settings icon
share icon
Kesyon

Kisa ki pral rive daprè pwofesi sou fen tan an?

Repons


Bib la pale anpil sou fen tan an. Prèske chak liv nan Bib la gen pwofesi konsènan denye tan an. Lè wap pran tout pwofesi sa yo epi òganize yo ansanm kapab difisil. Nap bay yon ti rezime trè kout nan sa Bib la deklare ki pral rive nan fen tan yo.

Kris la pral retire tout moun ki te fèt denouvo yo sou tè a nan yon evènman ke yo rekonèt kòm Kris ap vini chache fidèl yo (1 Tesalonisyen 4:13-18; 1 Korent 15:51-54). Nan chèz jijman Kris la, kwayan sa yo pral jwenn rekonpans pou bon travay ak sèvis fidèl yo pandan tan yo te fè sou tè a oswa yo pral pèdi rekonpans, men se pa lavi etènèl, pou mank sèvis ak obeyisans (1 Korent 3:11-15; 2 Korent 5:10).

Antikris la (bèt la) pral antre nan pouvwa epi yo pral siyen yon alyans avèk pèp Izrayèl la pandan sèt (7) ane (Danyèl 9:27). Peryòd sèt (7) ane sa a rele "tribilasyon." Pandan tribilasyon an, pral gen lagè tèrib, grangou, kalamite, ak dezas natirèl. Bondye ap vide kòlè li kont peche, mal, ak mechanste. Tribilasyon an ap gen ladan li aparans kat (4) kavalye yo ki nan Apokalips la, ak sèt (7) sele a, twonpèt, ak bòl jijman an.

Apeprè mwatye nan sèt (7) ane yo, antikrist lan pral kraze alyans lapè a avèk Izrayèl epi fè lagè kont li. Antikrist lan pral komèt "dezolasyon ak abominasyon" e lap mete yon imaj tèt li pou adore nan tanp lavil Jerizalèm lan (Danyèl 9:27; 2 Tesalonisyen 2:3-10), ki pral gen tan fin rebati. Dezyèm mwatye nan tribilasyon an se ke yo rekonèt kòm "gwo tribilasyon an" (Revelasyon 7:14) ak "tan pwoblèm Jakòb la" (Jeremi 30: 7).

Nan fen sèt (7) ane tribilasyon an, antikrist lan pral lanse yon dènye atak sou lavil Jerizalèm, abouti nan batay Amagedòn an. Jezikri ap retounen, detwi antikris la ak lame’l yo, epi jete yo nan letan dife a (Revelasyon 19:11-21). Kris la pral lè sa a, mare Satan nan gwo twou san fon an pou 1000 ane epi Li pral gouvène wayòm li sou latè pou yon peryòd mil ane (Revelasyon 20:1-6).

Nan fen mil (1000) ane yo, yo pral lage Satan, men Satan ap pèdi batay la ankò, epi jete nan lak dife (Revelasyon 20:7-10) pou letènite. Kris la Lè sa a, pral jije tout enkwayan yo (Revelasyon 20:10-15) nan gwo jijman an fotèy blan, l’ap jete yo tout nan lak dife a. Kris la pral fè yon nouvo syèl ak yon nouvo tè ak yon nouvo lavil Jerizalèm- kote kwayan yo pral abite pou tout letènite. Pa pral gen okenn peche, lapenn, oswa lanmò (Revelasyon 21-22).

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Kisa ki pral rive daprè pwofesi sou fen tan an?
© Copyright Got Questions Ministries