Nou tout fè peche. Nou tout fè zak ki pa fè Bondye plezi. Pa gen okenn moun ki inosan. Romen 3:10-18 esplike an detay ak kisa peche sanble nan lavi nou. Romen 6:23, anseye nou sou konsekans peche – "Salè peche se lanmò, men kado Bondye bay la se lavi etènèl nan Jezikri, Seyè nou an." Pinisyon ke nou te merite akoz de peche se lanmò. Pa sèlman lanmò fizik, men lanmò spirityèl tou!

Twazyèm jan liv Romen an esplike delivrans se Romen 6:23, "Men kado Bondye ba nou se lavi etènèl nan Jezikri, Seyè nou an." Romen 5:8 deklare, "Sou pwen sa a, Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil; paske nou t'ap fè peche toujou lè Kris la mouri pou nou. " Jezi Kris te mouri pou nou! lanmò Jezi peye pou peche nou yo. Jezi ki te leve byen vivan pami mò yo pwouve ke Bondye Papa a aksepte Sakrifis Jezi Kris kòm pèman pou peche nou yo.

Katriyèm jan liv Romen an esplike delivrans se Romen 10:9, " Si ou deklare ak bouch ou devan tout moun Jezi se Seyè a, si ou kwè tout bon nan kè ou Bondye te fè l' leve soti vivan pami mò yo, wa sove" Paske Jezi te mouri pou nou, tout sa nou dwe fè se kwè nan li, kwè lanmò li kòm pèman pou peche nou yo – epi nap sove! Romen 10:13 di l 'ankò, " Nenpòt moun ki rele non Mèt la gen pou jwenn delivrans." Jezi te mouri pou peye penalite peche nou yo epi delivre nou anba lanmò etènèl. Sali a se ke, Bondye padonnen peche tout moun ki mete tout konfyans yo nan na Jezi Kris kòm Seyè yo ak Sovè yo.

Aspè final nan jan liv Romen an esplike delivrans se Romen 5:1, mesaj sa a bèl bagay, "Se poutèt sa, depi nou te jistifye atravè lafwa, nou gen lapè ak Bondye, atravè Jezikri, Seyè nou an." Gras a Jezikri, nou ka gen yon relasyon nan lapè ak Bondye. Romen 8:1 anseye nou, : « Koulye a, nanpwen okenn kondannasyon pou moun ki fè yon sèl kò ak Jezikri». Finalman, Bondye fè nou pwomès presye sa nan Romen 8:38-39 : " Paske, mwen gen lasirans anyen pa ka fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou: ni lanmò, ni lavi, ni zanj Bondye yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, ni bagay ki la jòdi a, ni sa ki gen pou vini pita, 39 ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki anba tè a. Non. Pa gen anyen nan tout kreyasyon Bondye a ki ka janm fè nou pèdi renmen Bondye fè nou wè nan Jezikri, Seyè nou an."

Èske ou ta renmen yo swiv wout delivrans Romen an ? Si oui , men yon lapriyè senp ou ka fè. lapriyè sa a se yon fason pou w deklare Bondye ke ou vle repoze w sou Jezikri pou delivrans ou . pa bliye Pawòl lapriyè pa ka sove ou. Se sèlman lafwa nan Jezikri ki bay delivrans! "Bondye, mwen konnen ke mwen peche kont ou epi mwen merite pinisyon. Men, Jezikri te pran pinisyon an ke mwen merite pou ke atravè lafwa mwen nan li mwen kapab jwenn padon. Avèk èd ou, mwen mete tout konfyans mwen nan li pou mwen kapab sove. Mèsi pou favè ke ou fem mwen e mesi pou pechem yo kew padone, pou mwen ka gen aksè a lavi etenel la.

Eske enfomasyon sa te itil ou pou-w te pran desizyòn pou w asepte Kris la ? Si oui, silvouplè klike sou « Mwen asepte Kris jodi-a » nan bouton ki anba a.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa Wout delivans lan ye selon liv Romen?
© Copyright Got Questions Ministries