settings icon
share icon
Kesyon

Ki jou ki Saba a, Samdi oswa Dimanch?

Repons


Yo souvan di ke "Bondye te tabli jou repo a nan jaden Edenn lan" akoz koneksyon ki genyen ant Saba a ak kreyasyon an nan Egzòd 20:11. Menm si repo Bondye te pran nan setyèm jou a (Jenèz 2:3) te pwononse yon lwa saba ki te gen pou vini, pa gen okenn rapò (evidans) biblik sou jou repo a anvan moun pèp Izrayèl yo te kite peyi Lejip la. Pa gen okenn kote nan Bib la ki fè alizyon kote te gen moun ki te pratike Saba a soti nan Adan pou rive sou Moyiz.

Pawòl Bondye a fè li byen klè ke obsèvasyon jou Saba a se te yon siy espesyal ant Bondye ak pèp Izrayèl la: "Se tout pèp la nèt ki pou respekte jou repo a de pitit an pitit. Se yon kontra ki la pou tout tan. Sa va yon siy ant mwen menm ak pèp Izrayèl la, paske mwen menm, Seyè a, mwen te pran sis jou pou m' fè syèl la ak latè a. Sou setyèm jou a mwen te sispann travay, mwen te pran repo."(Egzòd 31:16-17).

Nan Deteronòm 5, Moyiz repete dis (10) kòmandman yo bay pwochen jenerasyon pèp Izrayèl la. Nou wè apre Moyiz te fin bay kòmandman pou obsève Saba a nan vèsè 12-14, Moyiz te bay rezon ki fè Bondye te bay pèp Izrayèl la Saba a: "N'a toujou chonje se esklav nou te ye nan peyi Lejip la. E se mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, ki te vin delivre nou ak fòs ponyèt mwen, ak gwo kouraj mwen. Se poutèt sa, Seyè a, Bondye nou an, te pase nou lòd pou nou pa bliye jou repo a." (Detewonòm 5:15).

Entansyon Bondye lè li te bay pèp Izrayèl la jou Saba a se pou ke yo ta sonje kreyasyon an, men anplis pou ke yo ta sonje ke yo te nan esklavaj nan peyi Lejip men Seyè a te delivre yo. Sonje egzijans pou kenbe Saba a: Yon moun ki plase anba lalwa Saba a pa te ka kite kay li nan jou Saba a (Egzòd 16:29), li pat kapab sanble yon dife (Egzòd 35:3), epi li pat kapab lakòz lòt moun travay (Detewonòm 5:14). Yo te dwe touye moun ki pa respekte lalwa Saba a (Egzòd 31:15; Resansman 15:32-35).

Lè nou egzamine pasaj nan Nouvo Testaman an, li montre nou kat (4) pwen enpòtan: 1) Chak fwa Kris la te parèt apre li te fin resisite, jou a mansyone, se toujou premye jou nan semèn nan (Matye 28:1, 9, 10; Mak 16:9 ; Lik 24:1, 13, 15; Jan 20:19, 26). 2) Sèl lè Saba a mansyone soti Travay Apot pou rive nan Revelasyon, se toujou yon okazyon ki gen rapò ak evanjelizasyon Jwif, sa souvan fèt nan yon sinagòg (Travay chapit 13-18). Pòl te ekri, "Lè m'ap travay nan mitan moun ki jwif, mwen viv tankou yon jwif" (1 Korent 9:20). Pòl pat ale nan sinagòg la pou li reyini ak edifye pèp Bondye a, men pito pou li te konvenk epi sove sa ki te pèdi yo. 3) Apre Pòl di, "Depi koulye a m'ap vire kò m' bò kot moun ki pa jwif yo." (Travay 18:6), apre sa yo pa janm mansyone jou repo a ankò. 4) Olye pou yo sijere aderans nan jou Saba a, rès Nouvo Testaman an pale kontrè de sa (gen yon eksepsyon pou twazyèm pwen an (3e), ki mansyone nan Kolosyen 2:16).

Si nou gade pi prè nan katriyèm (4e) pwen an pi wo, l’ap revele ke pa gen okenn obligasyon pou kwayan nan Nouvo Testaman kenbe jou repo a, epi l’ap montre nou tou ke lide jou Dimanch la se " jou repo Kretyen" yo pa nan Bib la. Jan nou te diskite anlè a, gen yon sèl fwa jou repo a te mansyone apre Pòl te kòmanse konsantre sou moun lòt nasyon yo (Janti yo), "Se sak fè, pa kite pesonn kritike nou pou sa n'ap manje, pou sa n'ap bwè, pou jou nou mete apa pou fè fèt, pou fèt lalin nouvèl, osinon pou jou repo. Tou sa se lonbraj bagay ki te gen pou vini yo; bagay tout bon yo se nan Kris la yo ye. " (Kolosyen 2:16-17). Jou repo Jwif yo te aboli sou kwa a kote Kris la te "anile prensip (lòd la) la ki te ekri a, ak règleman li yo" (Kolosyen 2:14).

Lide sa a repete plis pase yon fwa nan Nouvo Testaman an: "M'ap pran yon lòt egzanp: Gen moun ki kwè gen jou ki pi konsekan pase lòt. Gen lòt ki di tout jou se menm. Se pou chak moun gen konviksyon pa yo. Moun ki kwè yon jou pi konsekan pase lòt, li fè sa pa respè pou Mèt la menm jan ak moun ki manje tout manje a, li fè sa pa respè pou Mèt la paske li di Bondye mèsi pou manje a. Moun ki pa manje tout manje a, li fè sa tou pa respè pou Mèt la, paske li menm tou, li di Bondye mèsi."(Romans 14:5-6a). "Men, koulye a nou rive konn Bondye, ou pito koulye a Bondye konnen nou, kouman nou fè vle tounen al jwenn ti lespri sa yo ki tou fèb, tou mizerab? Ki jan pou nou vle tounen esklav yo ankò? Ki jan fè gen jou, gen mwa, gen sezon, gen lanne ki gen pi konsekan pou nou pase lòt?" (Galat 4:9-10).

Men, gen kèk reklamasyon ke gen moun fè ki di ke daprè yon desizyon (manda) ke Constantine te pran nan 321 A.D. "chanje" jou repo a soti Samdi pou Dimanch. Nan ki jou premyè legliz la te konn rankontre pou adore? Bib la pa janm mansyone kote pyès Kretyen te konn reyini ansanm nan jou Saba (Samdi) oubyen pou adore. Sepandan, gen pasaj klè ki mansyone premye jou nan semèn nan. Pa egzanp, Travay 20:7 deklare ke "Premye jou nan senmenn lan, nou te reyini nan aswè pou n' te separe pen an ansanm." Nan 1 Korent 16:2 Pòl ankouraje kwayan Korentyen yo "Chak premye jou nan senmenn lan, se pou chak moun mete yon ti lajan apa dapre sa yo te fè." Pliske Pòl dezire ofrann nan kòm "sèvis" nan 2 Korent 9:12, koleksyon sa a ta dwe lye avèk sèvis adorasyon Kretyen yo nan Dimanch. Istorikman, se Dimanch, se pa Samdi, ki te jou rasanbleman Kretyen yo nan legliz la, nou ka trase pratik soti depi nan premye syèk la.

Bondye te bay pèp Izrayèl la jou repo a, li pa te bay legliz la li. Saba a se toujou Samdi, se pa dimanch, e li pa janm chanje. Men, Saba a se yon pati nan Lwa nan Ansyen Testaman an, Kretyen yo libere soti anba esklavaj la Lwa a (Galat 4:1-26; Romans 6:14). Obsève jou Saba a pa yon obligatwa pou Kretyen yo "kit li Samdi oswa Dimanch. Premye jou nan semèn nan, Dimanch, Jou Seyè a (Revelasyon 1:10) selebre Nouvo Kreyasyon an, ak Kris la ki te resisite kòm tèt (lidè) nou. Nou pa gen obligasyon pou nou swiv jou repo (Saba) Mozayik la "nou kapab repoze, men kounye a nou lib pou nou swiv Kris la ki te leve vivan an. Apot Pòl te di ke chak Kretyen dwe deside endividyèlman si yo vle obsève yon jou repo, "M'ap pran yon lòt egzanp: Gen moun ki kwè gen jou ki pi konsekan pase lòt. Gen lòt ki di tout jou se menm. Se pou chak moun gen konviksyon pa yo." (Women 14:5). Nou dwe adore Bondye chak jou, pa sèlman nan Samdi oswa Dimanch.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Ki jou ki Saba a, Samdi oswa Dimanch? Èske Kretyen yo dwe obsève jou saba a?
© Copyright Got Questions Ministries