settings icon
share icon
Kesyon

Poukisa nou ta dwe li Bib la / etidye Bib la?

Repons


Nou dwe li ak etidye Bib la paske li se Pawòl li Bondye ban nou. Literalman, Bib la se "Souf-Bondye" (2 Timote 3:16). Yon lòt fason ke nou ka di sa se ke, li se pawòl li Bondye ban nou. Gen anpil kesyon ke filozòf yo poze ke Bondye reponn yo pou nou atravè Bib la. Ki objektif lavi a? Ki kote mwen te soti? Èske gen lavi apre lanmò? Kòman pou mwen ka ale nan syèl la? Poukisa mond lan plen ak sa ki mal? Poukisa pou mwen lite pou m fè sa ki bon? Anplis de "gwo" kesyon sa yo, Bib la bay anpil konsèy pratik nan domèn tankou: Kisa mwen ta dwe chache nan yon konjwen? Kòman maryaj mwen ka genyen siksè? Kòman mwen ka yon bon zanmi? Kijan mwen kapab yon bon paran? Kisa siksè ye epi kijan mwen ka reyalize li? Kòman mwen ka chanje? Kisa ki vrèman enpòtan nan lavi a? Kòman pou mwen viv pou m pa regrèt nan lavi? Kòman mwen ka jere sikonstans enjis yo ak move evènman yo nan lavi viktoryezman?

Nou dwe li ak etidye Bib la paske konte sou li totalman epi li san erè. Bib la inik pami liv sa yo ke yo rele liv "sen" yo, li pa senpleman bay ansèyman moral epi di, « Fè’m konfyans. » Olye de sa, nou gen kapasite pou tèste li pou nou tcheke dè santèn de pwofesi detaye ke li fè, nou ka tcheke istwa istorik yo ke li dekri, ansanm ak enfòmasyon syantifik ke li rapòte yo. Moun yo ki di Bib la gen erè, yo fèmen zòrèy yo pou yo pa tande verite a. Yon fwa Jezi te mande, kisa ki pi fasil pou’w di, "peche ou yo padone ou," oswa "Leve non, pran kabann ou epi mache." Lè sa a, Jezi te pwouve ke li te gen pouvwa pou padonnen peche (yon bagay nou pa ka wè ak je nou) lè li te geri paralizi a (yon bagay ke moun ki te bò kote li yo te kapab wè ak je yo). Menm jan an tou, nou jwenn asirans ke Pawòl Bondye a se laverite lè li pale sou domèn espirityèl ke nou pa ka teste ak sans nou yo, lè li montre nou verite a nan domèn sa yo ke nou ka wè oubyen teste, tankou presizyon istorik, presizyon syantifik, ak presizyon pwofetik.

Nou dwe li ak etidye Bib la paske Bondye pa chanje epi paske nati lezòm pa chanje; li toujou gen menm enpòtans pou nou menm jan li te ye lè li te ekri a. Pandan ke teknoloji chanje, nati lezòm ak dezi yo pa chanje. Lè nou li nan istwa biblik yo, kit nou ap pale de relasyon yon moun ak yon lòt moun oswa tout yon sosyete, "pa gen anyen nouvo anba solèy la" (Eklezyas 1: 9). Pandan ke lezòm toutantye ap kontinye chache lanmou ak satisfaksyon nan tout move kote yo, Bondye - bon kreyatè a pa pitye , li di nou kisa k’ap banou lajwa k’ap dire lontan an. Pawòl devwale li a, Bib la, si tèlman enpòtan men sa Jezi te di sou li, "Moun pa kapab viv ak manje ase. Yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Bondye tou." (Matye 4: 4). Si nou vle viv lavi a konplè, jan Bondye te gen entansyon pou sa, nou dwe koute epi swiv sa Pawòl Bondye a (Bib la) di nou.

Nou dwe li epi etidye Bib la paske gen anpil fo ansèyman. Bib la ban nou yon mezi kote nou ka distenge laverite ak sa ki erè. Li di nou ak kisa Bondye sanble. Lè ou gen yon move enpresyon de Bondye sa fè’w adore yon zidòl oswa fo bondye. N’ap adore yon bagay ki pa Bondye. Bib la di nou kijan yon moun vrèman ale an syèl la, epi se pa paske moun nan bon oswa pa batèm oswa pa nenpòt lòt bagay nou fè (Jan 14: 6; Efezyen 2: 1-10; Ezayi 53: 6; Women 3:10) -18, 5: 8, 6:23, 10: 9-13). Atravè pasaj sa yo, Pawòl Bondye a montre nou jis konbyen Bondye renmen nou (Women 5: 6-8; Jan 3:16). Epi li se nan aprann sa yo ke n’ap vini renmen li an retou (1 Jan 4:19).

Bib la fòme nou pou nou sèvi Bondye (2 Timote 3:17; Efezyen 6:17; Ebre 4:12). Li ede nou konnen kijan nou ka sove anba peche nou yo ak tout konsekans li yo (2 Timote 3:15). Lè nou medite sou Pawòl Bondye a ak obeyi ansèyman li yo, y’ap pote siksè nan lavi (Jozye 1: 8; Jak 1:25). Pawòl Bondye a ede nou wè peche nan lavi nou epi ede nou debarase nou de yo (Sòm 119: 9, 11). Li ban nou konsèy nan lavi, sa ki fè nou gen plis bon konprann pase pwofesè nou yo (Sòm 32: 8, 119: 99; Pwovèb 1: 6). Bib la kenbe nou pou nou pa gaspiye ane nan lavi nou sou bagay ki pa gen enpòtans ki pa pral dire (Matye 7: 24-27).

Le nou lii ak etidye Bib la, li ede nou wè pi lwen pase "pyèj" ki atache nan "zen" douloure a nan tantasyon peche, pou nou ka aprann nan erè lòt yo olye pou nou fè menm erè yo. Eksperyans se yon gwo pwofesè, men pou sa ki konsène aprann sou peche, li se yon move pwofesè. Li pi bon pou nou aprann nan erè lòt moun. Gen anpil karaktè biblik ke nou ka aprann de yo nan, kèk nan yo kapab sèvi kòm modèl pozitif ak negatif nan diferan moman nan lavi nou. Pou egzanp, David, nan defèt Golyat la, Bondye anseye nou ke li pi gran pase tout bagay li mande nou konfronte (1 Samyèl 17), pandan ke li bay legen anba tantasyon epi fè adiltè ak Bathsheba revele kijan ke konsekans terib yon ti moman nan peche ka dire lontan (2 Samyèl 11).

Bib la se yon liv ki pa senpleman pou lekti. Li se yon liv pou’n etidye pou’n ka aplike li. Sinon, li se tankou yon manje ou vale san ou pa moulen li epi ou krache li tounen soti ankò. Lè sa’a ou pa jwenn okenn valè nitrisyonèl ladan li. Bib la se Pawòl Bondye a. Konsa, li obligatwa menm jan ak lwa lanati. Nou ka inyore li, men nou fè sa pou detriman pwòp tèt nou, menm jan nou ta si nou inyore lwa gravite a. Nou pa ka mete aksan plis ankò sou kijan Bib la enpòtan nan lavi nou. Nou ka konpare etidye Bib la ak yon min lò re w’ap fouye. Si nou fè ti kras efò epi senpleman "pase nan ti wòch yo nan yon kouran dlo a," n’ap jwenn sèlman yon ti pousyè lò. Men, plis nou fè yon efò reyèlman fouye nan Bib la, n’ap jwen plis rekonpans pou efò nou yo.

English



Retounen nan paj prensipal Kreyòl Ayisyen-an

Poukisa nou ta dwe li Bib la / etidye Bib la?
© Copyright Got Questions Ministries