settings icon
share icon
Kesyon

Kouman mwen ka simonte peche nan lavi kretyen mwen an?

Repons


Bib la prezante plizyè resous diferan pou ede nou nan efò nou pou nou simonte peche. Nan lavi sa a, nou pap janm ranpòte viktwa konplètman sou peche (1 Jan 1:8), men sa dwe toujou rete objektif nou. Avèk èd Bondye, e si nou suiv prensip Pawòl Li yo, nou ka progresivman simonte peche epi vin pi plis tankou Kris la chak jou.

Premye resous Bib la mansyone nan efò nou pou’n simonte peche, se Sentespri a. Bondye te ban nou Sentespri a pou nou ka viktorye nan lavi kretyèn lan. Bondye diferansye zèv lachè ak fwi Sentespri yo nan Galat 5:16-25. Nan pasaj nou te aple pou n mache selon Sentespri a. Tout kwayan deja genyen Sentespri a nan yo, men pasaj sa a di nou ke nou dwe mache selon Lespri a, lage nou anba kontwòl Li. Sa vle di pou n toujou swiv gid Sentespri a olye ke nou suiv lachè.

Lavi Pyè demontre diferans Sentespri a ka fè. Pyè, avan ke li te ranpli ak Sentespri a, li te nye Jezi twa fwa, e sa te rive apre li te fin di l'ap suiv Kris jouk nan lanmò l. Men apre li te fin ranpli avèk Sentespri a, li te pale ouvètman avèk fèmte ak Jwif yo nan moman Lapannkòt la.

Nou mache nan Lespri pandan ke nap eseye pa rejte gid Lespri a (kòm nou ka li nan 1 Tesalonisyen 5:19) epi olye de sa chèche pou n ranpli ak Sentespri a (Efezyen 5:18-21). Ki jan yon moun ka ranpli avèk Sentespri a? Premyèman, sa se chwa Bondye menm jan li te ye nan Ansyen Testaman an. Li te chwazi moun pou akonpli travay Li te vle fè yo e Li te plen yo ak Lespri Li (Jenèz 41:38; Egzòd 31:3; Resansman 24:2; 1 Samyèl 10:10). Gen prèv nan Efezyen 5:18-21 ak Kolosyen 3:16 ke Bondye chwazi ranpli moun ki ap ranpli yo ak Pawòl Bondye a. Sa a mennen nou nan dezyèm resous la.

Pawòl Bondye a, Labib, di ke Bondye te ban nou Pawòl Li pou L te ekipe nou pou tout kalite bon travay (2 Timote 3:16-17). Li anseye nou ki jan pou n viv ak ki sa nou dwe kwè, li revele nou lè nou chwazi move chemen yo, li ede nou tounen sou chemen dwat la, epi li ede nou rete sou chemen an. Ebre 4:12 di nou ke Pawòl Bondye vivan e Li pwisan, Li kapab antre nan kè nou epi derasinen epi ak simonte peche ki pi pwofon yo ak atitid nou yo. Salmis la pale anpil sou pouvwa ki chanje lavi ke Pawòl la genyen nan Sòm 119. Jozye te di ke kle siksè pou n simonte lènmi yo pa t nan bliye resous sa a, men pito te nan medite sou li lajounen kou lannwit ak obeyi li. Sa a li te fè, menm lòd militè Bondye te bay yo pat fè sans, e sa yo se te kle viktwa l nan batay pou Latè pwomiz lan.

Bib la se yon resous ke nou twò souvan pa pran oserye. Nou pote Bib lè nou pral legliz, nou itilize yon gid pou nou li kèk vèsè oswa yon chapit chak jou, men pa rive memorize li, medite sou li, oswa aplike li nan lavi nou; nou pa rive konfese peche ke li revele yo oswa fè lwanj Bondye pou kado sa yo li revele ban nou yo. Lè se Bib la, nou souvan swa pèdi apeti nan li oswa repiye l. Se swa nou pran yon kantite ki sifi jis pou kenbe nou vivan espirityèlman (men nou pa janm manje oubyen bwè ase pou nou an sante, pou nou zele), oswa nou rive manje souvan men pa janm medite sou li lontan ase pou n resevwa nitrisyon espirityèl ki soti ladan l yo.

Li enpòtan, si w poko kreye yon abitid pou w etidye ak memorize Pawòl Bondye a chak jou, fòk ou kòmanse fè sa. Gen moun ki twouve li itil pou yo kòmanse ak yon jounal pèsonèl. Pran abitid pa kite Pawòl la jiskaske ou rive jwenn epi ekri yon bagay ou tire de li. Gen moun ki anrejistre priyè bay Bondye pou mande L ede yo chanje konsènan domèn Li te pale ak yo a. Bib la se zouti Lespri a itilize nan lavi nou (Efezyen 6:17), yon pati esansyèl ak enpòtan de zam ke Bondye ba nou pou mennen batay espirityèl nou yo (Efezyen 6:12-18).

Yon twazyèm resous enpòtan nan batay nou kont peche, se lapriyè. Yon fwa ankò, li se yon resous ke kretyen yo ase souvan pa rive itilize kòmsadwa. Nou gen reyinyon lapriyè, moman lapriyè, elatriye, men nou pa sèvi ak lapriyè nan menm fason ak premye legliz yo (Akt 3:1; 4:31; 6:4; 13:1-3). Pòl mansyone souvan ki jan li lapriyè pou moun ki ap resevwa mesaj li yo. Bondye te ban nou bèl pwomès konsènan lapriyè (Matye 7:7-11; Lik 18:1-8; Jan 6:23-27; 1 Jan 5:14-15), epi Pòl enkli lapriyè nan pasaj li yo sou preparasyon pou batay espirityèl yo (Efezyen 6:18).

Ki nivo enpòtans lapriyè a genyen nan lit kont peche nou yo nan lavi a? Nou gen pawòl Kris la te di Pyè nan Jaden Jetsemane a, yon ti tan anvan Pyè te refize l la. Pandan Jezi tap priye, Pyè tap dòmi. Jezi te revèye l, Li te di, "Pa kite dòmi pran nou, tande. Lapriyè pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men kò nou fèb" (Matye 26:41). Nou menm, tankou Pyè, vle fè sa ki dwat, men yo pa jwenn fòs pou sa. Nou bezwen suiv konsèy Bondye pou n kontinye chèche, frape ak mande, e Li pral ban nou fòs la ke nou bezwen an (Matye 7:7). Lapriyè se pa yon fòmil majik. Lapriyè se tou senpleman rekonèt pwòp limit nou yo ak pouvwa enfini Bondye a epi tounen vè Li-menm pou n jwenn fòs pou n fè sa Li vle nou fè a, non pa sa nou vle fè a (1 Jan 5:14-15).

Yon katriyèm resous nan lagè nou kont peche, se legliz la, fratènite ak lòt kwayan yo. Lè Jezi te voye disip li yo, Li te voye yo de-pa-de (Matye 10:1). Misyonè yo nan liv Travay la pat ale soti youn-pa-youn, men te fòme yon gwoup de oswa plis. Jezi kòmande nou pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè nou, pou yonn ka ankouraje lòt nan fè sa ki byen (Ebre 10:24). Li di nou konfese fot nou yo youn ak lòt (Jak 5:16). Nan literati sajès nan Ansyen Testaman an, nou li ke fè file fè, konsa tou pou moun, yonn aprann nan men lòt (Pwovèb 27:17). Gen fòs an kantite (Eklezyas 4:11-12).

Gen anpil kretyen ki dekouvri ke genyen yon asosye kapab yon gwo benefis pou ede youn lòt simonte peche fè tèt di yo. Genyen yon lòt moun ki ka pale avèk ou, lapriyè avèk ou, ankouraje w, e menm ede w redrese w gen anpil valè. Tantasyon komen nan lavi nou tout (1 Korentyen 10:13). Asosye w a yon moun oswa yon gwoup kab ban nou yon dòz ankourajman ak motivasyon ki ka pèmèt nou simonte peche ki pi difisil yo.

Pafwa viktwa sou peche vini byen vit. Lòt fwa li vini pi dousman. Bondye te pwomèt ke si nou sèvi ak resous Li yo, L’ap progresivman pote chanjman nan lavi nou. Nou ka pèsevere nan efò nou pou simonte peche paske nou konnen ke Li fidèl nan pwomès Li.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kouman mwen ka simonte peche nan lavi kretyen mwen an?
© Copyright Got Questions Ministries