settings icon
share icon
Kesyon

Kisa ranplasman ekspyasyon an ye?

Repons


Tèm ranplasan ekspyasyon an refere a Jezi Kris ki te mouri nan plas tout pechè yo. Bib la anseye nou ke tout moun se pechè (Women 3:9-18, 23). Sanksyon pou peche nou yo se lanmò. Women 6:23 di konsa : «Peche peye nou kach: li ba nou lanmò; men kadò Bondye ba nou gratis la, se lavi ansanm ak Jezikri, Seyè nou an, yon lavi ki p'ap janm fini.»

Vèsè sa a anseye nou plizyè bagay. San Kris la, nou ta pral mouri epi pase yon letènite nan lanfè pou peye pou peche nou yo. Lè nou wè lanmò nan Bib la, yo refere a yon “separasyon.” Tout moun gen pou mouri, men gen moun ki pral viv nan syèl la ak Seyè a pou letènite, pandan ke gen lòt moun ki pral viv nan lanfè pou letènite. Tip de lanmò ke Bib la pale nan vèsè sa a refere a yon lavi nan lanfè. Sepandan, dezyèm bagay vèsè sa a anseye nou se ke gen lavi etènèl ki disponib atravè Jezi Kris. Se sa a ki rele li ranplase nan ekspyasyon an (Jezi peye dèt nou yo).

Jezi Kris te mouri nan plas nou lè li te kloure sou kwa a. Nou te merite pou yo te kloure nou sou kwa sa a pou nou te mouri paske se nou menm lèzòm ki t’ap viv nan peche. Men Kris te pran pinisyon an sou tèt li nan plas nou. Li te ranplase tèt li pou nou epi li te pran sò nou te merite a. « Kris la pat janm fè okenn peche, men Bondye fè li pran sò nou sou li, yo trete li tankou yon moun ki fè peche. Konsa, lè nou fè yon sèl kò ak Kris la, Bondye fè nou gras » (2 Korent 5:21).

Daprè 1 Pyè 2:24 «Kris la te pote peche nou yo nan kò li sou kwa a, pou nou te kapab mouri annegad peche, pou nou te ka viv dwat devan Bondye. Li te kite yo maltrete li pou li te ka geri nou». Isit la ankò nou wè ke Kris la te pran peche nou komèt yo sou tèt li pou peye pri a pou nou. Lè nou kontinye li nan liv Pyè a nou jwenn : «Paske, Kris la menm mouri yon sèl fwa pou peche nou yo, li p'ap janm mouri ankò. Li menm ki t'ap mache dwat devan Bondye, li mouri pou moun ki pa t'ap mache dwat yo, pou li te ka mennen nou bay Bondye. Li te mouri nan kò li, men ak pouvwa Lespri Bondye a, li leve vivan ankò » (1 Pyè 3:18). Vèsè sa yo pa sèlman anseye nou sou ranplasan ke Kris la te fè pou nou, men tou yo anseye ke li te repare dèt nou yo, sa vle di ke sakrifis li a te pou peche nou yo te satisfè Bondye.

Yon lòt pasaj ki pale sou zafè ranplasman ekspyasyon an se Ezayi 53:5. Vèsè sa a pale sou Kris la ki t’ap vini ki te mouri sou kwa a pou peche nou yo. Pwofesi a byen klè, krisifiksyon an te rive jan profèt la te di a. «Men, se pou peche nou ki fè yo te mete san li deyò konsa. Se akòz mechanste nou ki fè yo te kraze l' anba kou konsa. Chatiman ki te pou nou an se sou li li tonbe. Se konsa li ba nou kè poze. Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon.» Remake sibstitisyon an. La ankò nou wè ke Kris la peye pri a pou nou!

Pou nou ta peye pri peche nou yo se pou nou ta mouri epi lèsa pou nou ta pini epi ale nan lanfè pou tout letènite. Men, Pitit Bondye a, Jezi Kris, te vin sou tè a pou peye pou pri peche nou yo. Paske li te fè sa pou nou, kounye a nou gen opòtinite pa sèlman ke peche nou yo padone, men tou nou ka pase letènite avèk li. Pou nou ka fè sa, nou dwe mete lafwa nou nan sa Kris te fè sou kwa a. Nou pa ka sove tèt nou; nou bezwen yon ranplasan pou pran plas nou an. Lanmò Jezi Kris la se li menm kite ranplase nou an.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa ranplasman ekspyasyon an ye?
© Copyright Got Questions Ministries