settings icon
share icon
Kesyon

Ki enpòtans repa Seyè a genyen / Kominyon Kretyen yo?

Repons


Yon etid sou Repa Seyè a se yon eksperyans ki fè nanm an mouvman paske gen anpil pwofondè ak siyifikasyon ladan li. Se te pandan selebrasyon fèt Pak la, yon fèt ki la lontan, nan lavyèj jou lanmò li a ke Jezi te etabli yon nouvo definisyon sou fason pou nou di Bondye mèsi ak pou nou pase moman youn ak lòt ke nou kontinye obsève jodi a. La kominyon se yon bagay ki entegre nan adorasyon Kretyen yo. Li ede nou sonje lanmò Seyè nou an ak rezirèksyon li an, epi tou pou fikse je nou sou lè l’ap retounen nan tout bèl pouvwa li a.

Fèt Pak la se fèt ki te pi sakre nan relijyon Jwif la. Li te komemore dènye epidemi ki te tonbe sou pèp Ejip la lè tout premye pitit Ejipsyen yo te mouri a epi Bondye te epanye Izrayelit yo paske san ti mouton an ki te sou lento pòt yo a. Apre sa, yo te boukannen ti mouton an, yo te manje li ak pen san ledven. Bondye te pase yo lòd pou yo te selebre fèt sa nan tout jenerasyon yo. W’ap jwenn istwa sa a nan Egzòd 12.

Pandan Dènye Soupe a, yon selebrasyon fèt Pak, Jezi te pran yon moso pen epi li te remèsye Bondye. Lè Jezi te kase pen an, li bay disip li yo, li di: " Apre sa, li pran pen, li di Bondye mèsi, li kase li. Li ba yo l', epi li di yo: Sa se kò mwen. Se mwen menm ki bay li pou nou. Se pou nou fè sa pou nou ka toujou chonje mwen. Menm jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo gode diven an. Li di yo: Gode sa a, se nouvo kontra Bondye pase ak moun. Se avèk san m' ki koule pou nou an li siyen l'."(Lik 22:19-21) . Li tèmine selebrasyon an ak yon kantik (Matye 26:30), epi yo te soti nan lannwit lan pou ale nan Mòn Oliv la. Se te la ke Jida te trayi Jezi a, jan pawòl la te di sa a. Nan demen yo te kloure li sou kwa.

Nou jwenn enfòmasyon sou Soupe Seyè a nan Levanjil yo (Matye 26:26-29; Mak 14:17-25; Lik 22:7-22; ak Jan 13:21-30). Apot Pòl te ekri sou Repa Seyè a nan 1 Korent 11:23-29. Pòl ajoute yon deklarasyon ke nou pa jwenn nan Levanjil yo: "Se poutèt sa, si yon moun manje pen Seyè a, osinon li bwè nan gode Seyè a yon jan ki pa konvenab, moun sa a koupab, paske li peche ni kont kò Seyè a ni kont san li an. Se pou chak moun egzaminen tèt yo byen anvan. Se konsa y'a mèt manje pen sa a, y'a mèt bwè nan gode sa a. Si yon moun manje pen sa a, si l' bwè nan gode sa a san li pa rekonèt rapò pen an ansanm ak diven an gen avèk kò Seyè a, se rale l'ap rale yon jijman sou tèt li lè l'ap manje pen an ak lè l'ap bwè nan gode a." (1 Korent 11:27-29). Nou ka mande kisa sa vle di pou nou patisipe nan pen an ak gode a "nan yon mannyè ki pa diy". Sa ka vle di ke nou pa respekte vrè siyifikasyon pen an ak gode a epi tou nou bliye gwo pri Sovè nou an te peye pou sali nou. Oswa li ka vle di ke yo pèmèt seremoni an vin yon seremoni san valè, yon bagay nou fè selon yon koutim oswa pou nou vini nan Repa Seyè a san nou pa konfese peche nou. Lè nou kenbe ansèyman Pòl la, nou dwe egzamine tèt nou anvan nou manje pen an ak bwè nan gode a (nou patisipe nan lasentsèn).

Yon lòt deklarasyon Pòl te fè ki pa enkli nan Levanjil yo se : "Se konsa, chak fwa n'ap manje pen sa a, chak fwa n'ap bwè nan gode sa a, se lanmò Kris la n'ap anonse jouk jou Seyè a gen pou l' vini an." (1 Korent 11:26). Sa a mete yon limit sou seremoni an, se yon bagay n’ap fè jouk Seyè nou an retounen. Nou aprann nan pawòl sa yo kijan Jezi itilize de (2) bagay ki senp kòm senbòl kò li ak san li pou inisye yo pou vini yon moniman sou lanmò li. Li pat yon moniman ke yo te fè nan yon mab oswa kwiv, men li te fèt ak pen epi diven.

Li te deklare ke pen an se te kò li ki t’ap kase. Pat gen yon zo kase, men yo te tèlman tòtire kò li, seryezman li te difisil pou’w ta rekonèt li (Sòm 22:12-17; Ezayi 53:4-7). Diven an te pale de san l', ki endike lanmò tèrib la Li ta pral fè eksperyans la. Li menm, Pitit Gason Bondye pafè a, te vin akonpli tout pwofesi yo fè nan Ansyen Testaman an konsènan yon Redanmtè (Jenèz 3:15; Sòm 22; Ezayi 53). Lè li te di, "Fè sa a nan memwa mwen," Li te vle di sa a se te yon seremoni ki dwe kontinye nan tan kap vini an. Li te endike tou ke fèt Pak la, ki te mande lanmò yon ti mouton, epi ki t’ap tann pou Mouton Bondye a vini ki ta pran peche mond lan, yo te akonpli nan Repa Seyè a. Nouvo Kontra a ranplase Ansyen Kontra a lè Kris la, ti Mouton fèt Delivrans lan (1 Korent 5:7), te sakrifye (Ebre 8:8-13). Ansyen sistèm sakrifis la pat nesesè ankò (Ebre 9:25-28). Repa Seyè a / Sentsèn se yon bagay ki fè nou sonje sa Kris la te fè pou nou, epi li se yon selebrasyon pou sa nou resevwa kòm yon rezilta pou sakrifis li a.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Ki enpòtans repa Seyè a genyen / Kominyon Kretyen yo?
© Copyright Got Questions Ministries