settings icon
share icon
Kesyon

Kijan nou ka rekonèt vwa Bondye?

Repons


Kesyon sa a gen anpil moun ki gen anpil tan depi y’ap poze li. Samyèl tande vwa Bondye a, men li pat rekonèt li jiskaske li te enstwi pa Eli (1 Samyèl 3:1-10). Jedeyon te gen yon revelasyon fizik de Bondye, e li te tèlman doute sou sa li te tande jouk li te rive mande pou yon siy, pa yon fwa, men twa (3) fwa (Jij 6:17-22,36-40). Lè nou koute vwa Bondye a, kijan nou ka konnen ke se li menm k’ap pale? Premyeman, nou gen yon bagay ke Jedeyon ak Samyèl pa't genyen. Nou gen Bib la konplè, Pawòl enspire Bondye a pou nou li, etid, ak medite. "Tou sa ki ekri nan Liv la, se nan Lespri Bondye a yo soti. Y'ap sèvi pou moutre moun verite a, pou konbat moun ki nan lerè, pou korije moun k'ap fè fòt, pou moutre yo ki jan pou yo viv byen devan Bondye. Konsa, yon moun k'ap sèvi Bondye, li tou pare, li gen tou sa li bezwen pou l' fè tou sa ki byen." (2 Timote 3:16-17). Lè nou gen yon kesyon sou yon sijè sèten oswa desizyon nan lavi nou, nou ta dwe wè sa Bib la te di sou li. Bondye pap janm mennen nou kontrè ak sa Li te anseye nan Pawòl li (Tit 1:2).

Pou tande vwa Bondye a nou dwe fè pati Bondye. Jezi di’l: Mouton m' yo koute vwa m', mwen konnen yo epi yo swiv mwen" (Jan 10:27). Moun ki tande vwa Bondye a se moun ki fè pati’l yo - moun ki te sove pa gras li atravè lafwa nan Seyè Jezi a. Sa yo se mouton yo ki tande ak rekonèt vwa li, paske yo konnen li kòm gadò yo. Si pou nou ta rekonèt vwa Bondye a, nou dwe fè pati li.

Nou tande vwa li lè nou pase tan nan etid Labib ak kontanplasyon Pawòl Li a. Plis tan nou pase ak Bondye ak Pawòl li, li vin pi fasil pou’n rekonèt vwa li ak gidans li nan lavi nou. Anplwaye nan bank yo resevwa fòmasyon yo rekonèt fo lajan paske yo etidye lajan otantik konsa li vin fasil po yo distenge fo kòb. Nou ta dwe abitye konsa avèk Pawòl Bondye a ke lè yon moun ap di sa ki pa sa, li klè ke li pa nan Bondye.

Pandan ke Bondye te kapab pale ak moun jodi a, Li pale sitou nan Bib la. Pafwa dirijans Bondye a ka vini nan Sentespri a, nan konsyans nou, nan sikonstans, ak nan ankourajman lòt moun. Lè nou konpare sa nou tande ak verite nan Bib la, nou ka aprann rekonèt vwa Bondye a.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kijan nou ka rekonèt vwa Bondye?
© Copyright Got Questions Ministries