settings icon
share icon
Kesyon

Poukisa prezans nan legliz la enpòtan?

Repons


Bib la di nou bezwen ale legliz pou nou ka adore Bondye ak lòt kwayan yo epi pou yo anseye nou Pawòl li pou kwasans espirityèl nou an. Premye legliz la "Yo pase tout tan yo ap koute sa apòt yo t'ap moutre yo, yo t'ap viv ansanm tankou frè yonn ak lòt, yo reyini pou separe pen an bay tout moun, epi yo t'ap lapriyè." (Travay 2:42). Nou dwe swiv egzanp komitman yo te genyen. Nou dwe fè menm jan ak yo. Nan epòk premye Kretyen yo, yo pa te gen okenn kay ki te deziyen pou legliz, men "Toulejou, yo tout reyini ansanm nan tanp lan; yo te konn separe pen an bay tout moun nan kay yo, yo te manje ansanm avèk kè kontan san okenn pretansyon."(Travay 2:46). Kèlkeswa kote yo reyini, kwayan yo fè pwogrè nan fè kamaradri (fellowship) youn ak lòt ak ansèyman nan Pawòl Bondye a.

Ale legliz se pa sèlman yon "bon sijesyon;" li se volonte Bondye pou moun ki kwè yo. Ebre 10:25 di nou pa dwe "Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, koulye a pi plis pase anvan, paske nou wè jou Seyè a ap pwoche." Menm nan premye legliz la te gen kèk moun ki te tonbe nan move abitid pa reyini legliz ak lòt kwayan yo. Otè a nan Ebre di ke se pa fason sa li dwe ye. Nou bezwen ankourajman ke nou jwenn legliz la lè ke nou reyini. Dotanplis ke nou konnen ke fen tan ap apwoche, sa dwe fè nou vin gen plis konviksyon pou nou ale legliz.

Legliz la se kote kwayan yo ka renmen youn lòt (1 Jan 4:12), ankouraje youn ak lòt (Ebre 3:13), "motive" youn ak lòt pou renmen ak fè bon travay (Ebre 10:24), sèvi youn ak lòt (Galat 5:13), enstwi youn lòt (Women 15:14), onore youn ak lòt (Women 12:10), epi fè byen, epi genyen konpasyon youn pou lòt (Efezyen 4:32).

Lè yon moun mete konfyans nan Jezi Kris la pou delivrans li, moun sa vini yon manm nan kò Kris la (1 Korent 12:27). Pou yon kò legliz fonksyone byen, tout "pati nan kò" li yo dwe prezan epi ap travay (1 Korent 12:14-20). Li pa ase pou’w sèlman ale legliz; nou dwe patisipe nan kèk ministè pou ede lòt moun, sèvi avèk kado espirityèl Bondye te ba nou yo (Efezyen 4:11-13). Yon kwayan pap janm rive jwenn matirite espirityèl san li pa itilize kado li yo, epi nou tout bezwen asistans ak ankourajman lòt kwayan yo (1 Korent 12:21-26).

Pou rezon sa yo ak plis lòt ankò, prezans legliz la, patisipasyon, ak moman kamaradri (fellowship, lè nou rasanble ansanm) dwe yon bagay ki fèt regilyèman nan lavi yon kwayan. Ale legliz chak semèn pa ta dwe yon sans "obligatwa" pou kwayan yo, men yon moun ki fè pati Kris la ta dwe gen yon dezi pou adore Bondye, pou yo resevwa Pawòl li a ansanm ak lòt kwayan yo.

Jezi se wòch kwen ki nan Legliz la (1 Pyè 2:6), epi nou "Nou menm tou, tankou wòch vivan, kite Bondye sèvi ak nou pou bati kay li a ak pouvwa Sentespri, pou nou ka sèvi l' tankou prèt k'ap viv pou li. Konsa, gremesi Jezikri, n'a ofri bay Bondye ofrann ki soti nan kè nou, ofrann ki pou fè l' plezi" (1 Pyè 2:5). Antanke materyèl ki fè pati "kay espirityèl" Bondye a, nou natirèlman gen yon koneksyon youn ak lòt, epi ke koneksyon sa a evidan chak fwa Legliz la "ale legliz."

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Poukisa prezans nan legliz la enpòtan?
© Copyright Got Questions Ministries