settings icon
share icon
Kesyon

Kijan moun yo te sove avan Jezi te mouri pou peche nou yo?

Repons


Depi lèzòm te tonbe nan jaden an, lanmò Kris la se te toujou baz pou delivrans nou. Pa gen pyès moun, swa avan krisifiksyon (kwa) an oswa depi lè krisifiksyon (kwa) an, ki te ka janm sove san sèl evènman enpòtan sa a nan istwa mond lan. Lanmò Kris la te peye dèt pou peche moun ki sen ki t’ap viv nan tan Ansyen Testaman an, epi menm jan tou, li peye pou peche sen nan Nouvo Testaman yo te fè oubyen sa yo pral fè.

Kondisyon pou delivre a te toujou lafwa. Kwayans sa a pou’n delivre a te toujou sèl nan Bondye. Salmis la te ekri nan Sòm 2:12: «Benediksyon pou tout moun ki pran refij nan li,» Jenèz 15:6 di nou ke Abraram te kwè Bondye ak sa sèlman Bondye konsidere li kòm yon moun ki t’ap mache dwat (gade Women 4:3-8). Ebre 10:1-10 fè nou konnen ke sistèm sakrifis ki te genyen nan Ansyen Testaman an pat ka retire peche. Sepandan, li te gide nou nan direksyon jou lè Pitit Bondye a t’ap koule san li pou tout ras moun sou latè.

Sèl sa ki chanje nan tout tan sa yo ki pase a se fason nou kwè nan Bondye. Bondye mande nou pou kwè, li baze sou kantite revelasyon Bondye revele lèzòm jiska jodi a. Yo rele sa revelasyon pwogresif. Adan te kwè pwomès Bondye te bay nan Jenèz 3:15 ke pitit fanm lan t’ap gen viktwa sou Satan. Adan te kwè li, nou ka wè sa nan non li te bay Èv (v.20) epi Seyè a te montre ke li te aksepte li imedyatman lè li te kouvri yo avèk rad po bèt yo (v. 21). Nan moman sa a, se tout sa Adan te konnen, men li te kwè li.

Abraram te kwè Bondye daprè pwomès yo ak nouvo revelasyon Bondye te ba li nan Jenèz 12 ak 15. Bib la pat ko ekri avan Moyiz, men lèzòm te responsab pou sa Bondye te revele yo. Pandan tout Ansyen Testaman an, kwayan yo te vin delivre paske yo te kwè ke yon jou Bondye t’ap pran swen pwoblèm peche yo a. Jodi a, lè nou gade sa ki te pase, nou kwè ke li te deja pran swen peche nou yo sou kwa a (Jan 3:16; Ebre 9:28).

E moun yo ki te kwè nan tan Kris la, anvan yo te kloure li sou kwa ak rezirèksyon li an? Ki sa yo te kwè? Èske yo te konprann an plen lide ke Kris la mouri sou yon kwa pou peche yo? Matye 16:21-22 di nou konsa kisa Jezi te di nan finisman ministè li a, «Depi lè sa a, Jezi kòmanse pale aklè ak disip li yo, li di: Fòk mwen moute lavil Jerizalèm. Fòk mwen soufri anpil nan men chèf fanmi yo, nan men chèf prèt yo, nan men dirèktè lalwa yo. Y'ap fè yo touye mwen. Men, sou twa jou, mwen gen pou m' leve soti vivan nan lanmò.» Kijan disip li yo te reyaji lè yo te tande mesaj sa a? «Lè sa a, Pyè rele Jezi sou kote, li di l' konsa: Mande Bondye padon, Mèt! Sa p'ap rive ou.» Pyè ansanm ak lòt disip yo pat konnen tout verite a, men yo te sove paske yo te kwè ke Bondye t’ap pran swen pwoblèm peche yo a. Yo pat egzakteman konnen ki jan li t’ap fè sa, menm jan Adan, Abraram, Moyiz, oswa David pa’t konnen ki jan, men yo te kwè Bondye.

Jodi a, nou gen plis revelasyon pase moun ki t’ap viv avan rezirèksyon Kris la; nou gen tout enfòmasyon sou kijan Bondye ap padone peche nou yo. Ebre 1:1-2 di nou : «Nan tan lontan, Bondye te mete pawòl nan bouch pwofèt yo nan divès okazyon ak divès jan pou l’ te ka pale ak zansèt nou yo. Men, nan dènye jou sa yo, se pitit li a menm Bondye te voye pale ak nou nan non li. Se ak Pitit sa a Bondye te kreye tout bagay. Se li menm tou Bondye chwazi pou eritye tout bagay lè sa va fini nèt.» Delivrans nou an toujou baze sou lanmò Kris la. Nou toujou bezwen gen lafwa pou nou ka sove, kwayans nou dwe toujou nan Bondye. Jodi a, pou nou konnen ke Jezi Kris te mouri pou peche nou yo, li te antere, li te leve twazyèm jou a (1 Korent 15:3-4).

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kijan moun yo te sove avan Jezi te mouri pou peche nou yo?
© Copyright Got Questions Ministries