settings icon
share icon
Kesyon

Èske li aksepte pou’w kontinyèlman repete lapriyè pou menm bagay la?

Repons


Nan Lik 18:1-7, Jezi itilize yon parabòl pou ilistre enpòtans pou pèsevere nan lapriyè. Li rakonte istwa yon vèv ki te vin kote yon jij enjis ki t’ap chache jistis kont advèsè li yo. Paske nan pèseverans li nan lapriyè, jij la te gen lapenn. Sa Jezi vle nou konprann se ke si yon jij enjis ka reponn ak repetisyon yon moun ki pèsevere nan yon demann pou jistis, kijan an plis ke Bondye a ki renmen nou, nou menm ki moun li - "chwazi yo" (v. 7) -pap reponn lapriyè nou lè nou kontinye priye? Parabòl la pa anseye menm jan anpil moun anseye sa pa erè, ke si nou priye pou yon bagay tout tan, Bondye ap oblije ba nou li. Olye de sa, Bondye pwomèt pou vanje moun pa li yo, pou revandike yo, korije sa yo fè yo ki mal, fè yo jistis, e delivre yo anba advèsè yo. Li fè sa akoz de jistis li, sentete li, epi li rayi peche; nan reponn lapriyè, Li kenbe pwomès Li yo epi montre pouvwa li.

Jezi bay yon lòt egzanp sou lapriyè nan Lik 11:5-12. Menm jan ak parabòl jij enjis la, mesaj Jezi a nan pasaj sa a se ke si yon moun ap deranje tèt li pou ede yon zanmi ki nan nesesite, Bondye ap pran swen bezwen nou plis ke nou panse, paske pa gen okenn demann ki se yon deranjman pou li. Isit la ankò, pwomès la se pa ke nou pral resevwa tou sa nou mande si nou jis kontinye mande. Pawòl Bondye a bay pitit li yo se yon pwomès pou satisfè bezwen nou yo, se pa sa nou vle. Epi li konnen bezwen nou yo pi byen pase nou. Menm pwomès sa a repete nan Matye 7:7-11 ak nan Lik 11:13, kote li eksplike "bon kado a" se Sentespri a.

Tou de (2) pasaj sa yo ankouraje nou pou’n priye e kontinye priye. Pa gen anyen ki mal pou’n kontinye mande menm bagay la. Depi sa w’ap priye pou li a nan volonte Bondye (1 Jan 5:14-15), kontinye mande Bondye pou’l agreye demann ou an oswa retire dezi a nan kè ou. Pafwa Bondye fòse nou pou tann yon repons pou lapriyè nou yo pou anseye nou pasyans ak pèseverans. Pafwa nou mande yon bagay men lè pou Bondye akòde li a nan lavi nou poko rive. Pafwa nou mande pou yon bagay ki pa volonte Bondye pou nou, e li di "non." Lapriyè se pa sèlman prezante demann nou bay Bondye; Se Bondye ki prezante volonte li nan kè nou. Kontinye mande, kontinye frape, e kontinye chache jiskaske Bondye reponn demann ou an oswa konvenk ou ke demann ou an pa nan volonte li pou ou.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Èske li aksepte pou’w kontinyèlman repete lapriyè pou menm bagay la?
© Copyright Got Questions Ministries