settings icon
share icon
Kesyon

Ki sa ki sans lavi a?

Repons


Ki sans lavi a genyen ? Kijan nou kapab konnen vrè rezon ezistans nou, e jwenn satisfaksyon nan lavi a? Kijan nou ka reyalize yon bagay ki gen yon siyifikasyon dirab? Anpil moun pa janm pran yon ti tan pou yo poze tèt yo kesyon enpotan sa yo. E moun sa yo, apre kèlke ane, yo twouve yo nan sitiyasyon pou yap poze tèt yo kesyon sou poukisa ki fè yo santi yo vid konsa, menm si lè pi souvan yo reyalize objektif ke yo te fikse tèt yo. Yo te mande yon atlèt ki fè anpil siksè kisa li te swete yo te dil lè’l tap fenk komanse karyè li, li te reponn pou te di : « Mwen swete ke yon moun te di mwen ke lè ou rive nan somè a , pa gen anyen la." Anpil fwa se lè nou fin atenn yon objektif, apre nou fin gaspiye yon pakèt tan , nou vin reyalize ke pat gen anyen ki te pi serye pase sa, paske nou santi nou vid oubyen nou santi ke nou toujou manke yon bagay .

Souvan nou menm lòm nou konn pedi tan nou ,nan kouri dèyè plizyè bagay ke nou panse ki vre sans lavi a , tankou siksè nan biznis, richès, gwo relasyon, sèks, divètisman, ak fè byen pou lòt moun. Anpil moun temwaye ke yo te toujou santi yon gwo vid nan ke yo, ke anyen pa ka konble, menm lè yo te fin satisfè dezi sa yo.

Eklezyas 1:2 wa Salomon tap eseye jween sans lavi a nan anpil aktivite san valè, li dekri jan ke li te santi li vid , li di konsa: "vanite ! vanite ! . . . Tout bagay sou tè sa a gen pou pase! ". Wa Salomon, te gen plis richès , plis sajès pase nenpot moun nan tan li oswa nan epòk pa nou an la, li te genyen tou anpil bel fanm, bel palè ak bel jaden ki te fe anpil moun jalou de wayom li yo, pi bon manje ak diven, ak tout fom amizman ke yon moun te ka genyen. Li te rive nan yon pwen kote li te satisfè tout dezi ki nan fon kè li yo (Eklezyas 2:10). Epi li ajoute pou li di ke tout bagay anba soley sa ke je nou ka we oubyen ke nou kapap eksperimante ak sans nou yo se vanite ke yo ye. Men kisa ki eksplike vid sa a? Bondye te kreye nou pou yon bagay ki ale odela de sa nou ka eksperimante nan vi sa a.” Salomon deklare nan eklezyas 3:11 ,ke Bondye mete etènite nan ke lezòm " . Nan fon kè nou nou konnen trè byen ke se pa sèlman vi sa a ki genyen.

Nan liv Jenèz la, nou jwenn yon ide sou siyifikasyon lavi a nan lefèt ke Bondye te kreye limanite nan imaj li (Jenez 1:26). Sa vle di nou plis sanble a Bondye pase nou sanble ak okenn lòt bagay. Men kijan sa te ye avan lòm te tonbe nan peche: 1) Bondye te fe lòm yon kreyati sosyal (Jenez 2:18-25); 2) Bondye te bay lòm travay (Jenez 2:15); 3) Bondye te gen yon relasyon trè sere ak lòm (Jenez 3:8); 4) Bondye te bay lòm dominasyon sou tè a (Jenez 1:26). Reyalite sa yo gen siyifikasyon ki gen rapò ak sans lavi a. Entansyon Bondye se te pou lòm te viv byen . Men apre lòm fin tonbe nan peche ,e espesyalman lefet ke relasyon zanmitay nou ak BonDye vin chanje , sa vin koz ke malediksyon vin tonbe sou tè a (Jenez 3).

Liv Revelasyon montre Bondye gen sousi pou li restore sans lavi a. Bondye revele ke li pral detwi kreyasyon sa a, epi kreye yon nouvo syèl ak yon nouvo tè. leu sa li pral restore zanmitay li ak moun ki sove yo, pandan ke li pral jije moun ki pa diy yo epi jete yo nan letan dife a (Revelasyon 20:11-15). Malediksyon ki te tonbe sou lòm akoz de peche pral fini; leu sa p’ ap gen ni tristes, ni maladi, ni lanmò ,oswa doulè anko ,tout vye bagay sa yo pral disparèt (Revelasyon 21:4).

Bondye ap vin pi pre limanite, ki va vin retounen pitit li (Revelasyon 21:7). Bondye te kreye nou pou nou te gen yon bon relasyon ansanm avek li, lòm peche sa vin fe ke relasyon zanmitay sa vin kraze, Bondye gen poul restore relasyon zanmitay sa pou tout letènite .

Kisa sa vle di ke lavi a restore nan Jezikri ?

Vre sans lavi a, keseswa pou kounye a oubyen nan letenite, nou jwenn li nan retablisman relasyon nou avek Bondye. Retablisman sa a posib selman atrave Pitit Bondye a, Jezikri, ki rekonsilye nou ak Bondye (Women 5:10; Travay 4:12; Jan 1:12; 14:6). Se selman leu nou fin aksepte Jezikri kòm sèl sovè nou ,ke nou kapap jween Sali epi gen aksè a lavi etènel la. Kon nou fin resevwa sali a akoz de gras ke nou jween nan Jezi atrave lafwa, Kris la fe nou vin tounen yon nouvo kreyati, leu sa nou komanse pwosesis pou nou vin pi pre Bondye , epi aprann konte sou li.

Bondye vle nou konnen ki vre sans lavi a genyen. Jezi te di Jan 10:10 : « . Mwen menm, mwen vin pou nou ka gen lavi, epi pou nou genyen l' an kantite’’.

Siyifikasyon lavi a vlope nan glwa Bondye. nan Izayi 43 :7 Bondye tap pale de moun ki sove yo poul di : "Pote tout moun ki konnen mwen kòm Bondye yo, paske mwen te kreye yo pou glwa mwen. Se mwen menm ki te kreye yo" . Rezon ki fè ke nou egziste se pou glwa Bondye. Chak fwa nou ranplase glwa Bondye pa pwòp glwa pa nou, nou pedi vre sans lavi a. Bondye di nou nan Matye 16 :24-25 , Si yon moun ta vini apre mwen, li dwe renye tèt li epi pran kwa li pou li suiv mwen. Paske nenpòt moun ki vle sove lavi li ap pèdi li, men nenpòt moun ki pedi lavi li pou mwen, li ap jwenn li » epi nan som 37 :4 li di nou anko "Pran plezi w nan fe volonté Bondye , epi li ap ba w tout sa kè ou dezire."

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Ki sa ki sans lavi a?
© Copyright Got Questions Ministries