settings icon
share icon
Kesyon

Kijan mwen ka ranpli ak Sentespri a?

Repons


Jan 14:16 se yon vèsè enpòtan ki ka ede nou konprann kisa ki ranpli nan Sentespri a. Jezi te pwomèt nan vèsè sa a ke Lespri Bondye a t’ap abite nan kwayan yo, epi li t’ap rete pèmanan nan yo. Li enpòtan pou yo fè distenksyon ant lè yon moun ranpli ak Sentespri ak lè Lespri a rete nan yon moun. Sentespri pa rete sèlman nan kèk kwayan ke li chwazi, li rete nan tout moun ki kwè yo. Gen anpil vèsè nan Bib la ki sipòte konklizyon sa a. Premyèman, Sentespri a se yon kado ki bay pou tout moun ki kwè nan Jezi san okenn eksepsyon, epi pa gen okenn kondisyon yo mete sou kijan pou yon moun jwenn kado a eksepte gen lafwa nan Kris la (Jan 7:37-39). Dezyèmman, nou resevwa Sentespri a nan moman delivrans nou an (Efezyen 1:13). Galat 3:2 mete aksan sou menm verite sa a, li di ke Sentespri vin abite nan nou epi mete so li sou nou nan menm moman nou kwè. Twazyèmman, Sentespri a rete nan kwayan yo pèmanan. Antanke moun ki kwè, nou resevwa Sentespri a kòm yon avalwa, oswa pou verifye laglwa nan lavni nou genyen nan Kris la (2 Korent 1:22; Efezyen 4:30).

Sa a se yon eklèsisman sou zafè ranpli nan Sentespri a ke nou jwenn referans nan Efezyen 5:18. Nou dwe lage tèt nou nèt bay Sentespri pou li ka gen kontwòl nou konsa l’ap ranpli nou. Women 8:9 ak Efezyen 1:13-14 deklare ke li rete nan tout kwayan, men li ka tris (Efezyen 4:30), epi nou ka detwi aktivite li nan nou (1 Tesalonisyen 5:19). Lè nou pèmèt sa a rive, nou pa fè tout eksperyans travay Sentespri a ak pouvwa li nan nou. Ranpli ak Sentespri a vle di pou nou ba li libète pou li rete nan tout pati nan lavi nou, gide nou epi kontwole nou. Lè sa a, pouvwa li ka fè egzèsis nan nou pou ke sa nou fè pote anpil fwi pou Bondye. Ranpli ak Sentespri a pa aplike sèlman sou deyò; li aplike tou nan panse entim nou yo ak sa ki motive aksyon nou yo. Sòm 19:14 di: «Seyè, se ou ki twou wòch kote m' kache a, se ou ki delivrans mwen, mwen mande ou pou pawòl ki soti nan bouch mwen, ak lide k'ap travay nan tèt mwen fè ou plezi.»

Peche se sa ki anpeche nou ranpli nan Sentespri a, epi obeyisans nan Bondye se konsa nou ka ranpli nan Lespri Bondye. Efèz 5:18 rekòmande nou pou nou ranpli ak Lespri a; sepandan, Pou nou ranpli ak Senespri a se pa annik nou lapriye nou lapriye epi sa rive. Se sèlman obeyisans nou nan kòmandman Bondye yo ki pèmèt Lespri a gen libète pou travay nan nou. Paske nou toujou enfekte ak peche, li enposib pou nou ranpli ak Lespri a tout tan. Lè nou peche, nou ta dwe konfese li bay Bondye imedyatman epi nou renouvle angajman an pou nou vin plen ak Lespri Bondye ki pou dirije nou.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kijan mwen ka ranpli ak Sentespri a?
© Copyright Got Questions Ministries