settings icon
share icon
Kesyon

Èske Jezi Kris te resisite vre?

Repons


Bib la ba nou bon prèv ke Jezi Kris te resisite, li soti vivan tout bon vre nan lanmò. Nou jwenn enfòmasyon sou rezirèksyon Kris la ekri nan Matye 28:1-20; Mak 16:1-20; Lik 24:1-53; ak Jan 20:1-21:25. Apre Kris la te fin resisite, li te parèt tou nan liv Travay la (Travay 1:1-11). Nou ka wè nan pasaj sa yo ke nou jwenn plizyè «prèv» ki di nou ke Kris la te resisite. Premyeman, an nou konsidere nan fason ke disip yo te ye epi jan yo te chanje vit. Yo te yon gwoup moun ki te fenyan epi ki te nan kache, men sibitman yo te chanje, yo te vin gen kouraj pou yo te temwaye epi pataje levanjil la nan tout mond lan. Kisa ankò ki ka pwouve rezon ki lakòz disip yo chanje vit konsa si se pat Kris la kite leve vivan epi li te fè disip yo wè li apre li te fin leve?

Dezyèman rezon an se lavi apot Pòl. Ki sa ki te chanje’l, li menm kite yon moun ki te konn pèsekite legliz pou li devni yonn nan apòt pou legliz la? Se te lè Kris la ki te leve vivan nan lanmò a te parèt devan li sou wout ki ale Damas la (Travay 9:1-6). Twazyèman, yon lòt prèv nou genyen ankò se kavo li te antere a ki te vid. Si Kris la pat leve soti vivan, ebyen, kote kò li ye? Disip yo ak lòt moun te wè kavo a kote li te antere a. Lè yo te retounen, kò li pat la. Zanj yo te deklare ke li te leve vivan nan lanmò jan li te di a (Matye 28:5-7). Katriyèman, prèv anplis nou genyen sou rezirèksyon Kris la se ke li te parèt devan yon pakèt lòt moun (Matye 28:5, 9, 16-17; Mak 16:9; Lik 24:13-35; Jan 20:19, 24, 26-29, 21:1-14; Travay 1:6-8; 1Korent 15:5-7).

Yon lòt prèv nan rezirèksyon Jezi a se gwo kantite enpòtans apot yo te bay rezirèksyon Jezi a. Yon pasaj kle nou jwenn sou rezirèksyon Kris la se nan 1Korent 15. Apot Pòl eksplike nou nan chapit sa a poukisa li enpòtan pou nou konprann epi kwè nan rezirèksyon Kris la. Rezirèksyon an enpòtan pou rezon sa yo: 1) Si Kris la pat leve soti vivan nan lanmò, nou menm ki kwè pa tap resisite non plis (1Korent 15:12-15). 2) Si Kris pat leve soti vivan nan lanmò, sakrifis li te fè pou peche nou yo pa tap sèvi anyen (1Korent 15:16-19). Rezirèksyon Jezi a te pwouve ke Bondye te aksepte lanmò li kòm yon sakrifis (ekspyasyon) pou peche nou yo. Si li te senpleman mouri epi li te rete mouri, sa tap vle di sakrifis li a pat ase. Sa tap lakòz ke moun ki kwè yo pa tap jwenn padon pou peche yo, epi lè yo mouri yo pa tap espwa pou yo resisite (1Korent 15:16-19). Sa ki rele lavi etènèl la pa tap egziste (Jan 3:16). « Men koulye a, Kris la leve soti vivan nan lanmò a, konsa li bay garanti tout moun ki mouri gen pou leve vivan ankò» (1 Korent 15:20 NAS).

Finalman, nou sèten ke tout moun ki kwè nan Jezi Kris ap leve soti vivan pou ale viv lavi ki pap janm fini an menm jan Jezi te leve a (1Korent 15:20-23). 1Korent 15 kontinye pou li dekri ki jan rezirèksyon Kris la pwouve viktwa li sou peche epi li ba nou pouvwa pou nou viv viktoryezman sou peche (1Korent 15:24-34). Li dekri ki kalite kò gloriye nap genyen lè nou resisite (1Korent 15:35-49). Li di konsa, akoz Kris la te leve vivan nan lanmò, tout moun ki kwè nan li gen viktwa final sou lanmò (1Korent 15:50-58).

Rezirèksyon Kris la se yon verite ekstra òdinè! «Konsa, frè m’yo, kenbe fèm, pa brannen. Se pou n’toujou pi cho nan travay Seyè a, paske nou konnen travay n’ap fè pandan n’ap viv ansanm ak Seyè a p’ap janm pèdi» (1Korent 15:58). Selon Bib la, Kris la te resisite tout bon vre. Nou jwenn nan Bib la ke Kris la resisite, te gen plis pase 400 moun ki te temwen, yo te wè li vivan epi moun sa yo kontinye pou pratike prensip (doktrin) fwa Kretyen yo. Yo baze doktrin yo a sou evidans istorik ke yo sou rezirèksyon Jezi a.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Èske Jezi Kris te resisite vre?
© Copyright Got Questions Ministries